Trezò a ak IRS bay kèk règ yo pwopoze sou pwojè pou enèji pou kominote ki gen revni ki fèb yo

IR-2023-107, 31 Me 2023

WASHINGTON — Depatman Trezò a ak Sèvis Revni Entèn te pibliye jodi a pwopozisyon pou Règleman (an anglè) pou envestisè ki ap envesti nan kèk santral pou pwodiksyon elektrisite solè ak ewolyèn.

IRS la te pibliye Avi 2023-17 (an anglè) nan dat 13 fevriye 2023, pou tabli Pwogram Kredi Enpo pou Kominote ki gen revni ki fèb. Avi 2023-17 la te bay premye konsèy pou potansyèl envestisè k ap chèche alokasyon pou limitasyon kapasite solè ak ewolyèn pou ane sivil 2023 nan kad jistis anviwonmantal la.

Dapre pwogram sa a, envestisè k ap envesti nan kèk santral pou pwodiksyon elektrisite solè ak ewolyèn yo ka aplike pou yon alokasyon limitasyon kapasite pou ogmante montan pou yon kredi envestisman nan enèji pou ane kote yo mete santral la an sèvis.

Pwopozisyon pou Règleman yo pibliye jodi a fè apèl ak kòmantè sou kèk definisyon ak egzijans Depatman Trezò a ak IRS la ap konsidere pou yo enkli nan direktiv pwogram kap vini an.

Depatman Trezò a ak IRS la solisite kòmantè alekri oswa elektwonik sou tout aspè règleman yo pwopoze yo anvan 30 jen 2023.

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou paj Lwa sou Rediksyon Enflasyon 2022 (an anglè) IRS.gov la.