Depi se Anak Fiskal, Konesans se Pouvwa

People holding the American flag

Gade pi pre kòman Biwo Lit kont Fwod IRS la ap konbat vòl idantite, fwod sou ranbousman ak lòt aktivite kriminèl epi aprann nan ki plizyè mwayen ou kapab ede nan batay la.

Chèche konnen IRS la, moun li yo ak pwoblèm ki afekte kontribyab yo


People looking at tax forms with the words Phone, Form, Email and Text on the bottom

Pa Damon Rowe
CL-21-18HT, June 17, 2021

Nan kad travay mwen kòm sipèvizè pou Biwo Lit kont Fwod IRS la epi apre mwen fin pase kòmansman karyè mwen nan Ankèt Kriminèl IRS yo, mwen ka konstate kriminèl yo vrèman bon nan jwe sou emosyon nou pou fè nou pran nan anak.

Li fasil pou nou panse nou pa t ap pran nan eskwokri sa yo, men emosyon fò yo, tankou laperèz, ka fè anpil moun fè bagay yo pa t ap janm vle fè. Panse ak kòman ou t ap reyaji si:

  • Si yon moun rele ou nan non IRS pou li di w ou te gen pou peye bil fiskal ou touswit oswa polis lokal la ap la nan 10 minit pou arete w?
  • Moun k ap prepare taks ou yo mande ou pou w siyen yon Fòm 1040 blanch ki t ap gen pou ranpli annapre?
  • Yon mesaj imèl ki di li soti nan IRS ki mande ou pou w klike sou yon lyen pou w “verifye” enfòmasyon? 
  • Yon tèks ki gen yon lyen pou w ranpli yon aplikasyon pou ou resevwa chèk “anreta” Peman Enpak Ekonomik ou a?

Kriminèl yo bezwen pou viktim yo kwè yo, se pou sa yo eseye fè yo santi laperèz epi fè yo gen santiman gen ijans pandan y ap menase yo y ap arete yo si yo pa peye yon fo bil fiskal touswit. Oswa, yo jwe sou konfyans viktim yo pou yo fè yo kwè se ede y ap ede yo jwenn yon avantaj finansyè oswa yon bagay yo dwe yo lè yo bay enfòmasyon pèsonèl ak enfòmasyon finansyè yo. Yon mekreyan ki malen e ki p ap ezite fè mal kapab pyeje menm moun ki pi entèlijan pami nou an.

Anak Fiskal “Douzèn Delwayal” yo

Anak fiskal fèt nan tout ane a, men yo fèt plis nan sezon deklarasyon yo pandan moun yo ap prepare deklarasyon yo oswa anplwaye yon moun pou ede yo nan zafè taks yo. Lè ou konnen ki eskwokri ki pi komen, sa ka anpeche ou vin yon viktim. Depi 2003, IRS te bay yon lis anak fiskal “Douzèn Delwayal” anyèl ki baze sou nouvo tantativ pou pwofite de kontribyab yo. Lis la ede kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo rekonèt epi evite anak yo. Lis Douzèn Delwayal 2021 an ap disponib semenn pwochèn, rete branche. Travay mwen nan IRS te aprann mwen kriminèl yo toujou ap adapte ansyen anak yo epi kreye nouvo anak pou fè pè, pyeje epi twonpe viktim yo pou fè yo bay lajan yo ak enfòmasyon pèsonèl yo.

Nan lis Douzèn Delwayal orijinal 2003 a, nou te avèti kriminèl k ap di yo se ajan IRS t ap vin lakay ou epi mande lajan. Se vre vrè ajan IRS yo oswa ofisye yo ka vin lakay ou an reyalite, men vizit sa yo fèt jeneralman apre ou fin resevwa yon fakti oswa apre yo fin avize ou plizyè fwa pa imèl anvan epi ou pa t reponn. IRS.gov genyen konsèy pou ede ou konnen si se IRS vrèman k ap rele ou oswa k a frape pòt ou (an anglè). Anplwaye IRS yo konn bay vizit an pèsòn san yo pa pwograme, lè yo fè sa, y ap toujou bay de (2) fòm akreditasyon ofisyèl. E si ou ta renmen verifye enfòmasyon ki sou akreditasyon sa yo, y ap ba ou yon nimewo telefòn ki la pou sa pou ou verifye enfòmasyon yo epi konfime idantite yo. Gen ka izole kote kontribyab la, ki pran ofisye IRS la pou yon anakè, menase li ak vyolans. Si ou fè sa, se yon krim. An reyalite, si yon kontribyab t ap entèraji ak anakè, kontribyab la pa ta dwe menase li ak vyolans non plis. Olyedesa, kontribyab la ta dwe evite, epi siyale pwoblèm nan (an anglè)

Tan yo chanje, e lis Douzèn Delwayal ki pi resan an genyen anak ki itlize rezo sosyal, apèl telefòn ak atak òdinatè yo. Poukisa chanjman an? Depi 2003, gwo majorite anak vòl idantite yo fèt atravè telefòn oswa anliy. Entènèt la rann anake moun pi fasil epi fèt pi plis.

Kisa pou Ou Chèche - Nouvo Anak yo

Anpil fwa, kriminèl yo jwenn opòtinite nan advèsite. Gen yon gwo atansyon sou anak ki lye ak kowonaviris epi ak sekou nan ka dezas yo, pliske anakè yo eseye kolekte Peman Enpak Ekonomik moun yo epi pran avantaj sou sipò pou viktim katastwòf natirèl yo.  Lis Douzèn Delwayal ane pase a te avèti kontribyab yo sou anak yo k ap itilize mo kle tankou “kowonaviris,” “COVID-19” ak “relans” nan imèl yo, lèt yo, tèks yo ak lyen ki louvri fo sitwèb yo. Nou avèti tou sou anak ki parèt nan moman katastwòf natirèl yo tankou, siklòn, inondasyon, tanpèt nèj, ak gwo dife, kote kriminèl yo ouvri boutik pou resevwa don pou ede viktim. 

Amsonaj la se yon mwayen yo pwouve ki ka ensite nou klike sou yon lyen oswa ouvri yon atachman. Imèl sa yo fèt pou yo sanble tankou se labank, patwon ou, yon konpayi kat kredi, yon boutik anliy, eks, ki voye yo. E depi kriminèl la fin jwenn enfòmasyon pèsonèl ou, li ka fè yon varyete bagay avèk li, tankou, itilize enfòmasyon sa yo pou fè fo deklarasyon enpo oswa reklame alokasyon tankou chomaj la.

Petèt sa rive nou tout kote nou dekwoche telefòn pou nou tande yon moun nan lòt bò a k ap fè nou bay enfòmasyon pèsonèl nou. Anak nan telefòn souvan sible granmoun yo, moun ki gen aksè limite nan enfòmasyon ak imigran ki ka prefere kominike nan lang manman yo. Anpil nan apèl sa yo se “apèlwobo” (yon mesaj vokal ki anrejistre ak enstriksyon pou mande tounen rele), men nan kèk ka, se moun reyèl ki fè yo. Kriminèl sa yo ka genyen kèk bon jan enfòmasyon pèsonèl, pou fè apèl la sanble yon bon apèl.

Yon lòt fwa ankò, li enpòtan pou remake nan kèk sikonstans, anplwaye IRS yo ka kontakte kontribyab yo pa telefòn. Jeneralman, anvan yon anplwaye IRS rele yon kontribyab, kontribyab la ap gentan resevwa youn oswa plizyè avi oswa lòt korespondans oswa kontak IRS la konsènan afè taks la. Anplwaye IRS yo ap toujou di kontribyab la pou ki rezon yo rele, esplike yo afè taks la, epi esplike dwa kontribyab la ak ki resous ki disponib si kontribyab la pa dakò ak IRS la. Vrè anplwaye IRS la p ap menase kontribyab la ak arestasyon, mande fòm peman yo pa abitye mande, oswa mande endividi an pou li fè yon peman ki peyab bay yon endividi oswa yon antite ki pa Trezò Etazini. Si ou te fè tout deklarasyon ou yo epi ou pa dwe taks oswa ou gen rezon w pou ou panse ou dwe, epi ou resevwa yon apèl “IRS” sanzatann, mande anplwaye a kòman ou kapab verifye idantite li antanke yon anplwaye IRS. Si li pa kapab, pa bay okenn enfòmasyon. Rakwoche touswit epi kontakte Enspektè Jeneral pou Administrasyon Taks Trezò a pou siyale apèl la. Itilize paj wèb  Siyalman Anak ak Idantite IRS (an anglè) nou an epi siyale idantite moun ki rele a ak/oswa retounen rele nimewo a pandan w ap voye li bay phishing@irs.gov avèk “Anak pa Telefòn IRS” nan liy Sijè a.

Yon konsèy itil: Si ou dwe taks oswa ou panse ou dwe, ou ka verifye enfòmasyon sou kont fiskal ou anliy sou IRS.gov pou ou wè montan ou dwe aktyèlman.

Anak nan rabousman pwofite de anpil kontribyab chak ane. Majorite pwofesyonèl enpo bay kontribyab yo sèvis onèt ak bon kalite, men malerezmanm gen moun k ap prepare taks ki malonèt epi mechan k ap eseye pyeje oswa konvenk kontribyab inosan yo pou yo fè bagay ki pa legal. Y ap pwomèt yon gwo ranbousman pandan y ap fabrike dokiman pou reklame kredi kontribyab la pa kalifye pou yo, epi moun k ap prepare taks la pran yon avantaj sou ranbousman an kòm “frè.” Viktim nan siyen deklarasyon an epi li vin responsab pou tout taks ki pa byen peye. Lè IRS ap kesyone sou deklarasyon an, moun ki prepare l la gentan ale, epi kontribyab la ka pa kapap pwouve se pa li ki te prepare l.

Depi 2003, gwo majorite anak vòl idantite yo fèt atravè telefòn oswa anliy. Entènèt la rann anake moun pi fasil epi fèt pi plis.

Fwod Fiskal

Toutotan ane yo ap pase, IRS la ap konpile modèl anak ki fèt pou pa peye taks yo. Anak sa souvan gen ladan yo, sere sa ou genyen oswa revni aletranje, òganize yon seri abri fiskal ak plan retrèt ki abizif, pwofite de fideyikomi yo, sere pwopriyeye yon antrepriz, oswa pa fè prelèvman oswa peye taks sou revni ki rantre.

Yon dokiman fòmasyon istorik IRS la ki genyen pou tit “75 lane Istwa Ankèt Kriminèl IRS la, 1919-1994”, genyen yon deklarasyon sou moun ki komèt fwod fiskal:

“Nou jwenn moun k ap fè fwod fiskal nan tout kouch nan sosyete a – bankye, raketè, moun k ap fè kontrebann, fabrikan, jwè, jij, lejislatè, bawon byè, senatè, chèf polis, ofisye leta, aktè ak manyak sinema, pwomotè aksyon, ak kontab epi avoka konspiratè yo.”

Toutotan ane yo ap pase, istwa a pa chanje. Pa gen solisyon sekrè oswa mirak pou ou pa peye taks. Sila yo ki panse yo ka evite peye sa yo dwe yo ap sibi chòk. Fwod fiskal ka vle di plis pase peye yon amann - li ka gen ladan pousuit penal federal tou. Annik gade nouvèl epi w ap wè yon seri tit tankou: “Yon koup ki kondane; yo admèt yo pa t peye $1M nan taks” ak “Yo akize yon fanm de fwod fiskal devan tribinal.” Rapò Anyèl 2020 Ankèt Kriminèl IRS la montre 80 pousan moun IRS la pousuiv ale nan prizon pou pipiti 44 mwa.

Batay Kont Anak Fiskal yo

Nou vrèman detèminen pou nou pousuiv pwomotè fwod ak evazyon fiskal yo, men nou p ap kapab si nou poukont nou. An 2015, nou reyini yon gwoup ajans fiskal Eta a ak reprezantan sektè prive endistri fiskal la pou ranfòse yon misyon enpòtan – lite kont sendika kriminèl k ap emèje ki t ap fè fo deklarasyon pou jwenn ranbousman.

Somè Sekirite a (an anglè) genyen 42 administratè taks pou Eta yo ak 20 reprezantan kominote fiskal yo, tankou, fim pou preparasyon taks, devlopè lojisyèl yo, pwosesè pwodui finansye pou peye ak pou taks, òganizasyon pwofesyonèl enpo ak enstitisyon finansyè yo. Nan travay ansanm, nou ka konbat vòl idantite, fwod sou ransbousman ak lòt aktivite kriminèl pou pwoteje kontribyab peyi a epi travay pou anpeche evolisyon taktik yo.

Nan kad atansyon san relach n ap bay pwomotè operasyon evite peye taks yo, IRS kreye dènyeman Biwo Ankèt sou Pwomotè yo (OPI - Office of Promoter Investigations) (an anglè). Nouvo biwo sa a ap ranfòse efò Kowòdonatè Ankèt sou Pwomotè yo ki te kòmanse sezon lete pase a. OPI pral kowòdone efò yo atravè plizyè divizyon komèsyal pou atake sèvitid konsèvasyon sendike abizif yo ak akò asirans kaptif yo, ansanm avèk lòt tranzaksyon tou. Menmsi OPI a pral sitiye li anndan SB/SE, pèsonèl li yo pral travay sou kesyon konfòmite nan tout ajans la, sa gen ladan kowòdinasyon aktivite pwomotè yo avèk ekip pwomotè yo nan lòt divizyon komèsyal yo, tankou Gwo Antrepriz ak Entènasyonal, Antite Gouvènman/ki Pa Peye Taks, Biwo Lit kont Fwod la, ak Ankèt Kriminèl.

Keseswa ou se pwofesyonèl enpo, kontribyab, administratè taks federal oswa eta oswa pwofesyonèl endistri, ou jwe yon wòl enpòtan nan rediksyon anak yo. Ou te tande fraz “Si ou wè yon bagay, di yon bagay” depi se kesyon sekirite, e se menm bagay la pou fwod fiskal. Sa se yon efò ekip, e lè tout moun ap travay ansanm, nou pwoteje moun inosan yo kont anak. Tout moun ki sispèk fwod fiskal (an anglè) ka siyale sa nan Liy Asistans IRS pou Fwod Fiskal la nan 800-829-0433.

Mwn espere w ap rejwenn nou nan batay la.

Pa Damon Rowe
Biwo Lit kont Fwod IRS la

Photo of Damon Rowe

Apwopo Otè a

Antanke Direktè Biwo Lit kont Fwod la, Damon ap rasire lidèchip ak oryantasyon ansanm sèvis IRS la nan sa ki gen pou wè ak devlòpman ak ekzekisyon gwo aktivite yo pou sipòte efò IRS la ap fè pou detekte ak dekouraje fwod. Sa gen ladan li, mete aksan sou aktivite malonèt kontribyab yo ak pwofesyonèl k ap aneyanti Lwa Fiskal Federal nou yo ak abòde nouvo menas yo nan sa ki gen pou wè ak fo deklarasyon ak lòt aktivite fwod yo. Nan pozisyon sa a, li aji tou antanke konseye prensipal ak konsiltan pou Komisè ak Komisè Adjwen Divizyon IRS la sou tout kesyon konsènan plan estratejik, pwogram ak politik lit kont fwod yo.

 

Evite Imèl eskwokri (an anglè) 

Yon Rega Pi Pre

Li tout piblikasyon nou yo (an anglè) apwopo yon varyete kesyon aktyalite ki enterese kontribyab yo ak kominote fiskal la

Abòne

IRS ofri plizyè abònman Bilten Elektwonik sou yon varyete sijè fiskal. Abòne (an anglè) pou jwenn alèt pa imèl lè gen nouvo piblikasyon.