Chèk yo Refize oswa Lòt Fòm Penalite Peman

Chèk yo Refize oswa Lòt Fòm Penalite Peman aplike si w pa gen ase lajan nan kont labank ou pou kouvri pèman w te fè pou taks ou dwe a. Bank ou a pa asepte epi li retounen vye chèk ou a oswa pèman elektwonik ou an epi li di montan an pa peye a.

Kòman w konnen ou dwe penalite a

Nou voye yon avi ba ou si w dwe Chèk yo pa Aksepte a oswa Lòt Fòm Penalite Peman. Pou plis enfòmasyon, gade Konprann Avi oswa Lèt IRS ou a.

Kòman nou kalkile penalite a

Nou kalkile penalite pou montan lajan Chèk yo pa Aksepte a oswa Lòt Fòm Penalite Peman  selon montan lajan vye chèk la oswa pèman elektwonik la.

Montan Vye Chèk oswa Peman Elektwonik Penalite
Pi piti pase $1,250 Montan pèman an oswa $25, nenpòt nan yo ki pi ba
$1,250 oswa pi plis 2% nan montan pèman an

Enterè sou yon penalite

Nou mete enterè sou penalite yo.

Dat nou kòmanse mete enterè yo depann de kalite penalite a. Enterè yo ajoute sou montan ou dwe yo jouk ou peye tout dèt ou yo. Pou plis enfòmasyon sou enterè yo nou touche sou penalite yo, gade Enterè.

Peye yon penalite

Voye yon pèman pou nou oswa peye tout enpo w yo pou anpeche penalite ak nouvo enterè yo vin plis.

Efase oswa Diminye yon Penalite

Nou pa touche penalite sa a si w te fè yon pèman de bònfwa epi ou te gen yon rezon valab pou w te kwè te genyen ase lajan nan kont labank ou pou kouvri pèman an.

Swiv etap sa yo si w bezwen nou efase oswa redwi penalite w la:

  1. Voye yon deklarasyon alekri ban nou ki esplike poukisa w kwè nou dwe rekonsidere penalite a.
  2. Mete ladan’l nenpòt dokiman ki montre te gen ase lajan nan kont labank ou pou kouvri pèman an. Dokiman yo ka genyen yon deklarasyon labank oswa yon lèt ki soti nan bank oswa ajans k’ap trete pèman w lan.
  3. Siyen epi mete dat sou deklarasyon alekri w la epi voye’l pa lapòs nan adrès ki sou avi w la.

Nou pral revize deklarasyon alekri w la epi n ap kite w konnen si nou aksepte li kòm yon kòz ki valab.

Konteste yon penalite

Si w pa dakò ak montan w dwe a, ou ka konteste penalite a.

Pou konteste penalite a paske bank ou refize pèman w lan pa erè, voye yon lèt ban nou ki esplike poukisa w kwè nou pa ta dwe chaje’w pou penalite a. Mete ak lèt ou a, pèman w pou sèlman montan pèman w dwe a.

Genyen enfòmasyon sa yo lè w ap rele oswa voye lèt ou a:

  • Avi oswa lèt nou te voye ba w la
  • Penalite ou vle nou rekonsidere a (pa ekzanp, yo Chèk yo Refize oswa Lòt Fòm Penalite Peman 2020)
  • Pou chak penalite, esplike poukisa w panse nou dwe retire’l

Si w pa’t resevwa yon avi oswa yon lèt, jwenn asistans telefòn.

Evite yon penalite

Ou ka evite yon penalite lè w kite ase lajan sou kont labank ou pou kouvri pèman ou yo.

Aplike pou yon plan pèman

Si w pa kapab peye tout montan lajan taks ou yo oswa penalite yo alè, peye sa w kapab yo kounya epi aplike pou yon plan pèman. Ou ka redwi pwochen penalite lè w aranje yon plan pèman.

Chache Èd

Pou èd ak yon penalite, rele nimewo telefòn sou avi oswa lèt ou a. Si w pa’t resevwa yon lèt oswa avi, itilize asistans telefòn.