Peye ak Lajan Kach kay yon Patnè k ap Vann an Detay

Fason ki pi rapid e ki pi fasil pou peye IRS se fè yon peman enpo anliy. Si w prefere peye kach, founisè sèvis nou yo fè patenarya ak VanillaDirect pou yo ofri yon opsyon peman pou peye ak kach ki disponib pou kontribyab yo atravè magazen k ap patisipe yo.

Karakteristik ak Avantaj Pèman ak Lajan Kach Atravè yon Patnè ki Vann an Detay

Frè yo

Magazen k ap Patisipe yo ki aksepte VanillaDirect

  • Dollar General, Family Dollar, CVS Pharmacy, Walgreens, Pilot Travel Centers, 7-Eleven, Speedway, Kum & Go, Royal Farms, Go MartRite Aid, Stripes LLC, TAA Operating LLC, Walmart, The Kroger Co, Circle K epi Kwik Trip

Kote yo Sitiye

Limit yo

Sipò

Kijan pou Peye ak Lajan Kach

Asire w ke w kòmanse pwosesis sa a byen anvan dat limit peman w lan pou w evite enterè ak penalite.

Etap 1: Chwazi yon Founisè Peman

Vizite sit ACI Payments, Inc. (an anglè) an ($1.50 frè sèvis sou chak peman) oswa sit Pay1040.com (an anglè) an ($2.50 frè sèvis sou chak peman).

Etap 2: Antre Enfòmasyon ki Nesesè pou Trete Peman w lan

W ap bezwen chwazi an premye, fòmilè enpo a ak ane peman an pral aplike pou li a; apre, antre enfòmasyon kontribyab ou. Lè yo mande pou w chwazi yon metòd peman, chwazi "Peye Ak Lajan Kach." Y ap mande w pou w antre yon adrès imel pou w ka resevwa yon kòdba peman pou w pote bay revandè a.

Etap 3: Tcheke Imel ou pou Konfimasyon ak Kòdba a

Yon fwa w fin ranpli pwosesis peman davans la, w ap resevwa yon imèl ki soti nan men founisè peman an, (customerservice@acipayonline.com oswa noreply@pay1040.com) ki konfime enfòmasyon ou antre yo. Apre sa IRS la pral verifye enfòmasyon ou yo.

Apre IRS la verifye enfòmasyon ou yo, founisè peman w lan (ACI Payments Inc. oswa Pay1040) ap voye yon dezyèm imèl ba ou ak yon lyen ki mennen nan kòd ba peman w ak enstriksyon yo.

Etap 4: Pran kòd ba peman ou a ak lajan ou bay yon detayan k ap patisipe

Swa ou enprime kòd ba peman an lakay ou oswa voye li nan telefòn entelijan ou. Pote kòd ba peman w lan ak peman w lan bay nenpòt machann k ap patisipe pou w fè peman w lan.

Magazen an pral ba w yon resi apre yo fin aksepte lajan w lan. Resi sa a se konfimasyon peman ou a epi w ta dwe konsève l pou dosye ou yo.