Kite N Ede W

Zouti ak Resous Anliy yo

W ap tann yon ranbousman?

  • IRS la bay plis pase 9 sou 10 ranbousman nan mwens pase 21 jou.

Kilè pou w verifye estati ranbousman w lan:

  • Nan 24 è apre nou fin resevwa deklarasyon ou te depoze pa vwa elektwonik la; oswa
  • 4 semèn apre ou fin voye deklarasyon sou papye w la lapòs.

Ou ta dwe rele sèlman si:

Sa ap pran nou plis tan pou nou trete dokiman yo voye pa lapòs ki gen ladan yo deklarasyon enpo sou papye yo. N ap trete tout dokiman lapòs yo nan lòd nou resevwa yo a. Pa soumèt yon dezyèm deklarasyon enpo ni rele IRSJwenn dènye enfòmasyon sou operasyon ak sèvis IRS yo (an anglè).

Pou verifye estati deklarasyon amande w la:

  • Ou dwe tann 3 semèn apre ou fin soumèt fòm nan anvan w itilize zouti Kote Deklarasyon Amande Mwen an?

Ou ta dwe rele sèlman si:

  • Sa gen plis pase 16 semèn depi ou te voye deklarasyon amande w la lapòs; oswa
  • Zouti Kote Deklarasyon Amande Mwen an? mande ou pou w rele nou.

Sa ap pran nou plis tan pou nou trete dokiman nou resevwa pa lapòs yo ansanm avèk deklarasyon sou papye yo tou. N ap trete tout dokiman lapòs yo nan lòd nou resevwa yo a. Pa soumèt yon dezyèm deklarasyon enpo ni rele IRSJwenn dènye enfòmasyon sou operasyon ak sèvis IRS yo (an anglè).

Asistans pa Telefòn ak Lokal

Si ou te voye yon deklarasyon enpo pa lapòs epi ou poko tande nou, pa rele ni soumèt yon dezyèm deklarasyon. Gade dire atant yo prevwa pou operasyon ak sèvis IRS ki ankou yo (an anglè).

Asistan pa telefòn nou yo kapab ede konsènan anpil sijè men, gade lis sijè asistan nou yo pa ka abòde yo (an anglè).

Verifye idantite w lè w rele

Reprezantan nou yo dwe verifye idantite w anvan nou diskite sou enfòmasyon pèsonèl ou.

Mete sa yo prè lè ou ap rele:

Patikilye yo

  • Nimewo Sekirite Sosyal yo (SSN) ak dat nesans yo
  • Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) pou kontribyab ki pa genyen yon nimewo Sekirite Sosyal
  • Kondisyon fiskal – selibatè, chèf fwaye, marye k ap fè deklarasyon konjwen, oswa marye k ap fè deklarasyon apa
  • Deklarasyon enpo ane ki pase
  • Deklarasyon enpo w ap rele pou li a
  • Tout korespondans nou te voye ba ou

Lòt pati k ap rele pou yon lòt moun

Lòt pati k ap rele pou yon kontribyab ki mouri

Nimewo telefòn IRS – Dire Atant Apèl yo

Sezon Deklarasyon
(Janvye - Avril)

  • Dire atant pou sèvis nan telefòn yo kapab 13 minit an mwayèn. Gen liy sèvis telefonik ki ka gen dire atant ki pi long.
  • Dire atant pou sèvis nan telefòn yo pi long jou lendi ak madi, pandan wikenn Jounen Prezidan (Presidents Day) ak nan alantou dat limit deklarasyon fiskal mwa avril la.

Sezon Apre Deklarasyon
(Me - Desanm)

  • Dire atant pou sèvis nan telefòn kapab 19 minit an mwayèn. Gen liy sèvis telefonik ki ka gen dire atant ki pi long.
  • Jeneralman, dire atant sèvis telefonik yo pi long jou lendi ak madi.

Liy asistans nou yo louvri soti lendi rive vandredi. Rezidan Alaska ak Hawaii ta dwe swiv lè Pasifik la. Liy telefòn nan pòtoriko yo louvri soti 8 è nan maten pou 8 è nan aswè nan lè lokal.

Moun yo
800-829-1040
7 è nan maten pou 7 è nan aswè, lè lokal

Antrepriz yo
800-829-4933
7 è nan maten pou 7 è nan aswè, lè lokal

Enpo benevòl yo
877-829-5500
8 è nan maten pou 5 è apremidi, lè lokal

Enpo sou testaman ak don (Fòm 706/709)
866-699-4083
8 è nan maten pou 3:30 nan apremidi, lè ès

Enpo endirèk
866-699-4096
​​​​​8 è nan maten pou 6 è nan aswè, lè ès

Moun  k ap rele depi aletranje yo
itilize paj Sèvis Entènasyonal nou an. 

Moun ki gen pwoblèm tande k ap rele yo
TTY/TDD 800-829-4059

Sèvis Entèpretasyon
Si ou pa kapab jwenn repons pou kesyon sou enpo ou yo sou IRS.gov, nou kapab ofri w èd nan plis pase 350 lang gras ak sipò entèprèt pwofesyonèl yo. Pou asistans nan lang panyòl, rele 800-829-1040. Pou tout lòt lang yo, rele 833-553-9895. W ap jwenn yon asistan IRS k ap kapab:

Demann pou yon rankont fas-a-fas pou èd
Ou kapab pran yon randevou nan yon biwo lokal IRS pou w jwenn èd. Lè randevou yo varye selon pwoblèm fiskal yo ak kote biwo yo ye. 

Pou ede pwoteje kontribyab yo ak anplwaye yo, Zouti pou jwenn aksè nan enstalasyon CDC COVID-19 la (an anglè) disponib pou moun yo ka detekte sentom yo poukont yo. Zouti sa se pou anplwaye IRS yo, kontribyab yo, pwofesyonèl fiskal yo ak lòt ankò itilize, si yo vle, anvan yo antre nan yon batiman IRS. IRS la angaje li pou li bay pwoteksyon kont pwopagasyon COVID-19 la, e nou ankouraje moun yo itilize zouti oto-depistaj sa a anvan yo ale nan yon batiman IRS.

Ou kapab jwenn biwo ki pi pre w la gras ak zouti Lokalizatè Asistans pou Kontribyab (an anglè). Depi ou fin jwenn biwo lokal ou a, gade ki sèvis ki disponib. Epi rele 844-545-5640 pou w pran yon randevou.

Biwo IRS yo fèmen nan jou konje nasyonal yo (an anglè).

Gen Èd pou Deklarasyon Enpo Gratis ki Disponib
Kèk kontribyab ka kalifye pou jwenn èd pou preparasyon deklarasyon enpo gratis ak deklarasyon elektwonik nan yon biwo ki toupre kote yo rete a. Pou plis enfòmasyon, gade Volontè pou Asistans pou Enpo sou Revni ak Konsèy Fiskal pou Pèsonaj yo.

Sèvis Defans pou Kontribyab
Si ou gen pwoblèm fiskal akoz difikilte finansyè oswa menas mezi defavorab imedya epi ou pat anmezi pou w rezoud yo avèk IRS la, Sèvis Defans pou Kontribyab (TAS) (an anglè) la ka anmezi pou l ede ou.