Alèjman Anplis IRS la pou Siklòn Ida: dat limit 15 Septanm, 15 Octòb yo, lòt dat ki pwolonje pi lwen pou 3 Janvye pou kèk kote nan Mississippi; dat limit 1ye Novanm nan toujou aplike pou rès Eta a

IR-2021-210, 27 Oktòb 2021

WASHINGTON — Viktim Siklòn Ida nan kèk kote nan Mississippi yo genyen plis tan kounyea – jiska 3 Janvye 2022 – pou yo depoze plizyè deklarasyon enpo pou biznis ak endividyèl ak pou fè peman. Sèvis Revni Entèn nan te anonse sa jodia.

Apre Ajans Federal Jesyon Ijans (FEMA) te fin fè deklarasyon dezas semenn pase a, IRS la ap ofri pwolongasyon alèjman sa a pou pati nan Eta a yo fenk deziyen pou jwenn asistans piblik oswa endividyèl. Anvan sa, IRS te bay alèjman espesyal pou tout Eta Mississippi a, sitou li tou ranvwaye dat limit pou deklarasyon taks ak pou peman taks jiska 1ye Novanm 2021.

Aktyèlman, pwolongasyon alèjman an se pou konte Amite, Claiborne, Copiah, Covington, Franklin, Georgia, Hancock, Harrison, Jackson, Jefferson, Jefferson Davis, Lawrence, Lincoln, Pearl River, Pike, Simpson, Walthall, Wayne ak Wilkinson. Tout jiridiksyon yo ajoute nan deklarasyon FEMA 22 Oktòb la ap benefisye alèjman pwolonje IRS la otomatikman.

Dat limit lan rete 1ye Novanm pou kontribyab ki afekte nan lòt pati Mississippi yo. Aktyèl lis lokalite ki elijib yo toujou disponib sou paj alèjman nan moman dezas la sou IRS.gov.

Nouvo alèjman an ranvwaye plizyè dat limit pou deklarasyon ak peman taks ki t ap rive apati 28 Dawou 2021. Kòm konsekans, endividi ak biznis ki afekte yo ap genyen jiska 3 Janvye 2022 pou depoze tout deklarasyon ak peye tout taks yo te dwe pandan peryòd sa a. Sa vle di, endividi ki te genyen yon pwolongasyon valid pou yo depoze deklarasyon 2020 yo ki te rive 15 Oktòb 2021, ap genyen jiska 3 Janvye 2022 kounyea, pou yo depoze. Sepandan, IRS la te fè konnen, akoz peman ki an rapò ak deklarasyon 2020 sa yo te dwe fèt 17 Me 2021, peman sa yo pa elijib pou alèjman sa a.

Dat limit 3 Janvye 2022 a aplike tou pou peman taks sou revni chak trimès yo ki dwe fèt 15 Septanm 2021 an, ak pewòl trimès epi deklarasyon taks dasiz ki dwe fèt 1ye Novanm 2021. Biznis ki gen yon dat limit orijinal oswa pwolonje genyen tan adisyonèl la tou ansanm avèk, pami lòt, patenarya sou ane sivil ak sosyete S yo ki gen pwolongasyon 2020 yo ki te ekspire 15 Oktòb 2021. Li aplike tou, pou òganizasyon ki egzante de taks sou ane sivil yo ki pwolongasyon 2020 yo ki ekspire 15 Novanm 2021.

Anplis, penalite sou pewòl yo ak depo taks dasiz yo ki dwe fèt nan dat 28 Dawou 2021 oswa annapre ak anvan 13 Septanm, ap diminye depi depo yo te fèt anvan 13 Septanm 2021.

Paj alèjman nan moman dezas IRS (an anglè) la genyen detay sou lòt deklarasyon yo, peman yo ak aksyon ki an rapò ak taks ki kalifye pou tan adisyonèl la.

IRS la bay alèjman penalite ak deklarasyon otomatikman pou tout kontribyab ki gen adrès yo ki nan IRS la nan zòn dezas la. Pa konsekan, kontribyab yo p ap bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn alèjman sa a. Sepandan, si yon kontribyab ki afekte resevwa yon avi penalite pou peman oswa deklarasyon anreta nan men IRS la ki genyen dat pou depo, peman, oswa deklarasyon orijinal oswa pwolonje, ki tonbe nan peryòd ranvwa a, kontribyab la ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou li mande diminye penalite a.

Anplis, IRS la ap travay ak tout kontribyab k ap viv deyò zòn dezas la epi ki gen dosye yo ki gen nesesite pou respekte yon dat limit k ap rive pandan peryòd ranvwa a, ki sitiye yo nan zòn afekte a. Kontribyab ki kalifye pou alèjman an k ap viv deyò zòn dezas la bezwen kontakte IRS la nan 866-562-5227. Sa gen ladan tou, travayè k ap patisipe nan aktivite alèjman yo ki afilye ak òganizasyon filantwopik oswa gouvènmantal ki rekonèt.

Endividi ak biznis ki nan yon zòn dezas gouvènman federal deklare ki te soufri de pèt ki an rapò ak dezas la ki pa ranbouse oswa ki pa asire kapab chwazi reklame yo swa nan deklarasyon pou ane kote pèt la te fèt la (nan ka sa, deklarasyon 2021 an ki depoze ane annapre a), oswa deklarasyon pou ane anvan an (2020). Rasire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – EM-3569 ki asosye avèk alèjman anvan an oswa EM-4626 pou nouvo alèjman an – nan nenpòt deklarasyon k ap reklame yon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay yo.

Alèjman fiskal la fè pati yon repons federal kowòdone pou domaj Siklòn IDA lakoz yo epi li baze sou evalyasyon domaj lokal FEMA fè yo. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre dezas la, ale sou DisasterAssistance.gov (an anglè).