Enterè

IRS la chaje enterè sou mank pèman lè ou peye taks ou, penalite yo, enpo adisyonèl oswa enterè sou dat limit la. W app eye enterè sou mank pèman an menm si ou gen yon pwolongasyon.

Si ou peye plis pase enpo ou dwe, n ap peye enterè sou montan pèman ki depase.

To enterè sou mank pèman ak pèman ki depase yo varye e yo ka chanje chak twa (3) mwa. Chanjman yo p ap afekte to enterè ki te gen pou peye nan peryòd twa (3) mwa anvan yo oswa nan ane anvan yo. Gade To Enterè Chak Twa (3) Mwa yo pou plis enfòmasyon.

Sijè yo

Kilè IRS la Chaje Enterè?

Nou chaje enterè lè yon kontribyab genyen dèt li pa peye tankou taks, penalite, taks adisyonèl oswa enterè.

Dat Enterè sou Mank Pèman yo ap Sispann ak Kòmanse

Anjeneral, nou pran enterè sou mank pèman yo apati dat ou genyen pou peye montan ou dwe a e l ap kontinye ogmante jiskaske ou fin peye tout balans lan:

Si ou te resevwa yon avi, yo p ap pran enterè sou montan yo montre a si ou peye tout montan ou dwe a nan dat "pou peye" a oswa anvan sa.

Peye Balans Ou

Peye tout balans ou pou anpeche enterè sou mank pèman yo ogmante chak jou.

Aplike pou yon Plan Pèman

Si ou pa ka peye tout montan enpo ou yo alè, peye sa ou kapab la kounye a epi aplike pou yon plan pèman. Ou kapab pran yon Plan Vèsman pou w peye balans ki rete a. Enterè ap kontinye ogmante chak jou sou nenpòt montan ki pa peye, ni sou penalite ni sou enterè.

Redwi Enterè Ou Dwe

Si ou anmezi pou ou redwi montan taks la oswa penalite ou dwe yo lè ou ranpli yon deklarasyon amande (an anglè) oswa kalifye pou yon alèjman penalite, n ap redwi enterè ki konsène a otomatikman. Nou pa retire oswa redwi enterè pou yon bon koz oswa antanke premye alèjman.

Kòman pou w Defann Enterè Ou Dwe

Nou ka redwi montan enterè ou dwe a si enterè a aplike akoz yon move erè sèlman oswa akoz reta pa yon ofisye oswa anplwaye IRS.

Pou plis enfòmasyon sou rediksyon montan enterè ou dwe, gade detay sou Rediksyon Enterè (an anglè) yo.

Pou defann enterè ou dwe akoz yon move erè oswa yon reta nan IRS, soumèt Fòm 843, Reklamasyon pou Ranbousman ak Demann pou Rediksyon (an anglè)PDF oswa voye ba nou yon lèt ki siyen k ap mande pou nou redwi oswa ajiste enterè nou mande anplis la. Pou plis enfòmasyon, gade Enstriksyon pou Fòm 843 (an anglè)PDF.

Kilè IRS la Peye Enterè?

Dat Enterè sou Pèman ki depase yo ap Sispann ak Kòmanse

Anjeneral, nou peye enterè sou montan ou peye anplis yo apati dènye dat la:

  • Dat pou ranpli deklarasyon enpo
  • Dat yo resevwa deklarasyon enpo ki fèt anreta
  • Dat nou resevwa deklarasyon w lan nan yon fòma nou ka trete
  • Dat pèman an te fèt la

Nou sispann peye enterè sou pèman ki depase yo nan dat nan ranbouse pèman ki depase ou te fè yo (ak enterè) oswa nou konpanse li ak yon dèt ki pa peye.

Eksepsyon: Nou gen yon delè administratif (jeneralman 45 jou) pou nou ba ou ranbousman w lan san nou pa peye enterè sou li.

Kòman pou w Defann Enterè ou Pa fin Peye

Si ou panse nou pa byen peye enterè nou dwe sou ranbousman oswa kredi ou gen dwa pou jwenn yo, ou kapab depoze yon reklamasyon ki pa fòmèl (an anglè) oswa ranpli epi voye ba nou Fòm 843 (an anglè)PDF pou nou ka konsidere enterè adisyonèl sou pèman ki depase yo. Asire w ou mete pwòp kalkil pa w ak rezon ki fè ou mande enterè adisyonèl la sou liy 7 (gade Enstriksyon pou Fòm 843 (an anglè)).

Nou dwe resevwa demann ou an nan 6 lane apati dat pèman ki depase a.

Jwenn Èd

Pou èd nan zafè enterè yo:

Tanpri mete dokiman w yo pre (tankou chèk ki anile, deklarasyon amande, elatriye) lè ou rele.

Lwa ak Règleman yo