Paran yo kapab reklame kredi taks yo ak ranbousman yo pou ranfòse bidjè rantre lekòl la

Konsèy Fiskal pou COVID 2022-134, 31 dawout 2022

Sezon lete a prale epi yon lòt ane lekòl pral kòmanse. Pandan timoun yo pral retounen nan klas, paran yo ap teke pou yo pran materyèl ki nan lis founiti klasik la. Si yo vle ranfòse bidjè yo pou rantre lekòl la, paran yo ak gadyen yo ta dwe sèten yo p ap rate kredi taks ak ranbousman 2021 yo a.

Anpil moun pa jwenn ranbousman fiskal yo a paske yo pat depoze yon deklarasyon taks federal. Kèk moun chwazi pou yo pa fè yon deklarasyon taks paske yo pat rantre ase lajan pou yo ta gen obligasyon pou yo deklare (an anglè). Jeneralman, yo p ap gen yon penalite pou deklarasyon ki pa fèt si yo dwe yo yon ransbousman – men yo p ap resevwa ranbousman yo a nonplis.

Ranbousman an pa sèl lajan moun yo ka rate lè yo pa deklare. Si yo kalifye pou kredi fiskal yo, tankou kredi enpo pou timoun nan ak kredi enpo sou revni ki rantre a, y ap vire kite lajan sa sou tab la tou.

Kredi enpo pou timoun nan

Kredi enpo pou timoun nan ede fanmi ki gen timoun kalifye yo jwenn yon alèjman fiskal. Moun yo ka anmezi pou yo reklame kredi a menm si yo pa fè yon deklarasyon taks nòmalman.

Kontribyab yo ap kalifye pou tout montan kredi enpo pou timoun 2021 an pou chak timoun kalifye si yo reponn ak tout faktè elijibilite yo (an anglè) epi revni anyèl yo a pa depase:

  • 150 000 dola si yo marye epi y ap fè yon deklarasyon konjwen oswa si w ap deklare antanke yon vèf oswa vèv ki kalifye.
  • 112 500 dola si y ap deklare antanke yon chèf fwaye.
  • 75 000 dola si yo se yon deklaran selibatè oswa marye epi fè yon deklarasyon separe.

Paran ak gadyen ki gen pi gwo revni yo ka kalifye pou reklame yon kredi pasyèl. Asistan Taks Entèraktif la kapab ede moun yo verifye si yo kalifye (an anglè).

Kredi enpo sou revni ou rantre

Kredi enpo sou revni ki rantre a ede ouvriye ak fanmi ki gen revni ki ba oswa ki modere yo jwenn yon alèjman fiskal. Si yon moun kalifye, l ap kapab itilize kredi a pou li diminye taks li dwe – epi petèt ogmante ranbousman li.

Ouvriye ki gen revni ki ba oswa modere ki genyen timoun kalifye ka kalifye pou reklame kredi enpo sou revni yo rantre a si genyen nan faktè kalifikasyon yo ki aplike ak yo. Moun yo ka kalifye pou EITC a menm si yo pa kapab deklare timoun yo sou deklarasyon taks yo. Ale sou IRS.gov pou nou konnen kijan nou kapab reklame EITC a san yon timoun kalifye (an anglè).

Moun ki kalifye pou EITC a ka kalifye tou pou lòt kredi enpo yo, tankou:

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)