Peye ak Chèk oubyen ak Manda Lajan

Si w chwazi poste pèman taks ou voye bay:

  • Fè chèk, manda lajan, oubyen chèk kès sou non U.S. Treasury.
    • Pran nòt souple: Pa poste lajan likid. Si w pito peye ak lajan nan pòch, voye je nan "Plis Enfòmasyon" ki ekri pi ba a.
  • Antre montan an ak tout chif yo konsa ($###.##).
  • Pa itilize agrafez oubyen klip pou atache pèman an ak fich pèman an ni ak deklarasyon an.
  • Fè sèten enfòmasyon sa yo akonpaye chèk la oubyen lajan w voye a:
    • Non w ak adrès ou
    • Nimewo telefòn yo ka jwenn ou lajounen
    • Nimewo Sekirite Sosyal ou (SSN k ap parèt anvan si se deklarasyon konjwent) oubyen nimewo idantifikasyon anplwayè
    • Ane fiskal
    • Fòm taks kòrespondan oubyen nimewo lèt avi
  • Poste pèman w voye nan adrès ki figire sou lèt avi a oubyen enstriksyon, osinon konsilte tablo ki anba la a.
Ki sitiyasyon pèman w?
Pèman ak deklarasyon Ale non enstirksyon ki sou fòm ou an, oubyen chache adrès kòrèk selon eta a oubyen fòm nan.
Ou te Resevwa yon notifikasyon Swiv enstriksyon pèman ki nan notifikasyon w resevwa a
Peye sèlman (Moun ki te gentan deklare) Moun: Jwenn kote pou w voye rès pèman ou dwe yo (an anglè)

Biznis: Demach yo ka varye selon diferan tip taks Aprann plis.

Peye yon vèsman Swiv enstriksyon ki nan lèt avi w la, oubyen chache ki bò pou w voye rès pèman w dwe yo (an anglè).

Avi pou Moun kap Peye Taks ak Chèk

Lè ou peye ak yon chèk, ou otorize nou pou itilize enfòmasyon ki sou chèk ou a pou fè yon transfè lajan elektwonik yon sèl fwa soti sou kont ou oswa pou fè pèman an tankou yon tranzaksyon chèk. Lè nou itilize enfòmasyon ki sou chèk ou a pou n fè yon transfè lajan elektwonik, lajan an kapab soti sou kont ou a imedyatman nan menm jou nou resevwa pèman w lan, epi ou pap retounen resevwa chèk ou a ankò nan men enstitisyon finans ou an.

Pi gwo pèman

Nou p ap ka aksepte yon chèk ou byen yon manda lajan $100 milyon dola ou plis. Ou ka peye plizyè fwa ou byen fè pèman elektwonik jou pou jou (an anglè).

Plis enfòmasyon