Skip to main content

Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman (FIRE)

Retrèt Sistèm FIRE

Akòz retrè pwograme sistèm Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman la (FIRE), IRS pa aksepte nouvo Aplikasyon pou Deklarasyon Enfòmasyon (IR) ankò pou Kòd Kontwòl Transmetè (TCC). Moun ki deja gen aplikasyon yo kapab kontinye mete aplikasyon yo ajou jiska 9 Novanm 2026, apre sa yo pral vin li-sèlman epi yo pral konsève pou referans istorik. 

Itilizatè FIRE aktyèl yo dwe ranpli yon Aplikasyon pou TCC nan Sistèm Resepsyon Deklarasyon Enfòmasyon (IRIS) epi fè tranzisyon pou ale sou IRIS pou ranpli deklarasyon enfòmasyon pou ane fiskal 2026 pandan sezon deklarasyon 2027 la. IRIS pral sèl sistèm elektwonik pou ranpli deklarasyon enfòmasyon yo, ki gen ladan ane aktyèl la, ane anvan yo, oswa koreksyon yo, apre 1ye janvye 2027. Pou plis enfòmasyon, vizite IRS.gov/iris (an anglè).

Dat enpòtan pou sonje

  • 1ye nov. 2026: Dènye jou pou ranpli deklarasyon enfòmasyon pou tès yo atravè Sistèm Tès Patnè Komèsyal FIRE a.
  • 9 nov. 2026: Dènye jou pou fè chanjman nan Aplikasyon IR pou TCC yo. 
  • 19 nov. 2026, a 3 p.m. ET: Dènye jou pou ranpli deklarasyon enfòmasyon yo atravè sistèm FIRE a.

Aplikasyon IR pou TCC

Si ou bezwen fè chanjman nan Aplikasyon IR pou TCC ou genyen deja, ale nan sa ki annapre a:

Ale nan aplikasyon IR pou TCC

Pou plis enfòmasyon sou aplikasyon an, gade Titoryèl Piblikasyon 5911, Aplikasyon pou Kòd Kontwòl Transmetè (TCC) (an anglè) PDF pou Deklarasyon Enfòmasyon (IR).

Moun ki ranpli deklarasyon enfòmasyon epi ki pa baze Ozetazini ta dwe vizite Enskripsyon pou Kòd Kontwòl Transmetè (TCC) pou Depozan Etranje (an anglè). 

Sèvi ak chatbot la

Pwofesyonèl enpo yo, jwenn èd avèk nouvo fonksyon chat nou an.

  • Jwenn repons pou kesyon ou yo sou kòd kontwòl transmetè (TCC yo) ak fason pou ranpli deklarasyon enfòmasyon elektwonikman.
  • Pou kesyon ki konsène kont ou an espesyalman, w ap bezwen yon kont IRS (ID.me).

Aksede sistèm FIRE a

Konekte nan FIRE oswa kreye yon nouvo kont FIRE:

Konekte nan FIRE

Antretyen pwograme pou sistèm FIRE a

Sistèm FIRE yo (pwodiksyon ak tès) gen peryòd antretyen ki pwograme regilyèman chak dimanch soti 2è rive 8è nan maten, lè lès, epi chak mèkredi soti 2è rive 5è nan maten, lè lès.

Gade piblikasyon (yo) ki aplikab ki gen lyen sou paj entènèt sa a pou jwenn plis enfòmasyon.