Espas tan IRS ka pran pou evalye enpo

Anjeneral, IRS la kapab evalye enpo, dapre lalwa, nan lespas 3 lane apre dat limit deklarasyon w lan, sa enkli pwolongasyon, oswa – si ou te deklare an reta – nan lespas 3 lane apre nou te resevwa deklarasyon ou an, selon dat ki pi ta. Yo rele peryòd tan sa a Dat Ekspirasyon Lwa Evalyasyon (ASED).

Egzanp yo:

  • Ou te soumèt deklarasyon enpo 2021 patikilye ou nan dat limit 18 Avril 2022. ASED ou a se 18 Avril 2025.
  • Ou te soumèt deklarasyon enpo patikilye 2021 ou a ta nan 31 Oktòb 2022, apre dat limit pwolongasyon 17 Oktòb 2022 a. ASED ou a se 31 Oktòb 2025.

Kòman pou ou konnen yon ASED valab pou ou

Lè w soumèt deklarasyon enpo ou epi w dwe enpo anplis, n ap voye yon avi oswa yon lèt pa lapòs ba w. Avi a oswa lèt la pral baw enfòmasyon sou enpo a, tout penalite ak enterè yo, rezon pou frè a ak pwochen etap yo.

Pou plis enfòmasyon, gade konprann avi oswa lèt IRS ou a.

Eksepsyon pou dat evalyasyon 3 lane a

Dapre lalwa, Nou pwolonje tan pou evalye enpo ou yo si ou:

  • Si se pa ak volonte w ou te soumèt yon deklarasyon enpo yo ekzije. Nou ka evalye enpo a nenpòt ki lè selon pwogram Ranplasman pou Deklarasyon (Gade IRC 6020 (an anglè)). Si nou soumèt yon Ranplasan pou Deklarasyon, limit 3 lane a pou evalyasyon an pa kòmanse. Sepandan, si apre sa ou deside soumèt deklarasyon enpo ou, li ap kòmanse evalyasyon sou dat limit 3 lane a.
  • Aksepte pou pwolonje delè a. Nou ka mande w siyen yon akò, oswa yon renonsiyasyon legal, pou pwolonje tan pou evalye enpo a.  Ou ka negosye pwolongasyon yo pwopoze ou a oswa refize siyen renonsiyasyon an. Jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis konsantman an nan, Piblikasyon 1035, Pwolonje peryòd evalyasyon fiskal la (an anglè)PDF.
  • Te deklare 25% oswa mwens nan revni ou sou deklarasyon enpo ou a. Peryòd tan nou ka pran pou evalye enpo anpils yo pase de 3 a 6 lane apati dat ou te soumèt deklarasyon enpo ou a.
  • Te soumèt yon fo oswa yon deklarasyon ki gen fwod ak entansyon pou w evite enpo. Nou ka evalye enpo pandan yon dire ilimite.

Gade lis eksepsyon konplè ki genyen pou dat evalyasyon 3 lane a nan).

  • Nou bay yon avi ensifizans, yo konnen tou antanke yon lèt 90 jou. Ou gen 90 jou (150 jou si w ap viv andeyò Etazini) pou w dakò ak evalyasyon nou pwopoze a oswa pou w depoze yon petisyon nan Tribinal Fiskal la anvan nou kapab evalye montan lajan ki dwe a. Peryòd sispansyon an kòmanse nan jou apre nou poste lèt la ba ou a epi li fini 60 jou apre yon desizyon final Tribinal Fiskal la.

    Si ou pa dakò epi ou pa depoze yon petisyon nan Tribinal Fiskal la pandan peryòd 90 oswa 150 jou a, n ap evalye montan lajan ki parèt nan Avi Ensifizans lan, epi ou dwe peye montan ki dwe a, plis tout penalite ak enterè aplikab yo.
     
  • Ou te depoze yon petisyon pou fayit. Peryòd evalyasyon an sispann lè nou bay yon avi ensifizans: 1) mwens pase 90 jou anvan ou depoze yon petisyon fayit, 2) menm jou ou depoze yon petisyon fayit, oswa 3) apre ou depoze yon petisyon fayit, epi anvan sispansyon otomatik fayit la fini. Peryòd evalyasyon an sispann pi plis toujou akoz tan lalwa pèmèt la.

Lwa yo

Resous yo