Penalite pou Peman Taks Estime ki pa sifi Moun yo fè a aplike pou moun, imobilye ak fideyikomi (trusts) si w pa peye ase taks estime sou revni w oswa w peye l ta. Penalite a kapab aplike menm si nou dwe w yon ranbousman. Jwenn kòman pou kalkile epi peye taks yo estime a. Kòman Ou Konnen W Dwe Penalite a Nou voye yon notifikasyon ba ou si w dwe Penalite pou Peman Taks Estime ki pa sifi Moun yo fè. Pou plis enfòmasyon, gade Konprann notifikasyon oswa lèt IRS ou a. Kòman nou kalkile penalite a Nou kalkile kantite Penalite pou Peman Taks Estime ki pa sifi Moun yo fè ki baze sou taks yo montre nan deklarasyon orijinal ou a oswa sou yon deklarasyon ki pi resan ke ou te depoze nan dat delè a oubyen anvan. Enpo ki make nan deklarasyon an se enpo total ou a mwens total kredi ranbousab ou yo. Nou kalkile penalite a selon: Montan peman ki pa sifi a Peryòd tan lè peman an te ekspire a epi li pa t ko peye a To enterè pou peman ki pa sifi nou pibliye chak kat mwa Enterè sou yon penalite Nou touche enterè sou penalite yo. Dat nou kòmanse ajoute enterè varye dapre kalite penalite a. Enterè yo ogmante kantite lajan ou dwe jiskaske ou peye balans ou an plen. Pou plis enfòmasyon sou enterè nou ajoute sou penalite yo, gade Enterè sou pèman ki pa sifi ak pèman ki fèt anplis. Peye yon penalite Voye ban nou yon pèman oswa peye taks estime ou yo an plen atan pou anpeche penalite ak enterè yo vini pi plis apre. Retireoswa Diminye yon Penalite Nou kapab retire oswa diminye yon penalite pou echèk pèman enpo estime ou yo nan sikonstans ki limite: Nou ka diminye yon penalite si youn nan kondisyon sa yo aplike: Ou menm oswa patenè ou (si nou fè yon deklarasyon konjwen) pran retrèt nan 2 dènye ane yo aprè ou fin rive nan laj 62 lane oswa vin pa valide epi ou te genyen koz rezonab pou pèman ki pa sifi oswa peye taks estime ou yo anreta. Gade renonsyasyon penalite a nan Enstriksyon pou Fòm 2210 (an anglè)PDF. Pifò nan taks ou yo te rete nan kòmansman ane a olye pou yo te pataje egal pandan tout ane a. Ranpli Fòm 2210, Peman Taks Estime ki pa sifi Moun, Imobilye, ak Fideyikomi (Trust) yo fè (an anglè). Revni ou varye pandan ane a. Ranpli Fòm 2210, Anèks AI, Metòd Vèsman Revni Anyèl (an anglè)PDF (jwenn nan fòmilè a). Diskite yon penalite Si ou pa gen dwa a eliminasyon oswa diminisyon penalite a pou kòz retrè oswa envalidite, nou pap kapab ajiste Penalite pou Pèman Taks Estime ki pa sifi Moun yo fè pou yon kòz rezonab. Nou ka konsidere fè yon ajisteman si nou enpoze penalite a apre ou fin apiye sou konsèy ekri ki pa kòrèk nou te ba ou a. Verifye si ou reponn ak kritè sa yo: Konsèy ekri nou te ba ou a te an repons dirèk a demann konsèy ekri ou a konsèy ekri ki pa kòrèk nou te ba ou yo pat rezilta omisyon materyèl oswa enfòmasyon ki gen erè nan demann konsèy ekri ou a Ou fè konsèy ekri nou yo konfyans avèk rezon epi ou penalize sou baz konsèy sa yo Si ou panse ou reponn ak kritè sa yo, voye yon deklarasyon ki siyen anba sanksyon fo temwayaj ki dekri kijan konsèy ekri ki gen erè nou yo te lakòz penalite a. mete yon kopi demann konsèy ekri ou te voye pou nou yo ak repon ekri nou an. Voye orijinal deklarasyon an avèk pyès ki ka pwouve adrès ki sou avi penalite a. Sere yon kopi dokiman ou voye pou nou yo. Lè ou siyen yon deklarasyon sou sanksyon fo temwanyaj, ou kapab rekonèt koupab pou yon krim si ou bay manti ak volonte w nan deklarasyon w lan. Evite yon Penalite Pou evite yon penalite, peye bon taks estime ou yo atan. Jwenn kijan pou kalkile epi peye enpo estime yo. Ou kapab evite Penalite pou Pèman Taks Estime ki pa sifi Moun fè si: Deklarasyon taks ou fè a montre ou dwe mwens pase 1,000 $ oswa Ou peye pou pi piti 90% taks ki make sou deklarasyon ane taksab la oswa 100% enpo ki make sou deklarasyon ane anvan an kèlkeswa sa kantite lajan an manke. Règ Espesyal pou Kiltivatè yo ak Pechè yo Agrikiltè ak pechè ki kalifye yo selman bezwen peye davans detyè (2/3) enpo yo (66,67 %) oswa 100% enpo ki make nan deklarasyon enpo ane avan an, kèlkeswa kantite lajan an mwens. Pou plis enfòmasyon, gade agrikiltè ak pechè nan Piblikasyon 505, Prelèvamn Taks ak Estimasyon Taks (an anglè). Agrikiltè ak pechè kalifye yo se moun, imobilye, ak fideyikomi (trusts) ki genyen pou pi piti detyè (2/3) revni an gwo ajiste nan agrikilti oswa lapèch, ranpli Fòm 2210-F, Mank Pèman Taks Estime Agrikiltè yo ak Pechè yo (an anglè) pou ou wè si ou dwe yon penalite pou mank pèman taks estime. Aplike pou yon Plan Pèman Si ou pa kapab peye tout kantite enpo ou yo atan, peye sa ou kapab kounya epi aplike pou yon plan pèman. Ou kapab diminye nouvo penalite yo avek yon plan pèman. Jwenn Èd Pou jwenn èd konsènan yon penalite, rele nimewo telefòn ki sou avi oubyen lèt ou a. Si ou pa resevwa lèt oswa notifikasyon, itilize asistans telefonik. Lalwa ak Règleman yo Echèk Pèman Taks Estime sou Revni yon Moun — Kòd Revni Entèn § 6654 (an anglè) Ajoute nan Taks pou yon Moun — Taks Estime — Kòd 26 Règleman Federal § 1.6654-1 (an anglè) Eksepsyon Obligasyon pou Penalite pou Pèman Taks Estime ki pa sifi — Moun yo — Kòd 26 Règleman Federal § 1.6654-2 (an anglè) Sijè ki gen rapò Alèt Sezon Deklarasyon Espesyal Estati Operasyon IRS yo (an anglè) Estimasyon Enpo Peye ti kras pa ti kras, pou pa gen dèt:Yon gid pou kenbe taks,enpo estime ak pou mwayen pou evite penalite fiskal estime yo (an anglè) Sant Fiskal pou Ekonomi Ti Travay Sant Taks pou Travayè Endepandan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo Piblikasyon yo Piblikasyon 505, Prelèvman Taks ak Estimasyon Taks (an anglè) Piblikasyon 1, Dwa Ou Genyen kòm KontribyabPDF Bezwen èd? Ou ka otorize yon lòt moun nan (an anglè) pou kontakte IRS pou ou. Gade si w kalifye pou jwenn èd soti Sant pou Kontribyab ki gen Revni Fèb (an anglè). Si w pa kapab jwenn sa w vle a anliy, rele nan nimewo IRS nan pati anlè notifikasyon oswa lèt ou a. Si w pa te resevwa yon lèt oswa yon notifikasyon, itilize asistan telefonik Si ou pa ka rezoud penalite a poukont ou, kontakte Sèvis Defans Kontribyab la, yon òganizasyon endepandan anndan IRS.