Deklaran pou pwolongasyon yo: Deklarasyon Gratis IRS, lòt resous ki disponib jiska 15 oktòb pou deklarasyon enpo 2020 yo

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-114, 5 dawou 2021

IRS la ap raple kontribyab ki te deklare pou pwolongasyon pou deklarasyon enpo 2020 yo a, deklarasyon elektwonik, peman ak lòt opsyon pou èd disponib jiska dat limit 15 oktòb la. Pandan pa gen pennalite pou deklarasyon apre dat limit la si nou dwe yon ranbousman, yon pwolongasyon tan pou deklare pa yon pwolongasyon tan pou peye enpo.

Kontribyab ki dwe enpo – menm sila yo ki pa t fè demann yon pwolongasyon - epi ki genyen pou yo fè yon deklarasyon enpo 2020 kapab evite plis pennalite ak enterè lè yo depoze deklarasyon an pi bonè posib epi peye tout balans yo dwe, jeneralman. Menmsi yon kontribyab pa kapab peye enpo li dwe yo touswit, yo ta dwe fè yon deklarasyon enpo kanmenm pi bonè posib pou redui pennalite ki ka genyen yo.

Men kèk nan zouti ki disponib sou IRS.gov pou ede moun yo avèk enpo yo:

  • Deklarasyon Gratis IRS ak lòt opsyon deklarasyon elektwonik. Majorite kontribyab yo kapab fè deklarasyon enpo yo elektwonik gratis atravè Deklarasyon Gratis IRS. Lòt opsyon deklarasyon elektwonik yo gen ladan yo itilize sit preparasyon deklarasyon enpo gratis, yon lojisyè komèsyal oswa yon founisè deklarasyon elektwonik otorize (an anglè). Gen pwodui Deklarasyon Gratis ki disponib an panyòl. Deklarasyon elektwonik kapab ede kontribyab yo detèminen kredi enpo sou revni yo antre, kredi swen depandan ak timoun (an anglè), ak kredi ranbousman rekiperasyon. Si yon moun kalifye pou yon kredi ransbousman rekiperasyon – epi li pa t resevwa Peman Enpak Ekonomik yo oswa li te resevwa mwens pase montan total yo – li dwe fè yon deklarasyon enpo 2020 pou reklame kredi a menmsi li pa abitye deklare.
  • Depo dirèk pou ranbousman. Mwayen ki pi rapid pou kontribyab yo jwenn ranbousman yo se fè deklarasyon elektwonik epi itilize depo dirèk. Kontribyab ki pa genyen yon kont labank kapab vizite sit entènèt FDIC a (an anglè) oswa itilize Zouti Lokalizasyon Inyon Kredi (an anglè) Asosyasyon Inyon Kredi Nasyonal la pou enfòmasyon sou ki kote w ka jwenn yon bank oswa yon inyon kredi ki ka ouvri yon kont anliy.
  • Opsyon peman anliy. Si yon kontribyab dwe enpo, li ta dwe peye kantite li kapab la pi bonè posib pou redui enterè ak pennalite. Yon pwolongasyon pou deklare pa yon pwolongasyon pou peye. Peman Dirèk IRS la pèmèt moun yo peye an sekirite apati kont chèk oswa kont epay yo. Vizite IRS.gov pou opsyon peman adisyonèl.
  • Enfòmasyon sou kont ak dosye fiskal. Kontribyab yo kapab vizite IRS.gov pou jere kont yo. Gen yon varyete bagay yo kapab fè tankou gade balans yo ak istorik peman yo, peye enpo yo, antre nan dosye fiskal yo atravè Jwenn Transkripsyon ak lòt ankò.

Gen moun ki ka gen yon dat limit ki diferan ak lòt yo pou yo fè deklarasyon enpo yo:

Plis enfòmasyon: