Ou ka kalifye pou alèjman nan penalite yo si ou te fè efò pou w respekte egzijans lwa fiskal yo, men ou pa t anmezi pou w fè sa akoz sikonstans ki pa depann de ou. Si ou te resevwa yon avi oswa yon lèt, verifye si enfòmasyon yo kòrèk. Si enfòmasyon yo pa kòrèk, swiv enstriksyon yo ki nan lèt la oswa avi a. Si ou ka rezoud pwoblèm nan, ka pa gen yon penalite. Pou plis enfòmasyon, gade Konprann Avi oswa Lèt Ou a. Sou Paj Sa a Penalite ki Elijib pou Alèjman Kalite Alèjman Penalite yo Kòman pou Fè Demann Alèjman Penalite Kòman pou Konteste yon Desizyon Alèjman Penalite Alèjman Enterè Penalite ki Elijib pou Alèjman Penalite ki kalifye pou alèjman penalite yo se: Deklarasyon Ransèyman Mankman nan Deklarasyon Mankman nan Pèman An Rapò ak Ekzaktitid Mankman nan Depo Chèk yo Pa Aksepte Mank Pèman Enpo Estime Sosyete yo Mank Pèman Enpo Estime Moun yo Lòt penalite si sa nesesè Pou plis enfòmasyon sou penalite yo, ale sou Penalite. Kalite Alèjman Penalite yo Toudepan de penalite a, ou ka jwenn youn nan kalite alèjman penalite annapre yo: Renonsyasyon Administrativ ak Rediksyon Penalite pou Premye Fwa Koz Rezonab Eksepsyon Legal Kòman pou Fè Demann Alèjman Penalite Swiv enstriksyon ki nan avi IRS ou te resevwa a. Gen demann alèjman penalite yo ka aksepte sou telefòn. Rele nou nan nimewo apèl gratis ki anlè nan kwen adwat sou avi oswa lèt ou a. Mete enfòmasyon sa yo pre lè ou rele: Avi oswa lèt nou te voye ba ou Penalite ou vle nou aleje pou ou a Rezon ki fè ou panse nou ta dwe retire li Pandan apèl la, n ap fè ou konnen si alèjman penalite w la apwouve. Si nou pa kapab apwouve alèjman w lan nan telefòn, ou ka fè yon deman alèjman alekri avèk Fòm 843, Reklamasyon pou Ranbousman ak Demann pou Rediksyon (an anglè). Pou redui oswa retire yon penalite sou taks yo kalkile, ale sou: Penalite pou Mank Pèman Enpo Estime Moun yo fè Penalite pou Mank Pèman Enpo Estime Sosyete yo fè Kòman pou Konteste yon Desizyon Alèjman Penalite Si ou te resevwa yon avi oswa yon lèt ki di nou pa t reponn demann pou alèjman penalite w la, ale sou Elijibilite pou Kontestasyon Penalite (an anglè) . Alèjman Enterè Nou pran enterè sou penalite yo. Enterè yo ap ogmante montan ou dwe a jiskaske ou fin peye tout balans ou. N ap redui oswa retire enterè ki konsène yo si youn nan penalite yo redui oswa retire. Pou plis enfòmasyon konsènan enterè nou pran sou penalite yo, gade Enterè sou Mank Pèman ak Pèman ki Depase. Jwenn Èd Ou kapab otorize yon moun (an anglè) kontakte IRS la sou non ou Gade si ou kalifye pou èd nan yon Sant pou Kontribyab ki gen Ti Revni (an anglè) Si ou pa ka rezoud penalite a poukont ou, kontakte Sèvis Defans pou Kontribyab la (an anglè), yon òganizasyon endepandan anndan IRS Si ou pa ka jwenn sa ou bezwen an sou entènèt la, rele nimewo IRS ki sou avi oswa lèt ou a (prepare w pou w tann anpil tan) Kontakte Sant Apèl pou Kontribyab Entènasyonal la pou plis èd Sijè ki an rapò Èd pou kontribyab yo ak pwofesyonèl taks yo: Alèt pou sezon fiskal la ak planifikasyon davans pou 2023 Estati Operasyon IRS yo (an anglè) Fòm yo ak Enstriksyon yo (an anglè) Kontribyab Entènasyonal Kontestasyon Penalite (an anglè) Manyèl Revni Entèn: Pati 20.1.1.3 Kritè pou Alèjman sou Penalite yo (an anglè)