Rapèl pou Pwofesyonèl ki espesyalize nan Taks konsènan Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl (ITIN)

Apatide 1ye janvye 2013, IRS te fè mizajou nan pwosedi ki afekte pwosede pou aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl (Individual Taxpayer Identification Number (ITIN)). Chanjman sa yo ranplase sèten enfòmasyon ki make pi ba a, ikonpri dokiman yo egzije moun soumèt lè yo bezwen jwenn yon ITIN. Kontribyab yo ansanm ak reprezantan yo fèt pou revize chanjman sa yo, e yo bay plis esplikasyon nan lyen Kesyon yo konn Poze Souvan, anvan yo reklame yon ITIN.

Ranpli Deklarasyon sou Revni ak yon ITIN

  • IRS bay ITIN pou rezon taks federal, e yo dwe itilize ITIN yo pou rapòte taks sèlman.
  • ITIN pa otorize okenn moun travay Ozetazini ni li pa pèmèt okenn moun resevwa benefis Sekirite Sosyal.
  • Lè moun soumèt deklarasyon revni yo ak yon Nimewo Idantifikasyon Fiskal pou rapòte salè yo peye yo, moun sa yo oblije montre Nimewo Sekirite Sosyal yo ki asosye avèk salè yo touche a. Sa vin fè nimewo idantifikasyon yo pa matche (ITIN/SSN). Epòk anvan, moun ki te konn soumèt deklarasyon revni yo avèk nimewo sa yo ki pat matche a, te ka soumèt yo sou papye sèlman. Poutèt chanjman ki fèt nan pwogramasyon sistèm soumisyon elektwonik IRS la ka aksepte deklarasyon sou revni sa yo kounye a. Se pou itilize nimewo kòrèk ITIN kontribyab la kòm nimewo idantifikasyon an sou pati anlè Fòm 1040 la. Lè nap mete enfòmasyon W-2 a, se pou n mete nimewo sekirite sosyal (SSN) la egzakteman jan yo montre l sou Fòm W-2 konpayi a bay anplwaye a. Alèkile li posib pou soumèt yon deklarasyon sou revni pa mwayen elektwonik avèk yon ITIN/SSN ki pa matche.
  • Si kontribyan prensipal la, madanm/mari li, oswa toulede gen ITIN, yo pa kalifye pou resevwa Kredi Taks sou Revni a(Earned Income Tax Credit [EITC]), menm si depandan yo gen yon SSN ki valid. Si kontribyab la ak madanm/mari l (si yon ranpli taks ansanm) gen nimewo sekirite sosyal (SSN) ki valid, se sèlman depandan ki gen nimewo sekirite sosyal (SSN) ki valid - pa ITIN - ki kalifye pou resevwa EITC.

Chèche yon ITIN

  • Moun k ap aplike pou ITIN fèt pou pwouve yo bezwen ITIN pou rezon taks federal yo. Laplipa nan moun yo, pou pwouve se pou rezon taks yo bezwen ITIN la, pral anekse yon deklarasyon sou revni federal orijinal avèk Fòm W-7 la, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Fiskal Endividyèl (ITIN), epi y ap poste li ak dokiman ki pwouve idantite yo ak dokiman ki montre se etranje yo ye, nan adrès IRS ki make nan enstriksyon yo bay pou ranpli Fòm W-7 la.
  • Nan ka kote yo deja soumèt yon deklarasyon taks pou ane fiskal aktyèl la epi deklarasyon an ekskli madanm/mari oswa depandan ki bezwen yon ITIN, kontribyab la fèt pou l konplete Fòm 1040X, Deklarasyon Taks sou Salè Endividyèl Ozetazini ki Amande (Individual Amended U.S. Individual Income Tax Return) pou montre enfòmasyon aplikan ITIN la, epi anekse l a Fòm W-7.

Dokiman ki vini avèk W-7 pou ITIN

  • IRS senplifye kantite dokiman ajans la aksepte kòm prèv idantifikasyon ak prèv moun nan se etranje, pou l resevwa yon ITIN. Gen 13 dokiman ki akseptab. Chak dokiman fèt pou ajou epi yo fèt pou yo gen yon dat ekspirasyon. IRS ap aksepte dokiman yo jiska 12 mwa apre dat aplikasyon an si pa gen okenn dat ekspirasyon ki disponib nòmalman. Epitou dokiman yo fèt pou gen non w ak foto w, epi yo dwe sipòte deklarasyon ke w se yon etranje. Pi ba a w ap jwenn lis dokiman yo ka aksepte sèlman:
    • Paspò (dokiman yo ka soumèt poukont li)
    • Kat idantifikasyon nasyonal (kat la dwe gen yon foto, non an, adrès aktyèl la, dat nesans la ak dat ekspirasyon an)
    • Lisans chofè Etazini
    • Sètifika nesans sivil (ki obligatwa pou depandan ki poko gen 18-tan daj)
    • Lisans chofè peyi etranje
    • Kat idantifikasyon leta bay Ozetazini
    • Kat anrejistreman votè peyi etranje
    • Kat idantifikasyon militè Ameriken
    • Kat idantifikasyon militè peyi etranje
    • Viza
    • Foto idantifikasyon Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Etazini (USCIS)
    • Dosye medikal (depandan sèlman - timoun ki poko gen 6 zan daj)
    • Dosye lekòl (depandan sèlman - timoun ki poko gen 14 zan, ki poko gen 18 an si se etidyan)

Sa pou sonje lè w ap soumèt dokiman pou ITIN yo

Si wap voye nenpòt dokiman bay IRS, ikonpri yon kopi deklarasyon taks ou te soumèt deja, tanpri asire w ke w make COPY (KOPI) sou pati pa anwo deklarasyon taks la. Konsa yo pap trete deklarasyon taks la ankò kòm orijinal.

Ajan yo Rekonèt k ap voye aplikasyon pou ITIN

Fòm W-7 ke Ajan otorize IRS Rekonèt pou emèt ITIN ranpli fèt pou poste nan adrès anba a:

Internal Revenue Service
ITIN Operation
P.O. Box 149342
Austin, TX 78714-9342

Gade nan Kesyon yo konn Poze Souvan pou ka gen plis detay sou ITIN.