Yon penalite ki gen rapò ak Presizyon aplike si w peye pi piti pase taks obligatwa ki parèt nan deklarasyon taks la. Peman ki pa sifi ka rive si w pa rapòte tout revni ou oswa w reklame dediksyon oswa kredi ou pa kalifye pou yo a. Nou aplike 2 penalite ki komen ki gen rapò ak presizyon pou moun yo: Neglijans oswa Non respè règ oswa Règleman (an Anglè) Souzestimasyon sibstansyèl taks sou revni (an Anglè) Penalite pou Neglijans oswa Non respè règ oswa Règleman yo Neglijans se lè w pa fè yon tantativ rezonab pou swiv lwa sou taks yo lè w ap prepare deklarasyon taks ou a. Non respè vle di ou inyore pa neglijans, san konsyans oswa entansyonèlman règ ak règleman sou taks yo. Kèk egzanp sou neglijans gen ladan l: Pa kenbe dosye pou pwouve w kalifye pou kredi yo oswa dediksyon w ap reklame yo Pa mete revni nan deklarasyon taks ou a ki te parèt nan yon fidbak, tankou rapò revni Fòm 1099 Pa verifye presizyon nan yon dediksyon oswa kredi ki sanble twò bon pou li reyèl Penalite sou souzestimasyon sibstansyèl taks sou revni Pou moun yo, yon souzestimasyon sibstansyèl nan taks aplike si w souzestime responsablite fiskal ou pa 10% nan taks ki obligatwa ki parèt nan deklarasyon taks ou a oswa 5 000 dola, kèlkeswa sa ki pi gwo. Si w reklame yon Seksyon 199A Dediksyon revni pou biznis ki kalifye nan deklarasyon taks ou a, penalite a ap aplike si w souzestime responsablite fiskal ou pa 5% nan taks ki obligatwa ki parèt nan deklarasyon w la oswa 5 000 dola, kèlkeswa sa ki pi gwo. Kòman w konnen ou dwe penalite a Nou te voye ba w yon notifikasyon oswa yon lèt ba w si w genyen yon penalite pa rapò ak presizyon Pou plis enfòmasyon, gade Konprann notifikasyon w la oswa lèt ou a. Kòman nou kalkile pou penalite a Nan ka neglijans oswa non respè nan règ yo oswa règleman yo, penalite ki gen rapò ak presizyon an ap 20% nan pòsyon peman taks ki pa sifi ki te rive akòz neglijans oswa mank respè. Nan ka souzestimasyon sibstansyèl yo, penalite ki gen rapò ak presizyon an ap 20% nan pòsyon peman ki pa sifi sou taks ki te ekri nan deklarasyon an. Enterè sou yon penalite Nou mete enterè sou penalite yo. Dat nou kòmanse mete enterè yo depann ki kalite penalite a. Enterè yo ajoute sou montan ou dwe yo jouk ou peye tout dèt ou yo. Pou plis enfòmasyon sou enterè yo nou chaje sou penalite yo, gade Enterè sou pèman ki pa sifi ak pèman ki fèt anplis (an Anglè). Peye yon penalite Voye pou nou yon pèman oswa peye tout enpo w yo pou anpeche penalite ak nouvo enterè yo vin plis. Efase oswa diminye yon penalite Nou kapab efase oswa redwi kèk penalite si w aji ak bon konsyans epi w ka montre rezon valab ki fè w pa t kapab respekte responsablite taks ou yo. Selon lalwa, ou pa kapab efase oswa redwi enterè yo sèlman si yo efase oswa redwi penalite a. Pou plis enfòmasyon, gade Èd nan penalite (an Anglè). Diskite yon penalite Si w pa dakò ak montan w dwe yo, ou kapab diskite penalite a. Rele nou sou nimewo gratis ki parèt nan pati anlè dwat notifikasyon oswa lèt ou a oswa ekri nou yon lèt ki mansyone poukisa nou dwe konsidere penalite a. Konekte epi voye lèt la ak nenpòt dokiman ki enpòtan nan adrès ki sou notifikasyon oswa lèt ou a. Genyen enfòmasyon sa yo lè w ap rele oswa voye lèt ou a: Notifikasyon oswa lèt nou te voye ba w la Penalite ou vle nou konsidere a Pou chak penalite, yon esplikasyon sou rezon ki fè w panse w dwe efase l Si w pa t resevwa yon notifikasyon oswa lèt, jwenn asistans telefòn. Evite yon Penalite Ou kapab evite yon penalite pandan w ap ranpli epi peye taks ou a anvan dat limit la. Si w pa kapab, ou kapab aplike pou yon pwolonjman tan pou fè deklarasyon oswa yon plan pèman. Aplike pou yon plan peman Si w pa kapab peye tout montan lajan taks ou yo oswa penalite yo alè, peyesa w genyen kounye a epi aplike yon plan pou pèman. Ou kapab redwi penalite lè w konfigire yon plan pèman. Bezwen èd? Pou jwenn èd nan yon penalite, rele nimewo telefòn sou notifikasyon w la. Si w pa t resevwa yon notifikasyon, itilize asistans pa telefòn Lwa ak Règleman Penalite ki gen rapò ak Presizyon— 26 Kòd Règleman federal § 1.6662-2 (an Anglè) Penalite ki gen rapò ak Presizyon sou pèman taks ki pa sifi— 26 U.S. Code § 6662 (an Anglè) Related Topics Alèt Sezon Deklarasyon Espesyal Estati Operasyon IRS yo (an anglè) Eske w bezwen yon moun pou prepare deklarasyon taks ou? Kredi ak Dediksyon pou Moun Fòm, Enstriksyon ak Piblikasyon (an anglè) Piblikasyon 1, Devwa w antank Piblikasyon 3498, Pwosesis ekzaminasyon an (an anglè) (PDF) Jwenn Èd Ou kapab otorize yon moun (an anglè) kontakte IRS la sou non ou Gade si ou kalifye pou èd nan yon Sant Sèvis pou Kontribyab ki gen Ti Revni yo (an anglè) Si ou pa ka rezoud zafè penalite a poukont ou, kontakte Sèvis Defans Kontribyab la, yon òganizasyon ki pa depann de IRS Si ou pa ka jwenn sa ou bezwen an anliy, rele nimewo IRS ki sou avi oswa lèt ou a (prepare w pou ou tann pou anpil tan)