Kijan pou jwenn yon ITIN pandan Ou Aletranje

IRS aksepte pou yo voye Fòm W-7, Demand pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl IRS (Individual Taxpayer Identification Number) pa lapòs ansanm avèk dokiman orijinal oswa kopi sètifye dokiman an ki soti nan ajans ki bay dokiman ki pwouve idantite ak estati etranje aplikan ITIN nan. Aplikan yo kapab soumèt W-7 yo a tou lè yo pran yon randevou nan yon Sant Asistans Kontribyab IRS etan yo nan peyi Etazini, oswa atravè yon Ajan Sètifye ki Aksepte aplikasyon yo swa nan peyi Etazini oswa aletranje.

Nan enstriksyon pou ranpli Fòm W-7 la gen yon lis 13 dokiman yo ka itilize pou pwouve estati kòm etranje ak idantite. Yon paspò etranje se sèl dokiman yo ka soumèt poukont li (sètadi, li etabli ni estati kòm etranje ni idantite). Si yo soumèt yon paspò, nan pwen nesesite pou soumèt okenn lòt dokiman. Si yo pa soumèt yon paspò, y ap bezwen yon konbinezon omwen de (2) lòt dokiman, epi omwen youn nan yo fèt pou l gen yon foto, epi fòk yo soumèt li avèk aplikasyon ITIN nan. IRS ap aksepte kopi dokiman orijinal yo, si se yon ajan gouvènman (etranje oswa domestik) ki emèt dokiman yo, ki sètifye kopi yo kòmsadwa. Si w ap bezwen dokiman original ou yo pou nenpòt rezon nan 60 jou apre ou fin soumèt aplikasyon ITIN ou an, ou ka swete aplike an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab IRS oswa CAA. Ou ka chwazi tou pou ou soumèt kopi sètifye ki soti nan ajans livrezon an pito. Note byen: Yo sispann aksepte paspò ki pa gen dat antre ladan l. Pou plis enfòmasyon, gade Enstriksyon pou Fòm W-7 (an anglèPDF).

Seksyon 203 nan Lwa sou Pwoteksyon Ameriken kont Ogmantasyon Enpo (Protecting Americans from Tax Hikes Act), ke yo te pwomilge nan dat 18 Desanm 2015, te gen ladan l dispozisyon ki afekte pwosesis aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl(ITIN) la. Kontribyab yo ansanm ak reprezantan yo fèt pou revize chanjman sa yo, e yo bay plis esplikasyon sou sa nan lyen Kesyon yo Poze Souvan sou Dokiman ITIN yo an, anvan yo reklame yon ITIN.

Referans/Sijè Konèks