Pi fò òganizasyon ki gen egzanpsyon taks, si se pa legliz oubyen yon òganizasyon ki gen rapò ak legliz, oblije fè deklarasyon fiskal oubyen voye notifikasyon bay IRS.

Òganizasyon ki pa fè deklarasyon pandan twa ane youn dèyè lòt pèdi otomatikman estati egzanpsyon taks yo a. Yon revokasyon otomatik ap efektif nan jou fiskal twazyèm anivèsè deklarasyon orijinal la oubyen notifikasyon an. Seksyon 6033(j) Kòd Revni Entèn

Revokasyon otomatik nan Lis Egzanpsyon

IRS pibliye lis (an anglè) òganizasyon ki jwenn revokasyon otomatik estati egzanpsyon taks yo a paske yo pat depoze fòmilè obligatwa 990, 990-EZ, 990-PF oubyen Fòmilè 990-N (e-Postcard) pandan twa ane konsekitiv.

Lis la bay non, nimewo idantifikasyon anplwayè, ki tip òganizasyon l ye, dènye adrès òganizasyon an te soumèt bay IRS, dat efektif revokasyon an epi dat yo te ajoute òganizasyon an nan lis la. Pou òganizasyon ki te soumèt dosye pou reyenstorasyon epi ki te benefisye li, lis la bay dat reyenstorasyon an. IRS mete lis li ajou chak mwa.

Revokasyon otomatik nan Lis Egzanpsyon (an anglè)

Konsekans lè w pèdi estati egzanpsyon taks ou

Si egzanpsyon yon òganizasyon revoke otomatikman, li pa egzante ankò pou taks federal. Kòm konsekans, l ap nan obligasyon pou l soumèt dosye pou youn nan diferan deklarasyon fiskal sa yo, epi peye taks sou revni ki aplikab pou sa:

Yon òganizasyon ki revoke otomatik p ap gen dwa resevwa kontribisyon moun ka dedwi nan taks, epi non l ap sòti nan lis kimilatif òganizasyon ki gen egzanpsyon taks yo, Piblikasyon 78 (an anglè). IRS ap voye yon lèt pou fè òganizasyon yo konnen yo revoke.

Donatè ka dedwi kontribisyon yo te bay anvan dat non òganizasyon an te parèt nan Lis Revokasyon Otomatik la. Lwa Eta yo ak lwa local ka afekte tou yon òganizasyon ki pèdi estati egzanpsyon taks yo.

Restore estati egzanpsyon taks

Lalwa entèdi IRS defèt yon revokasyon otomatik, epi l pa bay dwa pou moun konteste l. Yon òganizasyon ki revoke otomatik dwe soumèt dosye si l vle restore estati a, menm si òganizasyon an pat bezwen soumèt okenn dosye pou l gen estati egzanpsyon an pou premye fwa a.

Gen kat fason (an anglè) pou w restore.

Si IRS rete kwè òganizasyon an ranpli kondisyon pou l genyen estati egzanpsyon taks la, l ap voye yon lèt yo rele yon nouvo lèt desizyon. IRS ap remete non òganizasyon restore a nan pwochen lis aktyalize Rechèch Òganizasyon Egzante yo (an anglè) (Pib. 78 baz done) epi endike nan ekstrè Fichye Mèt Biznis IRS pou fè konnen òganizasyon an elijib pou l resevwa kontribisyon moun ka dedwi nan taks. Donatè yo epi lòt ankò mèt konte sou nouvo lèt desizyon IRS la nan dat li antre an vigè a, epi sou mizajou lis Rechèch Òganizasyon Egzante yo ak lis ekstrè BMF (Dokiman Referans sou Òganizasyon Egzante yo).

Enfòmasyon Siplemantè