Deklarasyon Dwa Kontribyab 2: Dwa pou Jwenn Sèvis Kalite

Deklarasyon Dwa kontribyab la se yon dokiman enpòtan ki mete aksan sou 10 dwa fondamanl kontribyab yo genyen lè yo ap trete ak Sèvis Revni Entèn. IRS la vle pou chak grenn kontribyab byen konnen dwa sa yo pou lè y ap gen bezwen travay ak li nan dosye pèsonèl ki gen pou wè ak taks. Piblikman, IRS la ap kontinye mete aksan sou dwa sa yo kontribyab yo genyen. IRS la ap fè rapèl pou anplwaye li yo tou regliyèman konsènan dwa sa yo. IRS la atann li anplwaye li yo ap konprann epi aplike dwa kontribyab yo atravè chak rankont ak kontribyab yo.

Piblikasyon 1 IRS, Dwa ou antanke yon Kontribyab, genyen landan yon lis dwa kontribyab yo okonplè.

Sa gen landan Dwa pou Jwenn Sèvis Kalite.

Kontribyab yo gen dwa pou yo resevwa asistans rapid, koutwa, ak pwofesyonèl lè y ap fè fas ak IRS la, pou yo pale avèk yo nan yon fason yo ka konprann ak fasilite, pou yo resevwa kominikasyon ki klè epi fasil pou konprann nan men IRS la, ak pou yo pale ak yon sipèvizè sou sèvis apwopriye.

Kisa ou ka atann:

  • Ou ka jwenn repons pou majorite kesyon yo sou IRS.gov. Si ou pa ka jwenn repons sou pwoblèm taks ou yo sou sit entènèt IRS la oswa nan enstriksyon ki pibliye yo, tanpri kontakte IRS pou ou kapab jwenn èd. Kalite sèvis reprezantan IRS yo ap ba ou a enpòtan anpil pou nou e yo la pou ede ou. Men kèk bagay ki sipoze klè nan tèt ou lè ou kontakte IRS la.
    • IRS la bay yon nimewo telefòn pou kontakte li nan pati anlè adwat avi oswa lèt yo.
    • Reprezantan IRS yo sipoze tande ou objektivman epi konsidere tout enfòmasyon ki enpòtan yo.
    • Yo ta dwe reponn kesyon yo rapid, ak presizyon epi okonplè.
  • Jeneralman, ou kapab pale ak yon sipèvizè anplwaye a sizoka ou ta gen yon pwoblèm.
  • IRS la ap trete ou ak koutwazi lè l ap kolekte enpo. Jeneralman, IRS la sipoze kontakte ou ant 8è nan maten pou 9è nan aswè. IRS la pa ta dwe kontakte ou kote w ap travay la si li konnen oswa gen rezon ki ta fè kwè anplwayè ou a pa pèmèt sa. Veye anak ki gen pou wè ak taks (an anglè). Sonje sa, IRS la p ap fè apèl telefòn agresif pou fè menas arestasyon oswa prizon.
  • IRS la dwe bay kontribyab la enfòmasyon sou kòman li ka jwenn èd nan Sèvis Defans pou Kontribyab la nan tout avi mank règleman yo. Li ta dwe di ou kijan pou ou kontakte TAS.
  • Si ou kalifye pou asistans Sèvis pou Kontribyab ki genyen Ti Revni (LITC) (an anglè), IRS la gendwa bay enfòmasyon sou opsyon ou genyen pou èd legal.

Pou ou kapab jwenn plis detay konsènan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo ak enpòtans li gen pou ou, ale sou sitwèb Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) la.

Nan lide pou ogmante kantite ameriken ki konnen epi konprann dwa yo daprè lalwa fiskal la. IRS la mete piblikasyon sa a disponib nan plizyè lang. IRS la gen plis enfòmasyon nan lòt lang tou. Gade meni “Lang yo” nan pati anba nenpòt ki paj IRS.gov.

IRS la pran angajman li tou pou li pwoteje dwa sivil kontribyab yo. IRS la p ap tolere diskriminasyon ki baze sou laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, konpetans an anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oswa estati antanke paran. Sa gen ladan nenpòt kontak avèk anplwaye IRS yo ak estaf la oswa volontè yon nan sit kominotè yo.

Si yon kontribyab fè fas ak diskriminasyon, li kapab voye yon plent (an anglè)PDF bay Depatman Dwa Sivil IRS la.

Resous Adisyonèl IRS