Kesyon yo Poze Souvan sou Aplikasyon pou Egzanpsyon Fiskal

Dirijan òganizasyon yo ka enfòme yo plis sou sijè sa yo ak benefis, limit epi atant òganizasyon egzante yo lè yo swiv 10 leson Atelye Travay pou Ti Òganizasyon ak Òganizasyon Mwayen ki gen Egzanpsyon Taks (an anglè) anliy yo.


Ki diferans ki genyen ant estati sanpwofi ak estati egzanpsyon fiskal?

Estati Sanpwofi se yon konsèp dwa pou leta. Estati Sanpwofi ka pèmèt yon òganizasyon benefisye kèk avantaj, tankou bagay leta ap vann yo, egzanpsyon fiskal pou pwopriyete ak revni. Malgre pi fò òganizasyon ki gen egzanpsyon fiskal federal se òganizasyon sanpwofi, òganize kòm òganizasyon sanpwofi nan nivo Eta a pa bay òganizasyon an egzanpsyon otomatik pou l pa peye taks federal sou revni. Pou yon òganizasyon rive egzante taks federal sou revni, fòk li ranpli kondisyon Kòd Revni Entèn mete devan l yo. Gade Tip Òganizasyon ki gen Egzanpsyon Fiskal (an anglè) oswa Piblikasyon 557 (an anglè)PDF pou plis enfòmasyon.

Nan ki wout pou yon òganizasyon pase pou l gen estati egzanpsyon fiskal la?

Pou federal la ka egzante yo nan taks, pi fò òganizasyon anba obligasyon pou yo soumèt dosye demann rekonesans egzanpsyon an (an anglè). Kanta pou òganizasyon seksyon 501(c)(3) yo, la lwa fè pwovizyon sèlman kèk eksepsyon byen limite (an anglè) nan obligasyon sa a. Lè yon òganizasyon soumèt dosye demann rekonesans egzanpsyon, sa vin fè rekonèt IRS rekonèt estati òganizasyon an se yon rekonesans fòmèl li ye; e sa pi bon konsa pou rezon sa a.

Kisa pou m fè pou m jwenn apliksayon pou estati egzanpsyon fiskal la?

Pi fò òganizasyon k ap aplike pou egzanpsyon dwe itilize fòmilè aplikasyon ki espesifik pou sa. Kat fòmilè IRS sèvi pou sa se:

Aplikasyon òganizasyon w lan dwe soumèt la endike byen klè nan Piblikasyon 557. Remake pou kèk tip òganizasyon Yo pa presize okenn fòmilè demann (an anglè). Ou ka wè yon apèsi kopi Fòmilè 1023, Fòmilè 1023-EZ, Fòmilè 1024 ak Fòmilè 1024-A sou www.pay.gov (an anglè).

Èske gen frè pou w peye pou w ka aplike pou egzanpsyon?

Wi, gen frè pou itilizatè yo peye pou kèlkeswa demann k ap fèt, swa pou lèt desizyon oswa egzanpsyon. Gade Frè Itilizatè Peye (an anglè) si w vle gen tout enfòmasyon nèt sou sa.

Ki kote pou m soumèt aplikasyon egzanpsyon m nan?

Fòmilè 1023,Fòmilè 1023-EZ, Fòmilè 1024, oswa Fòmilè 1024-A pou aplikasyon egzanpsyon ou fin ranpli a, w ap soumèt li elektwonik sou www.pay.gov (an anglè).

Konbyen tan pwosesis aplikasyon pou egzanpsyon an ap pran?

Pwosesis Aplikasyon an fèt pi vit yo kapab. Pwosesis la ka pran reta, antouka, pou rezon ki kòmanse ak èrè senp nan aplikasyon an rive nan koze ki gen pou wè ak òganizasyon an nan sans èske wi ou non li ranpli tout kondisyon pou egzanpsyon an. Gade Dis Pi Gwo Rezon ki ka bay Reta nan Pwosesis Aplikasyon yo (an anglè). Pou w konnen jouk ki pwen aplikasyon w ap fè a ye, konsilte Kote Aplikasyon M Nan? (an anglè)

Èske gen yon bagay mwen ka fè pou m ede veye pou aplikasyon m nan fèt pi vit sa kapab?

Lè w reponn tout kesyon yo nèt san manke epi w soumèt tout pyès ou dwe soumèt yo, sa ap pèmèt ajan ki sou aplikasyon w lan fini pwosesis la pi rapid posib. Al gade tou nan Dis Pi Gwo Konsèy ki ka ede redui tan pwosesis aplikasyon pou egzanpsyon taks la ap pran an (an anglè).

Èske gen fason pou akselere dosye estati egzanpsyon fiskal mwen an?

An jeneral, yo manyen (an anglè) aplikasyon yo nan lòd yo rive jwenn IRS. Pafwa, poutan, IRS konn manyen yon aplikasyon ki pa nan lòd yo te resevwa l. Si pou yo akselere pwosesis yon dosye, dwe genyen yon rezon valab ki pou ta fè yo manyen l anvan lòt yo. Pami Rezon valab yo, nou ka site:

  • Yon sibvansyon annatant, epi si sibvansyon sa a pa vini sa ka gen enpak negatif konsiderab sou kapasite òganizasyon an pou l fonksyone.
  • Yon òganizasyon fèk kreye epi l bezwen pote konkou ijan bay viktim ki frape anba dezas.
  • IRS te fè èrè nan dosye a, sa te lakòz reta lè pou yo livre yon lèt desizyon.

Pou sibvansyon ki annatant, men enfòmasyon espesifik k ap sipòte lide pou yo akselere pwosesis yon dosye:

  • Non moun oswa òganizasyon k ap bay sibvansyon oswa byen an,
  • Montan sibvansyon an oswa valè byen an,
  • Dat pou sibvansyon an anile oswa pou yo bay yon lòt òganizasyon l nèt,
  • Enpak sa ap genyen sou jan òganizasyon an pral fonksyone, si l pa resevwa sibvansyon/byen an, epi
  • Siyati yon ofisyye prensipal oswa yon reprezantan otorize.

Yon demann pou akselerasyon pwosesis dosye a dwe fèt pa ekri, epi l dwe eksplike nèt rezon valab la. Se nan diskresyon IRS zafè akòde akselerasyon an ye.

Yon ògnizasyon gen dwa pa ka mande pou yo akselere yon dosye Fòmilè 1023-EZ, Aplikasyon Senp pou Rekonesans Egzanpsyon Daprè Seksyon 501(c)(3) Kòd Revni Entèn.

Gade Pwosesis Akseleration Aplikasyon (an anglè) pou plis enfòmasyon.

E si objektif yo oubyen pwogram yo chanje aprè w soumèt yon aplikasyon?

Si dokiman òganize, objektif, oubyen pwogram òganizasyon w lan chanje pandan IRS ap konsidere yon aplikasyon, ou ta dwe rapòte chanjman an pa ekri voye bay biwo k ap travay sou aplikasyon w lan. Si w pa konnen ki biwo k ap travay sou dosye egzanpsyon w lan, kontakte Sèvis Kont Kliyantèl (an anglè) Òganizasyon Egzante yo.

Puiske chanjman materyèl nan estrikti oswa aktivite yon òganizasyon zèv charitab ka afekte egzanpsyon fiskal li oubyen estati piblik li, òganizasyon yo dwe rapòte chanjman sa yo bay Divizyon Òganizasyon Egzante IRS la. Gade pwosesdi pou rapòte chanjman (an anglè) pou tout bagay ka klè nèt.

Èske yon aplikasyon egzanpsyon ap genyen pou yo divilge l an piblik?

Depi yo fin apwouve l (an anglè) oubyen rejte l (an anglè), yon aplikasyon egzanpsyon ap genyen pou tout piblik la konnen l.

Èske m bezwen yon nimewo egzanpsyon fiskal pou òganizasyon m nan?

Non. Kontrèman ak kèk Eta ki bay òganizasyon yo nimewo ki endike yo gen egzanpsyon fiskal sou byen leta vann, IRS pa bay òganizasyon egzante yo okenn nimewo espesifik. Alòske IRS pa bay Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EINs), se sèl sa menm ki idantifye yo; se menm bagay ak Nimewo Sekirite Sosyal yon moun genyen. Aplike epi resevwa yon EIN pa di fil sou estati fiskal òganizasyon an; sepandan, òganizasyon w lan bezwen yon EIN pou l aplike pou egzanpsyon fiskal.

Kisa pou m fè pou m jwenn yon nimewo idantifikasyon anplwayè pou òganizasyon m nan?

Ou kapab aplike sou entènèt, oubyen klike kote w wè Jwenn yon nimewo idantifikasyon anplwayè (an anglè) a.

Yon òganizasyon ki fèk restore aprè, sou plan administratif, yo te revoke chat antrepriz li oswa leta te sispann li, èske l dwe soumèt yon lòt aplikasyon pou egzanpsyon?

Non. Si leta restore sosyete a apre yon sispansyon administratif oswa disolisyon chat antrepriz li, estati egzanpsyon l ap restore san l pa bezwen aplike ankò. Òganizasyon an dwe soumèt evidans Eta a ba li ki montre chat li a gentan restore, epi kote dat restorasyon an efektif la ekri nwa sou blan. Anplis, òganizasyon an dwe bay prèv li respekte tout sa ki te dwe respekte pou deklarasyon fiskal anyèl pandan peryòd estati sosyete l la te oblije sispann administre a oubyen te disoud la.

Si, poutan, estati egzanpsyon yon òganizasyon te revoke otomatik paske l pat rive fè deklarasyon fiskal, estati egzanpsyon an pa ka restore toutotan l pa soumèt yon lòt aplikasyon pou egzanpsyon, menm si Eta kote l ye a restore estati sosyete l la.

Èske yon antite gouvènman bezwen aplike pou egzanpsyon?

Pi fò Eta ak gouvènman lokal pa anba obligasyon pou yo peye taks federal sou revni. Pou rezon ki pa rezon fiskal, poutan, antite gouvènman yo konn jwenn yo mande yo bay yon nimewo egzanpsyon fiskal oswa lèt deizyon pou yo ka pwouve yo genyen estati egzanpsyon fiskal vre. Eta yo ak gouvènman lokal yo pa anba obligasyon pou yo aplike pou estati egzanpsyon sa a, an revanch. Jan sa diskite nan Afimasyon Estati Egzanpsyon Fiskal (an anglè) ou a, IRS ap bay yon lèt kote l dekri Estati fiskal antite gouvènman yo. Pi fò òganizasyon ak moun ap aksepte lèt sa a tankou se sibstans sa a menm yo bezwen an. Pa gen ni aplikasyon ni frè pou w peye ki asosye ak lèt sa a.

Enfòmasyon Siplemantè