Volontè pou Taks IRS yo

Prann prepare taks ak fè diferans nan menm moman an nan kominote w la.Kòman ou kapab fè yon diferans? Senp. Fè benevòl pou ede kominote w la pandan w ap prepare taks gratis avèk Pwogram Asistans Taks sou Revni Volontè a (VITA) oswa Konsèy sou taks pou Pèsonaj yo (TCE).

Y ap ba ou fòmasyon pou ou bay èd fiskal gratis pou fanmi ki genyen revni ki fèb ak revni ki mwayen ki bezwen asistans nan preparasyon deklarasyon taks yo. Antanke yon volontè, w ap pami plizyè milyon lòt moun k ap prepare plizyè milyon deklarasyon taks chak ane nan plizyè milye sit fiskal ataravè tout peyi a.

Si ou gen yon enterè nan fè patenarya avèk nou pou esponsorize oswa ebèje yon sit preparasyon taks gratis nan zòn ou an, ou kapab ranpli ak soumèt fòmilè Enskripsyon pou Volontè ak patnè VITA/TCE (an anglè) tou epi w ap sèten pou swivi sou demann ou an.

Kòman pwogram sa fonksyone? Antanke yon volontè ki angaje, w ap genyen pou ou travay avèk yon òganizasyon k ap esponsorize ou, premyeman pou ou pran fòmasyon epi apre, pou ou kòmanse fè benevòl nan yon zòn nan kominote w la. Yo bay fòmasyon anliy ak nan sal klas. Jeneralman, sit fiskal yo louvri lannwit ak nan wikenn, epi lè yo ka chanje. Nou sèten w ap jwenn yon sit volontè k ap tou pre ou.

Ou Enterese?

Pou plis enfòmasyon ak lòt etap yo, voye demann ou an kounyea avèk fòmilè Enskripsyon pou Volontè ak Patnè VITA/TCE (an anglè) a epi w ap rete yon etap pou ou vin yon volontè pou taks nan VITA oswa TCE epi pou w ede kominote w la. N ap pataje enterè ou genyen nan volontarya a avèk òganizasyon k ap bay esponsò nan zòn ou an pou kontak pou swivi.

Kisa Volontè yo Fè?

Poukisa Moun yo fè Benevòl?

Fòmasyon pou Volontè

Resous pou Volontè

Jwenn Pwodwi Enprime yo

Pwodwi enprime limite yo dipsonib sèlman pou volontè nan pwogram VITA ak TCE yo. Patnè oswa kowòdonatè sit ki gen responsabilite pou bay fòmasyon an ap bay tout pwodwi enprime y ap bezwen pou fòmasyon volontè yo. Piblik la ap kapab telechaje vèsyon elektwonik pwodwi sa yo. IRS la bay aksè ak vèsyon elektwonik pwodwi yo sou paj wèb Piblikasyon ak Fòm IRS.gov la.

Depoze Deklarasyon Taks Ou Gratis