Penalite pou pèman enpo estimesosyete yo ki pa sifi

Penalite pou pèman enpo sosyete yo estime ki pa sifi aplike pou sosyete ki pa bay ase pèman enpo estime oswa ki bay yo anreta. Penalite a kapab aplike menm si nou dwe w yon ranbousman.

Jeneralman sosyete yo peye enpo estime chak trimès si yo atann y ap dwe $500 oubyen plis kòm enpo estime lè yo depoze deklarasyon enpo yo a.

Chèche konnen fason pou w kalkile epi peye enpo estime

Kòman ouw konnen ou dwe penalite a

Nou voye pou ou yon notifikasyon oswa yon lèt si w dwe penalite pou pèman enpo estime sosyete yo ki pa sifi. Pou plis enfòmasyon, gade Konprann notifikasyon oswa lèt IRS ou a.

Kòman nou kalkile penalite a

Nou kalkile montan pèman penalite enpo estime sosyete yo ki pa sifi a selon enpo ki make nan deklarasyon inisyal ou a oswa nan deklarasyon ki pi resan ou te fè nan oubyen anvan dat limit la. Enpo ki make nan deklarasyon an se enpo total ou a mwens total kredi ranbousab ou yo.

Nou kalkile penalite a baze sou:

Enterè sou yon penalite

Nou mete enterè sou penalite yo

Dat nou kòmanse mete enterè yo depann de kalite penalite a. Enterè yo ajoute sou montan ou dwe yo jiskaske ou peye tout dèt ou yo nèt. Pou plis enfòmasyon sou enterè nou chaje sou penalite yo, gade Enterè.

Peye yon penalite

Voye yon peman pou nou oswa peye tout enpo estime ou yo a lè pou anpeche penalite yo ak nouvo interè yo vin plis alavni.

Efase oswa diminye yon penalite

Nou kapab efase oswa diminye yon penalite si youn nan sitiyasyon sa yo aplike:

  • Ou dwe pi piti pase $500
  • Ou kapab montre chèk ki anile yo oswa lòt dokiman ki montre montan ak dat ou te fè peman enpo estime yo.
  • Ou se patisipan nan yon gwoup konpayi ki ap kalkile premye vèsman obligatwa li ki baze sou enpo ane anvan an

Si gen eksepsyon ki aplike epi fè penalite yo vin pi piti, ou ka mande nou aranje montan penalite a. Voye Fòm 2220 (an anglè), Sou peman Enpo Estime Sosyete yo, oswa, si li aplikab, Fòm 2210, Sou Pèman Enpo Estime Patikilye yo, Pwopriyete yo ak Fideyokomi yo (an anglè) nan adrès ki sou souch pèman notifikasyon w la. Ajoute yon lèt siyen ki konfime presizyon fòmilè a ak pèman pou tout penalite ou te kalkile yo.

Diskite yon penalite

Byenke nou pa kapab ajiste penalite sou peman enpo estime sosyete yo ki pa sifi a pou rezon kòrèk, nou kapab konsidere fè yon ajisteman si nou te enpoze penalite a apre w fin konte sou notifikasyon enkòrèk alekri nou te ba w.

Verifye si w kalifye pou kritè sa yo:

  • Konsèy alekri nou te ba w yo te yon repons dirèk pou demann konsèy alekri ou a
  • Konsèy enkòrèk alekri nou te ba w yo pa t rezilta mank materyèl oswa mank enfòmasyon nan demann alekri w pou konsèy la
  • Ou fè konsèy alekri nou yo konfyans ak rezon epi yo penalize w sou baz konsèy sa yo

Si w panse w kalifye pou kritè yo, voye yon deklarasyon siyen sou sanksyon fo temwayaj ki eksplike kòman konsèy enkòrèk alekri nou yo lakòz penalite a. Ajoute yon kopi demann konsèy alekri ou te voye pou nou ak repons ekri nou yo. Poste deklarasyon orijinal la ak kopi pyès ki pou bay prèv nan adrès ki make sou notifikasyon penalite w la. Konsève yon kopi dokiman ou voye ban nou yo.

Lè w siyen yon deklarasyon sou sanksyon fo temwayaj, yo kapab rekonèt ou koupab pou yon krim si w bay manti ak tout volonte w nan deklarasyon w lan.

Evite yon penalite

Pou evite yon penalite, fè sa kap vin aprè yo:

Aplike pou yon plan peman

Si ou pa kapab peye tout montan enpo ou yo oubyen penalite a nan dat limit la, peye sa w kapab kounye a epi aplike pou yon plan peman. Ou kapab diminye pwochen penalite yo avèk yon plan peman.

Chèche èd

Pou jwen èd konsènan yon penalite, rele nimero telefòn ki make sou notifikasyon oswa lèt ou a. Si w pa resevwa lèt oswa notifikasyon, itilize asistans telefonik.

Lalwa ak règleman yo

Bezwen èd?