Yon penalite pou deklarasyon ransèyman ka aplike si ou pa depoze deklarasyon ransèyman yo oswa si ou pa bay deklarasyon benefisyè yo atan. N ap voye yon Avi 972CG ba ou pa lapòs si ou dwe yon penalite epi chaje w enterè chak mwa jisjaske ou peye tout montan an (an anglè). Sou Paj Sa Kisa Ou ka Fè Si Ou Resevwa yon Avi IRS Kijan Nou Kalkile Penalite a Enterè sou yon Penalite Peye yon Penalite Retire oswa Redwi yon Penalite Konteste sou Penalite Evite yon Penalite Kisa ou Ka Fè Si Ou Resevwa yon Avi IRS Verifye si enfòmasyon ki nan avi a kòrèk. Avi a gen enfòmasyon konsènan penalite a, rezon ki fè yo chaje w la ak kisa pou ou fè annapre. Swiv enstriksyon yo. Si ou ka korije yon pwoblèm nan avi a, ka pa genyen penalite. Si enfòmasyon yo kòrèk epi ou pa dakò, ou ka anmezi pou ou konteste penalite a. Gade Konprann Avi oswa Lèt IRS Ou a pou detay. Kijan Nou Kalkile Penalite a Nou chaje penalite yo apa pou lè ou pa: Depoze yon deklarasyon ransèyman atan Bay deklarasyon benefisyè ki kòrèk Penalite pou Deklarasyon Ransèyman yo Nou chaje penalite pou chak deklarasyon ransèyman ou pa byen depoze atan ak chak deklarasyon benefisyè ou pa bay. Frè pou Chak Deklarasyon Ransèyman oswa Deklarasyon Benefisyè Ane ki poko peye Jiska 30 Jou Reta 31 Jou Reta Jouk 1ye Dawou Apre 1ye Dawout oswa ki Pa Depoze Neglijans Entansyonèl 2024 $60 $120 $310 $630 2023 $50 $110 $290 $580 2022 $50 $110 $280 $570 2021 $50 $110 $280 $560 2020 $50 $100 $270 $550 2019 $50 $100 $270 $540 2018 $50 $100 $260 $530 2017 $50 $100 $260 $530 2016 $50 $100 $260 520 2011 – 2015 $30 $60 $100 $250 Penalite maksimòm nan diferan pou ti antrepriz ak gwo antrepriz yo ak antite gouvènman yo tou. Pa genyen penalite maksimòm pou neglijans entansyonèl. Gade Enstriksyon Jeneral pou Kèk Deklarasyon Ransèyman (an anglè) pou detay. Enterè sou yon Penalite Nou chaje enterè sou penalite yo. Dat nou kòmane chaje enterè yo varye selon kalite penalite a ak montan an. Enterè a ogmante montan ou dwe a jiskaske ou fin peye balans ou. Pou plis enfòmasyon konsènan enterè nou chaje sou penalite yo, gade Enterè. Peye yon Penalite Ou kapab peye anliy oswa pa lapòs avèk yon chèk. Peye tout penalite ou pou kanpe lòt penalite epi anpeche enterè yo ogmante. Aplike pou yon Plan Peman Si ou pa ka peye tout montan penalite w yo atan, peye sa ou kapab la kounyea epi aplike pou yon plan peman. Ou ka redwi lòt penalite yo ak enterè yo lè ou tabli yon plan peman. Retire oswa Redwi yon Penalite Nou ka anmezi pou retire oswa redwi penalite a si ou te aji debònfwa epi ou ka montre yon koz rezonab. Si ou genyen yon koz rezonab, reponn ak Avi 972CG a nan 45 jou (60 jou si ou se yon deklaran etranje) anvan nou evalye penalite a. Ou ka gen yon koz rezonab si ou: Aji ak responsabilite anvan ak apre echèk la te rive epi Genyen anpil rezon oswa echèk la se lakoz sikonstans ou pa ka kontwole Pou detay sou koz rezonab pou mank oswa non ki pa kòrèk oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab, gade Piblikasyon 1586, Règleman Koz Rezonab yo ak Egzijans pou Non/Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (TIN) ki Manke ak ki Pa Kòrèk (an anglè)PDF. Dapre lalwa, nou pa ka retire oswa redwi enterè sof si penalite a retire oswa redwi. Pou plis enfòmasyon, gade alèjman penalite. Konteste yon Penalite Si ou pa dakò ak montan ou dwe a, ou ka konteste penalite a. Rele nou nan nimewo gratis la ki nan kwen anlè andwat avi oswa lèt ou a oswa ekri nou yon lèt k ap di poukisa nou ta dwe rekonsidere penalite a. Siyen epi voye lèt ou a avèk tout dokiman sipò yo nan adrès ki sou avi w la. Fòk ou genyen enfòmasyon sa yo lè ou rele oswa voye lèt ou a: Avi oswa lèt nou te voye ba ou Penalite ou vle pou nou rekonsidere a (pa egzanp, yon penalite pou Fòm 1099-NEC ki depoze anreta) Pou chak penalite, bay yon eksplikasyon sou poukisa ou panse nou ta dwe retire li Si yon avi oswa yon lèt nou te voye ba ou genyen enstriksyon oswa dat limit pou konteste yon penalite, fè anpil atansyon. Ou dwe swiv enstriksyon yo pou w konteste penalite a. Si ou pa t resevwa yon avi oswa yon lèt, jwenn asistans telefonik. Evite yon Penalite Ou kapab evite penalite yo lè ou: Depoze deklarasyon ransèyman yo epi bay deklarasyon benefisyè yo anvan dat pou ou fè sa Prepare deklarasyon yo ak deklarasyon benefisyè yo avèk enfòmasyon ki kòrèk Dat Limit yo ak Pwolongasyon yo Deklarasyon ransèyman yo dwe tanponnen oswa depoze anvan dat limit lan. Ale nan Yon Gid pou Deklarasyon Ransèyman yo (an anglè) pou dat limit yo. Pou depoze majorite deklarasyon ransèyman yo pa vwa elektwonik, gade FIRE (an anglè). Pou depoze deklarasyon ransèyman sou Lwa sou Swen Abòdab la pa vwa elektwonik, gade AIR (an anglè). Aplike pou yon Pwolongasyon Tan Ou kapab mande plis tan pou ou depoze yon deklarasyon ransèyman epi bay deklarasyon benefisyè yo: Deklarasyon ransèyman yo: Fòm 8809, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan pou Depoze Deklarasyon Ransèyman (an anglè) Deklarasyon benefisyè yo: Voye demann pou pwolongasyon tan pou bay benefisyè yo deklarasyon yo pa faks (an anglè) Jwenn Èd Pou jwenn èd ak yon penalite, rele nimewo telefòn ki sou avi w la. Si ou pa t resevwa yon avi, itilize asistans telefonik. Lwa ak Règleman yo Lè Ou Pa Depoze Deklarasyon Ransèyman ki Kòrèk (an anglè) — Kòd Revni Entèn § 6721 Lè ou Pa Bay Deklarasyon Benefisyè ki Kòrèk (an anglè) — Kòd Revni Entèn § 6722 Jwenn Èd Ou kapab otorize yon moun (an aglè) kontakte IRS la sou non ou Si ou pa kapab rezoud penalite a poukont ou, kontakte Sèvis Defans pou Kontribyab, yon òganizasyon endepandan anndan IRS Si ou pa ka jwenn sa ou bezwen an anliy, rele nimewo IRS ki sou avi oswwa lèt ou a (prepare w pou tann pou anpil tan) Sijè ki an Rapò Alèt Sezon Deklarasyon Espesyal Estati Operasyon IRS yo (an anglè) Fòm, Enstriksyon ak Piblikasyon (an anglè) Kalifikasyon pou Kontestasyon Penalite (an anglè) Piblikasyon yo Piblikasyon 594, Pwosesis koleksyon IRS (an anglè)PDF Piblikasyon 1586, Règleman Kòz Rezonab ak Egzijans pou Non/Nimewo Idantifikasyon (TIN) ki Mankenak ki pa Kòrèk (an anglè)PDF Videyo yo Evite Chaj Enterè ak Penalite (an anglè)