Anvan sezon siklòn nan rive, IRS bay konsèy sou fason pou nou prepare nou pou katastwòf natirèl yo

IR-2022-102, 5 me 2022

WACHINTONN —Jodi a, Sèvis Revni Entèn raple kontribyab yo mwa me a gen ladann Semèn Nasyonal Preparasyon pou Siklòn (an anglè) epi li se Mwa Nasyonal Konsyantizasyon Sou Gwo Dife (an anglè). Sa se yon bon moman pou kreye oswa revize yon plan preparasyon pou ijans, ki gen ladan etap pou pwoteje enfòmasyon enpòtan ki gen rapò ak taks.

An 2021, Ajans Federal k ap Jere Ijans (FEMA) fè konnen ap gen gwo katastwòf tankou siklòn, tanpèt twopikal, tònad, gwo tanpèt, gwo van k ap soufle san rete, inondasyon, glisman tè ak glisman labou, gwo dife ak tanpèt sezon fredi. Lè nou konsidere enpak evènman sa yo ka genyen sou moun, òganizasyon ak biznis, nou konprann kounye a menm se moman pou fè oswa mete ajou yon plan ijans. Nou bay konsèy sa yo nan objektif pou ede kontribyab yo prepare yo pou katastwòf natirèl yo.

Mete dokiman enpòtan yo an sekirite epi fè kopi yo

Kontribyab yo sipoze mete dokiman orijinal yo, tankou deklarasyon taks, batistè, papye kay, tit ak kontra asirans andedan resipyan dlo pa ka travèse epi nan yon espas ki sekirize. Kontribyab yo sipoze bay yon moun yo fè konfyans epi k ap viv nan yon lòt zòn kenbe kopi dokiman sa yo. Yon lòt opsyon pou mete dokiman yo an sekirite epi pèmèt ou deplase ak yo byen fasil se lè nou eskane yo epi mete yo sou yon aparèy estokaj elektwonik tankou djonp.

Dokimante byen ak ekipman yo

Foto aktyèl oswa videyo yon kay oswa yon biznis gendwa ede sipòte reklamasyon pou asirans oswa avantaj fiskal aprè yon katastwòf. Nou sipoze anrejistre tout byen nou yo, sitou sa ki koute chè yo. Kaye pèt ki lye ak katastwòf IRS nou jwenn nan Piblikasyon 584 (an anglè) la ka ede patikilye ak biznis yo konpile lis byen yo oswa ekipman biznis yo.

Anplwayè yo ta dwe tcheke kosyon fidisyè yo

Anplwayè ki sèvi ak founisè sèvis pewòl yo ta dwe mande founisè a si li gen yon kosyon fidisyè an plas. Kosyon an gendwa pwoteje patwon an nan ka kote ta gen defayans bò kote founinsè sèvis pewòl la. IRS raple anplwayè yo pou yo fè anpil atansyon lè y ap chwazi founisè sèvis pewòl yo (an anglè).

Rekonstitye dokiman yo

Pou sa ki gen pou wè ak taks, pou jwenn asistans federal oswa ranbousman asirans, gendwa gen obligasyon pou rekonstitye dosye yo. Youn nan premye travay moun ki pèdi kèk oswa tout dosye yo pandan yon katastwòf dwe fè se vizite paj wèb IRS ki rele Rekonstitye Dosye (an anglè) a.

IRS pare pou ede

Apre FEMA fin pibliye yon deklarasyon katastwòf, pou kontribyab ki abite oswa ki gen biznis nan zòn katastwòf la, IRS gendwa ranvwaye sèten dat limit pou fè deklarasyon taks ak pou peye taks. Pa gen nesesite pou rele IRS pou mande alèjman sa a. IRS idantifye, otomatikman, kontribyab yo ki nan zòn katastwòf la, epi li fè yo benefisye alèjman pou fè deklarasyon ak pou peye taks. Moun ki afekte nan yon katastwòf ki gen kesyon ki gen rapò ak taks ka kontakte IRS nan 866-562-5227, pou pale ak yon espesyalis IRS ki resevwa fòmasyon pou jere pwoblèm ki gen rapò ak katastwòf.

Kontribyab ki pa abite nan zòn katastwòf la men ki sibi enpak katastwòf la sipoze rele 866-562-5227 pou konnen si yo kalifye pou alèjman fiskal pou katastwòf la epi diskite sou lòt opsyon ki disponib yo.

Jwenn detay konplè sou asistans pou katastwòf ak sekou ijans (an anglè) pou ni patikilye ni biznis, sou paj Atravè Tout Peyi a (an anglè) ki sou sit IRS.gov la. Paj wèb FEMA Pare pou Katastwòf yo (an anglè) gen ladan l enfòmasyon pou Fè yon Pake (an anglè) ki gen tout sa w ap bezwen pou ijans.

Atik ki an rapò: