Moun Ede Moun

Pwogram Asistans Taks sou Revni Volontè a ofri èd fiskal gratis pou moun ki genyen soti nan revni ki fèb pou ale na revni ki mwayen (jeneralman 60 000 dola epi pi ba) ki pa kapab prepare pwòp deklarasyon taks yo. Volontè sètifye ki jwenn esponsò nan men plizyè òganizasyon pran fòmasyon pou ede prepare deklarasyon taks bazik yo nan kominote yo nan tout peyi a.

Jeneralman, sit VITA yo twouve yo nan sant kominotè ak santr katye yo, nan bibliyotèk yo, lekòl yo, sant komèsyal yo, ak lòt kote moun frekante anpil yo. Majorite kote yo ofri deklarasyon elektwonik tou.

Si ou se yon moun ki enterese pou vin yon volontè (an anglè), men ou bezwen jwenn yon òganizasyon nan zòn ou an pou ou tabli yon relasyon avèk li, tanpri soumèt enfòmasyon pou yo kontakte ou yo avèk fòmilè Enskripsyon pou Benevòl ak Patnè VITA/TCE (an anglè). Enfòmasyon ou yo prale nan biwo IRS lokal ki apwopriye a.

Volontè yo pote Preparasyon Deklarasyon Taks Gratis pou Ou

Gade istwa volontè yo ak kontribyab yo anba a…

Temwanyaj volontè VITA yo

Yon Kowòdonatè Sit VITA te gen sa pou li di sou sit VITA li a, "Mwen santi mwen konfòtab pou m ap di tout kontribyab k ap itilize sèvis nou yo te rekonesan anpil pou pasyans lan, ekspètiz ak ponktyalite volontè k ap prepare deklarasyon taks yo. Nou genyen anpil "kliyan" k ap retounen yon lane apre lòt epi – menm nan mwa kote sa pa bon yo – yo resevwa nou nan kominote a ak yon salitasyon ki gen anpil chalè epi 'n ap wè nan peryòd fiskal la.' Tout sa se akoz bon travay volontè ak talan sa yo fè."

Yon volontè VITA te pwononse pawòl sa yo sou eksperyans li antanke volontè, "VITA te ede mwen jwenn plis konesans sou avantaj fiskal mwen yo. Mwen renmen l anpil paske w ap aprann epi w ap ede kominote a nan menm moman an. Se pi bon sansasyon."

Kontribyab VITA yo pataje eksperyans yo

"Sa se tankou yon kado anyèl ki bay lapè nan lespri."

"Yo te ba nou enfòmasyon anplis sou resous nou pa t konnen anvan vizit nou an, pou nou itilize lòt ane."

"Moun ki t ap prepare taks yo te bon, yo te poze e yo te pasyan. Li te gen volonte pou li eksplike mwen tout bagay mwen pa t konprann e li te vini li menm pou li vin rasire li mwen te jwenn tout dediksyon yo te dwe m yo."

"Vita se yon Pwogram VITAL. Tanpri, pa janm kanpe sou pwogram nesesè sa a."