Moun ki pa gen obligasyon pou yo fè yon deklarasyon taks gendwa pèdi yon ranbousman si yo pa fè yon deklarasyon taks 2021

Konsèy Fiskal pou COVID 2022-111, 21 Jiyè 2022

Kèk moun gendwa chwazi pou yo pa fè deklarasyon taks paske yo pat rantre ase lajan pou yo ta gen obligasyon pou yo fè deklarasyon, men yo gendwa pèdi yon ranbousman si yo pa fè deklarasyon. Malgre dat limit pou fè deklarasyon taks 2021 an se te 18 avril, kontribyab yo kapab toujou voye deklarasyon taks yo ale pou yo kapab reklame kredi yo, resevwa yon ranbousman epi peye taks yo dwe. IRS ankouraje sitwayen yo pou yo anvizaje fè deklarasyon elektwonik pi bonè, olye de pi ta, espesyalman si nou ta dwe yo yon ranbousman.

Nan pifò ka, se revni, estati deklarasyon an ak laj ki detèmine si yon kontribyab dwe fè yon deklarasyon taks. Gen kèk lòt kritè ki gendwa aplikab tou si kontribyab la se yon travayè endepandan oswa yon lòt kontriyab gen dwa pou reklame li antanke depandan. Asistan Taks Entèraktif la (an anglè) kapab ede kontribyab yo detèmine si yo gen obligasyon pou yo fè yon deklarasyon taks.

Gade taks ki prelve oswa ki peye. Prelèvman taks ki fèt anplis yo ap retounen vin jwenn ou sou fòm ranbousman sèlman si ou fè yon deklarasyon taks. Sa kapab afekte etidyan ak moun k ap travay a tan pasyèl lè prelèvman taks ki fèt sou salè yo a fèt nan yon to ki twò wo. Granmoun ak moun ki pran retrèt yo ki peye enpo estime oswa yo fè prelèman sou fon retrèt yo ak debousman sekirite sosyal yo gendwa elijib pou yon ranbousman.

Sitwayen ki repon wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, gendwa gen yon ranbousman ki revyen li de dwa, epi li sipoze fè yon deklarasyon taks pou kapab resevwa lajan sa a.

  • Èske anplwayè ou te fè prelèvman taks federal sou revni sou salè ou?
  • Èske kontribyab la te peye enpo estime pandan ane a?
  • Èske ou te peye plis taks pase sa ou ta dwe peye pou ane pase a epi ou te fè sa pase nan taks 2021?

Men kèk kredi enpòtan kontribyab yo gendwa gen posiblite pou reklame. Pandan pifò kredi taks yo gendwa itilize pou redwi dèt taks yo, gen kredi ki pèmèt sitwayen yo resevwa plis lajan pase sa yo dwe.

Kredi ranbousman rekiperasyon Sitwayen ki pa t kalifye pou twazyèm pèman enpak ekonomik la oswa ki te resevwa pi piti pase montan konplè a, gendwa elijib pou reklame kredi ranbousman rekiperasyon an pou ane 2021 an epi y ap gen pou yo fè yon deklarasyon taks 2021 menm si yo pa t gen abitid fè deklarasyon taks. Kredi a ap diminye nenpòt ki taks yo dwe pou 2021 an oswa l ap enkli nan ranbousman taks la.

Kredi sou revni ou touche Yon kontribyab ki touche $51,464 oswa pi piti (oswa $57,414 oubyen pi piti, si li marye epi fè deklarasyon konjwen) pou ane ki pase a gendwa kalifye pou reklame EITC, yon kredi taks ki ranbousab. Pou ane fiskal 2021 an, deklarasyon taks kontribyab la fè an 2022 an, kredi sou revni ou touche a soti nan $1,502 pou rive nan $6,728, tou depan de estati deklarasyon an ak kantite timoun ki kalifye, kontribyab la gendwa reklame nan deklarasyon an. Kontribyab yo ki pa t fè deklarasyon taks pou ane 2020 oswa 2021 an oswa ki pa t reklame kredi taks sou revni ou touche nan deklarasyon taks 2020 oswa 2021 yo paske yo pa t touche ase lajan nan ane sa yo gendwa fè yon deklarasyon orijinal oswa yon deklarasyon amande pou yo reklame kredi a. Y ap gen pou yo itilize revni yo te touche an 2019 la si yo ta kalifye pou yo fè sa.

Kontribyab yo gendwa itilize revni yo te touche an 2019 la nan plas revni yo touche pou 2020 oswa 2021 an sèlman si revni yo touche an 2019 la ta pi plis pase revni yo touche pou ane y ap fè revni sa a ranplase a. Yo kapab itilize Asistan EITC ki sou sit IRS.gov la, ki disponib nan plizyè lang, pou kapab tcheke si yo kalifye.

Kredi taks pou timoun oswa kredi pou lòt depandan Kontribyab yo kapab reklame kredi taks pou timoun 2021 an si yo genyen yon timoun ki kalifye ki poko gen 18 an epi ki reponn ak lòt kritè kalifikasyon yo. Kredi a ap diminye nenpòt ki taks yo dwe pou 2021 an oswa l ap enkli nan ranbousman taks la, pou kontribyab ki kalifye yo. Gen kèk lòt kontribyab ki gendwa redwi montan taks yo dwe a lè yo reklame kredi sa a pou lòt depandan yo. Sa gen ladann moun ki gen:

  • Depandan ki gen 18 an oswa plis.
  • Depandan ki genyen Nimewo idantifikasyon kontribyab pèsonèl.
  • Paran depandan yo oswa lòt pwòch ki kalifye kontribyab la ap sipòte.
  • Depandan ki pa fanmiy kontribyab la k ap viv ak li.

Zouti Asistans Taks Entèraktif (an anglè) sa a ki sou sit IRS.gov la kapab ede sitwayen yo detèmine si yo kalifye pou de kredi sa yo.

Kredi edikasyon yo Gen de kredi edikasyon ki pi wo ki kapab redwi montan taks yon moun dwe nan deklarasyon taks li. Youn se kredi taks opòtinite ameriken (an anglè) epi lòt la se kredi aprantisaj pou tout lavi (an anglè). Kontribyab la, konjwen li oswa depandan li yo sipoze enskri antanke edidyan omwen a tan pasyèl pou pandan yon ane akademik pou kapab kalifye. Kontribyab la gendwa  kalifye pou youn nan kredi sa yo (an anglè) menm si li pa dwe okenn taks. Se Fòm 8863, Kredi Edikasyon (an anglè) yo ki sipoze itilize pou reklame kredi sa a lè w ap fè deklarasyon taks ou.

Dènye paj revize oswa mete ajou: 29 jiyè 2022