Deklarasyon Dwa Kontribyab 3: Dwa pou ou Pa Peye Plis pase Montan Enpo ki Kòrèk la

Deklarasyon Dwa kontribyab la (TBOR) se yon dokiman enpòtan ki mete aksan sou 10 dwa fondamanl kontribyab yo genyen lè yo ap trete ak Sèvis Revni Entèn. IRS la vle pou chak grenn kontribyab byen konnen dwa sa yo pou lè y ap gen bezwen travay ak li nan dosye pèsonèl ki gen pou wè ak taks. Piblikman, IRS la ap kontinye mete aksan sou dwa sa yo kontribyab yo genyen. IRS la ap fè rapèl pou anplwaye li yo tou regliyèman konsènan dwa sa yo. IRS la atann li anplwaye li yo ap konprann epi aplike dwa kontribyab yo atravè chak rankont ak kontribyab yo.

Piblikasyon 1 IRS, Dwa Ou antanke yon Kontribyab (an anglè), genyen ladan yon lis dwa kontribyab yo okonplè.

Sa gen ladan Dwa pou ou Pa Peye Plis pase Montan Kòrèk Enpo a.

Kontribyab yo gen dwa peye sèlman montan enpo yo dwe devan lalwa a, sa ki enkli enterè ak penalite yo, ak pou fè IRS la aplike tout pèman enpo yo kòrèkteman.

Kisa ou ka atann:

  • Si ou ta kwè ou peye plis taks pase sa ou ta dwe peye, ou kapab fè yon demann ranbousman; sepandan, gen yon peryòd tan espesifik pou ou fè reklamasyon an. Pou plis enfòmasyon, gade Piblikasyon 556, Ekzaminasyon Deklarasyon yo, Dwa pou Apèl, ak Reklamasyon pou Ranbousman (an anglè).
  • Si ou resevwa yon avi oswa yon fakti epi ou kwè gen yon erè nan li, ekri biwo IRS ki te voye li ba ou a nan peryòd tan yo pèmèt ou fè sa a. Ou ta dwe bay kopi nenpòt ki dosye ki kapab ede korije erè a. Epi tou, ou gendwa rele nimewo ki nan avi oswa fakti a pou ou kapab jwenn èd. Si ou gen rezon, IRS la ap fè ajisteman ki nesesè yo sou kont ou epi l ap voye yon avi ki korije.
  • Si ou ta dekouvri yon erè aprè ou fin fè yon deklarasyon, li gendwa nesesè pou ou ta amande deklarasyon ou an. Ou ta dwe fè yon deklarasyon amande si ta gen yon erè oswa chanjman nan estati deklarasyon ou, revni ou, dediksyon oswa kredi yo. Sepandan, IRS la gendwa korije erè matematik ki genyen nan yon deklarasyon otomatikman, epi li gendwa aksepte deklarasyon ak kèk fòm oswa anèks ki manke. Nan ka sa yo, ou pap bezwen amande deklarasyon taks ou. Si ou pa dakò ak yon ajisteman IRS la fè, ou dwe mande pou IRS retounen sou chanjman an nan entèval 60 jou. Peryòd tan sa a konsève dwa ou pou ou afwonte ajisteman sa a devan yon tribinal si sa nesesè, avan menm ou peye li. 
  • Ou gendwa mande pou montan ou dwe a sòti si li ta depase montan ki kòrèk la devan lalwa, si IRS ta evalye li aprè peryòd lalwa otorize a, oswa evalyasyon an ta fèt ak erè oswa nan vyolasyon lalwa.
  • Ou gendwa mande pou IRS la retire nenpòt ki enterè sou kont IRS ou si IRS la ta lakoz erè oswa reta ki pa rezonab. Pa egzanp, Si IRS la anreta nan reyalize avi mank règleman an akoz anplwaye IRS ki te gen pou fè sa a te absan pandan plizyè mwa li te al nan fòmasyon, epi enterè a te kontinye monte pandan peryòd tan sa a, IRS la gendwa elimine enterè ki gen pou wè ak reta a.
  • Ou gendwa soumèt yon Pwopozisyon Konpwomi, epi mande IRS pou li aksepte pi piti pase montan dèt taks la okonplè, si ou ta kwè ou pa dwe tout oswa yon pati nan dèt la. Itilize Fòm 656-L, Pwopozisyon Konpwomi (an anglè)PDF

Si ou ta rantre nan yon plan pèman, sa yo rele plan vèsman an, IRS sipoze voye yon relve anyèl ba ou. Relve a ap bay balans ak relve pèman ou yo.

Pou ou kapab jwenn plis detay konsènan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo ak enpòtans li gen pou ou, ale sou sitwèb Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) la.

Nan lide pou ogmante kantite ameriken ki konnen epi konprann dwa yon daprè lalwa fiskal la. IRS la mete piblikasyon sa a disponib nan plizyè lang. IRS la gen plis enfòmasyon sou taks nan lòt lang tou. Gade meni “Lang yo” nan pati anba nenpòt ki paj IRS.gov.

IRS la pran angajman li tou pou li pwoteje dwa sivil kontribyab yo. IRS la p ap tolere diskriminasyon ki baze sou laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, konpetans an anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oswa estati antanke paran. Sa gen ladan nenpòt kontak avèk anplwaye IRS yo ak estaf la oswa volontè yon nan sit kominotè yo.

Si yon kontribyab fè fas ak diskriminasyon, li kapab voye yon plent (an anglè)PDF  bay Depatman Dwa Sivil IRS la.

Resous Adisyonèl IRS