IRS ouvri sant asistans pou kontribyab yo, moman espesyal kèk samdi, pou bay kontribyab yo èd fas a fas

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2022-26, 4 fevriye 2022

WACHINTONN (WASHINGTON) – Jodi a, sèvis revni entèn anonse ap moman espesyal pandan kèk samdi nan plizyè sant asistans pou kontribyab (TAC) yo atravè peyi a. Sa fèt pou ogmante gwo efò k ap fèt pou ede kontribyab yo pandan sezon dekelarasyon taks ane sa a.

Sant asistans pou kontribyab sa yo bay kontribyab yo èd fasafas. Sant asistans pou kontribyab ki seleksyone yo ap louvri pòt yo nan dat sa yo: 12 fevriye, 12 mas, 9 avril ak 14 me. Apati de 9 è nan maten jiska 4 è nan aprè midi. Nòmalman, sant sa yo pa ouvri lè samdi. Pa gen egzijans pou pran randevou.

Komisyonè IRS la Chuck Rettig deklare : "IRS ap kontinye fè tout sa li kapab pou ede kontribyab yo pandan peryòd san parèy sa a". "Sant asistans sa yo ap ouvri pandan espesyal samdi yo nan lide pou bay kontribyab yo yon lòt mwayen anplis pou kapab jwenn èd yo ta ka gen bezwen. Nou ankouraje kontribyab yo pou yo revize detay yo sou moman espesyal samdi sa yo, yon fason pou nou ka pi byen sèvi yo. Mwen trè rekonesan tou anvè anplwaye nou yo ki mete yo disponib pou bay asistans espesyal sa a."

Kontribyab yo ka resevwa èd nan tout sèvis yo, sepandan, anplwaye sant asistans kontribyab yo p ap aksepte peman ki fèt ak lajan likid nan samdi espesyal sa yo. Pandan peryòd travay siplemantè sa yo, kontribyab yo ka tou poze kesyon sou rekonsilyasyon  avans pèman kredi taks pou timoun epi resevwa lòt èd.

Pou w konnen ki sant asistans pou kontribyab k ap ouvri, ale sou paj IRS.gov/saturdayhours (an anglè).

Mache tou pare

Pou mache tou pare, kontribyab yo ta dwe mache ak dokiman sa yo:

  • Foto idantifikasyon gouvènman an bay ki valid,
  • Kat Sekirite Sosyal ak/oswa nimewo ITIN pou manm fanmi yo, ki gen ladan konjwen ak depandan yo (si sa aplikab) epi
  • Nenpòt lèt oswa avi IRS ou te resevwa ak tout dokiman ki gen rapò ak sa.

Pandan vizit la, anplwaye IRS yo gendwa mande enfòmasyon sa yo tou:

  • Yon adrès postal valid,
  • Yon adrès imel ak
  • Enfòmasyon sou kontanbank, pou ka resevwa peman oswa ranbousman pa depo dirèk.

Ken Corbin, Komisyonè Salè & Envestisman IRS ak Ofisye Eksperyans kontribyab fè konnen "depo dirèk se mwayen ki pi rapid epi pi sekize pase lòt metòd peman yo, epi li ankouraje kontribyab yo resevwa peman ak ranbousman taks yo atravè mwayen sa a," "Moun ki pa gen yon kontanbank yo ta dwe vizite sit entènèt Sosyete Federal Asirans Depo a (Federal Deposit Insurance Corporation) (an anglè) pou jwenn detay sou kòman pou ouvri yon kont sou entènèt. Yo kapab itilize zouti Jwenn bank (BankFind) (an anglè) FDIC a tou pou ka jwenn yon bank ki gen asirans FDIC."

BankOn (an anglè), Asosyasyon Bankye Ameriken (American Bankers Association) (an anglè), Kominote Endepandan Bankye Ameriken (Independent Community Bankers of America (an anglè), Administrasyon Koperativ Kredi Nasyonal (National Credit Union Administration) (an anglè) gen lis bank ak koperativ ki pèmèt kontribyab yo ouvri yon kont sou entènèt. Veteran yo ka itilize Pwogram Avantaj Bankè pou Veteran (Banking Benefis Veteran) (an anglè) yo pou aprann sou sèvis finansye nan bank k ap patisipe yo.

Sèvis ki bay yo

Paj IRS Kontakte biwo lokal ou a bay lis tout sèvis ki bay nan chak sant asistans pou kontribyab yo.

Si yon moun gen kesyon konsènan yon bòdwo taks oswa yon odit IRS, oswa si li bezwen èd pou rezoud yon pwoblèm taks, y ap jwenn asistans nan men anplwaye IRS ki espesyalize nan sèvis sa yo. Si anplwaye sa yo pa ta disponib, kontribyab la ap resevwa yon referans pou sèvis sa yo. Anplwaye sèvis defans kontribyab yo gendwa disponib tou pou ede ak kèk pwoblèm an fonksyon de sèten kritè.

Anplwaye IRS ap gen pou planifye randevou nan jou k ap vini yo pou moun ki soud yo ak sa ki gen difikilte pou tande yo epi ki bezwen sèvis entèprèt lang siy. Entèprèt nan lang etranje yo ap disponib tou.

IRS suiv direktiv distansyasyon sosyal sant kontwòl maladi (an anglè) pou COVID-19, epi disponiblite a ka chanje san avètisman. Moun yo oblije mete mask epi respekte distans sosyal yo nan evènman sa yo.

Moun ki bezwen asistans pou prepare deklarasyon taks yo ka vizite loka volontè yo nan sant asistans taks sou revni (VITA) oswa konseye sou taks lokal pou moun aje yo . Sit VITA yo ofri èd taks gratis pou moun ki kalifye ki bezwen èd pou prepare pwòp deklarasyon taks yo, tankou:

  • Moun ki touche $58,000 oswa mwens,
  • Moun ki gen andikap ak
  • kontribyab ki pa pale anglè byen.

Moun ki vle peye taks federal yo ak lajan likid ka vizite paj IRS.gov/payments pou jwenn enfòmasyon sou plizyè opsyon peman.

Plis enfomasyon: