Kontribyab ki pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ta dwe gade nan Kredi pou Lòt Depandan yo

Konsèy sou Taks IRS 2021-144, 29 Septanm 2021

Kredi pou Lòt Depandan an (an anglè) se yon kredi taks ki disponib pou kontribyab yo pou chak depandan kalifye yo genyen ki pa ka deklare pou Kredi Enpo pou Timoun nan. Montan kredi maksimòm nan se $500 pou chak depandan ki ranpli yon seri kondisyon. Sa gen ladan:

  • Depandan ki gen 17 lane oswa plis.
  • Depandan ki genyen nimewo idantifikasyon kontribyab pèsonèl.
  • Paran depandan oswa lòt fanmi kalifye kontribyab la ap sipòte.
  • Depandan k ap viv avèk kontribyab la men ki pa fanmi kontribyab la.

Kredi a kòmanse diminye lè revni kontribyab la plis pase $200,000. Diminisyon sa a kòmanse pou koup marye k ap fè yon deklarasyon konjwen $400,000.

Yon kontribyab kapab reklame kredi sa a si:

  • Li deklare moun nan kòm yon depandan (an anglè) nan deklarasyon kontribyab la.
  • Li pa kapab itilize depandan an pou reklame Kredi Enpo pou Timoun oswa Kredi Enpo Adisyonèl pou Timoun nan.
  • Depandan an se yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ameriken oswa yon etranje rezidan.

Kontribyab yo kapab reklame kredi pou lòt depandan yo anplis Kredi pou Swen Timoun ak Depandan an (an anglè) ak Kredi sou Revni ki Antre a.

Kontribyab yo kapab itilize enstriksyon pou Fòm 8812 (an anglè)PDF  pou ede yo detèminen si yo kapab reklame Kredi pou lòt depandan yo.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)