Jwenn èd ak dèt enpo

Si ou dwe yon dèt enpo epi ou pa ka peye tout oswa yon pati ladan l, IRS ka ede w. Ou gen opsyon pou rezoud bòdwo enpo ou.

Èske ou ka peye balans ou kounye a? Peye an antye.

Si ou ka peye yon pati nan balans ou

Peye sa ou kapab kounye a pou evite enterè ak penalite. Apre sa, chwazi youn nan opsyon sa yo:

Peye sou yon peryòd tan

Aplike pou yon plan peman – yo rele tou yon vèsman oswa akò peman sou entènèt – pou peye balans ou sou yon peryiòd tan. Ou ka gen pou peye yon frè.

Aplike anliy pou yon plan peman.

Pwopozisyon konpwomi

Yon pwopozisyon konpwomi pèmèt ou regle dèt enpo ou pou mwens pase sa ou dwe. Yo te konn rele sa pwogram Fresh Start.

Tcheke si ou kalifye pou yon pwopozisyon konpwomi.

Si ou pa ka peye anyen kounye a

Mande nou retade koleksyon

Si ou pa gen mwayen pou peye akòz kondisyon finansye ou, ou ka mande nou retade koleksyon an pou yon ti tan (an anglè).

Si ou pa dakò ak enfòmasyon ki sou bòdwo enpo ou a

Rele nimewo ki sou avi a oswa vizite biwo IRS lokal ou a.

Asire w ou genyen yon kopi bòdwo a ak nenpòt deklarasyon enpo, chèk anile oswa lòt dosye pou ede nou konprann poukisa ou kwè bòdwo ou a pa bon.

Si nou jwenn ou gen rezon, n ap ajiste kont ou epi, si sa nesesè, n ap voye yon bòdwo revize.

Mande soulajman pou konjwen

Si konjwen ou te fè erè nan deklarasyon enpo nou te fè ansanm epi ou pa t konnen sa, ou ka kalifye pou soulajman enpo pou konjwen (an anglè).

Si ou nan fayit

Tanpri fè nou konnen imedyatman. Nou ka sispann koleksyon tanporèman. Rele nimewo ki sou bòdwo w la oswa 800-973-0424.

Chèche gen enfòmasyon sa yo pare: kote tribinal la ye, dat fayit la, chapit ak nimewo fayit la.

Si ou pa peye kantite lajan ou dwe oswa kontakte nou

Nou ka pran aksyon koleksyon (an anglè).

Planifye pou ane pwochen

Ou ta dwe peye enpo pandan w ap touche oswa resevwa revni nan ane a. Ou ka fè sa lè w fè patwon w prelve enpo sou salè w oswa lè w fè peman enpo yo estime:

Estimatè Prelèvman Enpo IRS

Estimasyon enpo

Chèche èd

Si w bezwen èd, men opsyon yo:

Kont fiskal ou

Fè yon plan peman, gade balans ou oswa jwenn relve nòt ou nan kont fiskal ou. Yo ka ofri w yon chat an dirèk.

Kòd QR ki sou avi w la

Si avi ou a gen yon kòd QR, eskane li pou jwenn enfòmasyon ou bezwen pou jere kont ou.

Zouti pou telechaje dokiman

Ou ka telechaje dokiman (an anglè) pou reponn yon avi IRS, ou ka fè konvèsasyon nan telefòn oswa ou ka fè yon vizit an pèsòn.

Telefòn

Rele nimewo telefòn ki nan avi w la. Oswa kontakte 833-678-7020. Yo ka ofri w yon opsyon pou rele-back, pou w pa bezwen rete tann.

Asistans an pèsòn

Jwenn èd an pèsòn nan yon Sant Asistans Kontribyab IRS oswa nan yon Klinik pou Kontribyab Ti Revni (an anglè).

Sèvis Avoka Kontribyab

Sèvis Avoka Kontribyab (an anglè) se yon òganizasyon endepandan nan IRS. Sèvis la pwoteje dwa w anba Deklarasyon Dwa Kontribyab yo, li ede w rezoud pwoblèm ak IRS epi l rekòmande chanjman pou anpeche pwoblèm yo.

Otorize yon moun

Ou ka otorize yon moun pou kontakte IRS (an anglè) avèk ou oswa nan plas ou.

Evite fwòd

IRS pap telefone w, voye tèks oswa kontakte w sou rezo sosya pou mande w peye enpo tousuit.

Nou kòmanse ak yon lèt pa lapòs epi nou eksplike kijan ou ka fè apèl oswa kesyone sa ou dwe. Si ou pa sèten ou dwe IRS lajan, ou ka gade enfòmasyon kont fiskal ou sou IRS.gov.

Pran prekoswyon ak fwòd nan telefòn. Kriminèl yo imite anplwaye IRS epi rele kontribyab yo yon fason agresif ak sofistike. Enpostè yo di yo se anplwaye IRS yon fason ki konvenkan.

Gen kèk konpayi ki sanble IRS oswa ofri pou ede w regle dèt enpo pa mwayen pwogram Fresh Start la. Aprann fason pou w regle dèt IRS ou poukont ou (an anglè).