Penalite sosyete yo estime pou pèman enpo ki pa sifi aplike pou sosyete ki pa bay ase pèman enpo estime oswa ki bay yo anreta. Penalite a kapab aplike menm si dwe w yon ranbousman. Sosyete yo peye anjeneral enpo estime chak trimès si yo atann yo dwe 500 dola oubyen plis enpo estime lè yo depoze deklarasyon enpo yo a. Jwenn kòman kalkile epi peye enpo estime. Koman pou konnen si w dwe penalite a Nou voye pou ou yon notifikasyon oswa yon lèt si w dwe penalite pou pèman enpo yo estime pou sosyete yo ki pa sifi. Pou plis enfòmasyon, gade Konprann notifikasyon oswa lèt IRS ou a. Koman nou kalkile penalite a Nou kalkile montan pèman penalite enpo yo estime pou sosyete yo ki pa sifi selon enpo ki make nan deklarasyon inisyal ou a oswa nan deklarasyon pi resan ou te fè pita nan dat limit la. Enpo ki make nan deklarasyon an se enpo total ou a mwens total kredi ranbousab ou yo. Nou kalkile penalite a baze sou: Montan pèman ki pa sifi a Peryòd kote ou dwe pèman ki pa sifi a e ki poko fin peye. To enterè pou pèman ki pa sifi yo nou pibliye chak trimès. Enterè sou yon penalite Nou mete enterè sou penalite yo Dat nou kòmanse mete enterè yo depann kalite penalite a. Enterè yo ajoute sou montan ou dwe yo jouk ou peye tout dèt ou yo. Pou plis enfòmasyon sou enterè yo nou chaje sou penalite yo, gade Enterè sou pèman ki pa sifi ak pèman ki fèt anplis (an anglè). Peye yon penalite Voye pou nou yon pèman oswa peye tout enpo estime yo yon fwa pou anpeche penalite ak nouvo interè yo vin plis. Efase oswa diminye yon penalite Nou kapab efase oswa diminye yon penalite si youn nan sitiyasyon sa yo aplike: Ou dwe pi piti pase 500 dola Ou kapab montre chèk ki elimine oswa lòt dokiman ki montre montan ak dat pèman enpo estime ou yo. Ou se patisipan nan yon gwoup solid ki kalkile premye pèman pasyèl obligatwa li selon taks fiskal ane ki te pase anvan an Si gen eksepsyon ki aplike epi fè penalite yo vin pi piti, ou met mande nou ranje montan penalite a. Voye Fòm 2220 (an anglè) oswa, si li aplikab, Fòm 2210, Peman Frè Itilizatè (IVES, Administration byen, rezidans ameriken) (an anglè) nan adrès ki sou souch peman notifikasyon w la. Ajoute yon lèt siyen ki konfime presizyon fòmilè a ak pèman tout penalite ou te kalkile yo. Diskite yon penalite Pandan nou pa kapab ranje penalite pèman enpo yo estime pou sosyete yo ki pa sifi pou rezon kòrèk, nou kapab konsidere fè yon ajisteman si nou enpoze penalite a apre w fin konte sou notifikasyon enkòrèk alekri nou te ba w la. Verifye si w kalifye pou kritè sa yo: Konsèy alekri nou te ba w yo te yon repons dirèk pou demann konsèy alekri ou a Konsèy enkòrèk alekri nou te ba w yo pa t rezilta mank materyèl oswa mank enfòmasyon nan demann alekri w pou konsèy la Ou fè konsèy alekri nou yo konfyans ak rezon epi w penalize sou baz konsèy sa yo Si w panse w kalifye pou kritè yo, voye yon deklarasyon siyen sou sanksyon fo temwanyaj ki eksplike koman fo konsèy alekri nou yo pwodwi penalite a. Ajoute yon kopi demann konsèy alekri ou te voye pou nou ak repons ekri nou yo. Poste deklarasyon orijinal la ak kopi pyès ki pou bay prèv nan adrès ki make sou notifikasyon penalite w la. konsève yon kopi dokiman ou voye ban nou yo. Lè w siyen yon deklarasyon sou sanksyon fo temwanyaj, yo kapab rekonèt ou pou yon kriminèl si w bay manti ak tout volonte w nan deklarasyon w la. Evite yon penalite Pou evite yon penalite, fè sa kap vin aprè yo: Fè vèsman pèman estime a lè ou espere taks total ou pou ane a (mwens kredi aplikab) yo dwe 500 dola oswa plis Fè pèman pasyèl anvan kinzyèm jou nan 4, 6, 9 ak 12 mwa nan ane fiskal la. Si yon dat tombe yon samdi, yon dimanch oswa yon jou ferye federal, yo dwe pèman an nan pwochen jou ouvrab nòmal la. Itilize transfè lajan elektwonik pou fè pèman pasyèl enpo yo estime a Mande yon ranbousman rapid si ou peye enpo estime ou a anplis. Itilize Fòm 4466, demand ranbousman rapid nan yon pèman enpo sosyete a estime anplis (an anglè). Swiv entriksyon sa yo pou kalandriye J, pati III, liy 15. Demand pou yon plan pèman Si ou pa kapab peye tout montan enpo ou yo oubyen penalite a nan dat limit la, peye saw kapab kounya epi demand pou yon plan pèman. Ou kapab diminye pwochen penalite yo avèk yon plan pèman. Jwenn èd Pou jwen èd konsènan penalite a, rele nimero telefòn ki make sou notifikasyon oswa lèt ou a. Si w pa resevwa lèt oswa notifikasyon, itilize asistans telefonik. Lalwa ak règleman yo Echèk pèman enpo sosyete a estime sou yon revni —Kòd Revni Entèn § 6655 (an anglè) Ogmantasyon nan enpo sosyete yo — Enpo estime – 26 Kòd Règleman Federal § 1.6655-1 (an anglè) Enpo estime pou deklarasyon konsolide sosyete a — 26 Kòd Règleman Federal § 1.1502-5 (an angle) Sijè ki gen rapò Alèt Sezon Deklarasyon Espesyal Estati Operasyon IRS yo (an anglè) Fòm 2220, Pèman ki pa sifi enpo yo estime pou sosyete (an anglè) Fòm, Enstriksyon ak Piblikasyon (an anglè) Piblikasyon 1, Dwa w Antanke yon Kontribyab Piblikasyon 542, Sosyete yo (an anglè) Bezwen èd? Ou ka otorize yon lòt moun nan (an anglè) pou kontakte IRS pou ou. Gade si w kalifye pou jwenn èd soti Sant pou Kontribyab ki gen Revni Fèb (an anglè). Si w pa kapab jwenn sa w vle a anliy, rele nan nimewo IRS nan pati anlè notifikasyon oswa lèt ou a. Si w pa te resevwa yon lèt oswa yon notifikasyon, itilize asistan telefonik Si ou pa ka rezoud penalite a poukont ou, kontakte Sèvis Defans Kontribyab la, yon òganizasyon endepandan anndan IRS.