Alèjman Penalite

Ou ka kalifye pou alèjman penalite si ou te eseye konfòme ou ak lwa fiskal yo men ou pat reyisi akoz sikonstans ki pat depann de ou.

Si ou te resevwa yon avi oswa yon lèt, verifye si enfòmasyon yo kòrèk. Si enfòmasyon yo pa kòrèk, swiv enstriksyon ki nan avi a oswa nan lèt la. Si ou kapab rezoud pwoblèm nan, ka pa genyen penalite.

Pou plis enfòmasyon, gade Konprann Avi oswa Lèt IRS Ou a.

Sou Paj Sa a

Penalite ki Kalifye pou Alèjman

Penalite ki kalifye pou alèjman penalite yo se:

Pou plis enfòmasyon sou penalite yo, gade Penalite yo.

Kalite Alèjman Penalite

Ou ka jwenn youn nan kalite alèjman penalite annapre yo toudepann de penalite a:

Kòman pou Fè Demann Alèjman Penalite

Swiv enstriksyon ki nan avi IRS ou te resevwa a.

Gen demann alèjman penalite nou ka aksepte nan telefòn. Rele nou nan nimewo gratis ki nan kwen anlè adwat avi oswa lèt ou a. Mete enfòmasyon sa yo pre ou lè ou rele:

  • Avi oswa lèt nou te voye ba ou
  • Penalite ou vle alèjman pou li a
  • Rezon ki fè ou panse nou ta dwe retire li

Pandan apèl la, n ap di ou si alèjman penalite a apwouve. Si nou pa kapab apwouve alèjman w lan nan telefòn, ou ka fè demann alèjman an alekri avèk Fòm 843, Reklamasyon pou Ranbousman ak Demann pou Rediksyon (an anglè).

Pou redui oswa retire yon penalite pou taks estime, gade:

Kòman pou Konteste yon Desizyon Alèjman Penalite

Si ou te resevwa yon avi oswa yon lèt ki di nou refize demann alèjman penalite w la, gade Kalifikasyon pou Konteste Penalite (an anglè) pou lòt etap yo.

Alèjman Enterè

Gen enterè pou peye sou penalite yo. Enterè yo ap ogmante montan ou dwe a jiskaske ou fin peye tout balans ou.

N ap redui oswa retire enterè ki konsène yo otomatikman si nenpòt nan penalite ou yo redui oswa retire. Pou plis enfòmasyon konsènan enterè nou chaje sou penalite yo, gade Enterè sou Mank Pèman ak sou Pèman ki Depase.

Jwenn Èd