Prelèvman Taks pou Moun

Taks federal sou revni an se yon taks w ap peye a mezi w ap fè kòb. Ou peye taks la a mezi w ap resevwa lajan pandan ane a.

Kisa Prelèvman Taks ye?

Si ou se yon anplwaye, patwon ou an pwobableman kenbe taks sou salè ou epi peye IRS la ak li sou non ou.

Kisa Estimasyon Taks ye?

Si ou pa peye taks ou atravè prelèvman, oubyen ou pa peye ase taks fason sa a, ou ka nan nesesite pou peye estimasyon taks. Travayè endepandan yo jeneralman peye taks yo nan fason sa a.

Tcheke Prelèvman Fiskal Ou

Evite sipriz nan jou deklarasyon taks ou epi verifye montan prelèvman ou. Twò piti ka lakòz ou gen yon bil taks oswa amann. Peye twòp ka vle di ou p ap ka sèvi ak lajan an toutotan ou pa resevwa kòb ranbousman taks la.

Itilize Estimatè Prelèvman Fiskal la

Kilè pou Ou Tcheke Prelèvman Fiskal Ou:

  • Kòmansman ane a
  • Lè lwa sou taks la chanje
  • Lè w gen chanjman nan lavi w:
    • Fason w Viv - Maryaj, divòs, fè timoun oswa adopte yon timoun, achte kay, retrete, deklare fayit chapit 11
    • Revni salè w - Ou menm oswa konjwen w kòmanse oswa sispann travay, oswa kòmanse oubyen kite yon dezyèm djòb
    • Revni ki ka gen taks ki pa sijè a prelèvman - Revni sou enterè, dividann, valè ajoute sou kapital, revni travayè endepandan, distribisyon IRA (ki gen ladan li Roth IRA)
    • Ajisteman nan revni- dediksyon IRA, dediksyon sou enterè lajan prè etidyan, depans pou pansyon alimantè
    • Dediksyon detaye oswa kredi taks - Depans medikal, taks, depans sou enterè, don bay charite, depans pou swen depandan, kredi edikasyon, kredi taks pou timoun, kredi taks ou genyen

Chanje Prelèvman Ou

Remak: Ou ka sèvi ak rezilta ou jwenn nan Estimatè Prelèvman Fiskal la. Pou chanje prelèvman taks ou a, ou ta dwe:

Konprann Prelèvman Taks

  • Kòb regilye w touche, pèman vakans ak komisyon.
  • Ranbousman ak lòt avantaj depans yo peye w men ki pa antre nan yon plan kontabilize.
  • Pansyon, bonis, komisyon, gany nan jwe aza epi kòk lòt revni.

Sa depann de:

Remak: Ou dwe presize yon kondisyon fiskal sou Fòm W-4 epi konplete lòt pati nan fòm nan si ou espere jwenn revni anplis, dediksyon ki depase dediksyon estanda, oswa kredi taks. Ou pa ka presize sèlman yon montan dola pou patwon ou prelve.