IRS di konsa si w Verifye Chèk Pèman w, sa ap evite sipriz nan taks

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

IR-2020-149, 10 Jiyè 2020

Wachingtonn — Sèvis Revni Entèn ap fè kontribyab taks yo sonje si yo sevi ak Estimatè Prelèvman Taks pou yo verifye Chèk yo (an anglè) , sa ka ede yo konnen kantite kòb taks ki prelve sou yo epi konsa tou y ap evite sipriz lè pou yo fè deklarasyon nan lane k ap vini an.

Puiske taks sou revni se peye l amezi w ap touche (an anglè), lalwa mande kontribyab taks yo pou yo peye pi fò taks yo chak fwa yo rantre kòb. Genyen de fason pou sa fèt:

  • Nan prelèvman ki fèt sou chak chèk moun touche, nan pèman pansyon, lajan Sekirite Sosyal oswa kèk lòt pèman gouvènman bay.
  • Nan fè pèman estimasyon taks chak twa mwa pandan ane fiskal la pou revni prelèvman pa ka fèt sou yo.

Prelèvman taks sou revni fèt an jeneral daprè estati deklarasyon travayè a ak daprè nòm dediksyon. Estimatè prelèvman taks la se yon zouti ki sou IRS.gov ki konsevwa pou ede kontribyab taks yo detèmine kantite egzat kòb taks ki dwe prelve nan chèk yo. Li ofri ouvriye, retrete, travayè endepandan ansanm ak tout lòt kontribyab taks yon metòd ki klè, ki detaye epi ki ka ede yo konnen si gen bezwen pou ajiste prelèvman yo epi soumèt yon lòt Fòmilè W-4 bay anplwayè yo a. Dènye nouvèl sou Estimatè Prelèvman Taks bay eksplikasyon detaye nan Paj Rezilta Yo.

Ki lè pou n egzamine yon chèk nou touche

Kontribyab taks yo dwe verifye prelèvman ki fèt sou yo chak ane, epi chak lè gen chanjman nan lavi yo tankou maryaj, timoun ki fèt, adopsyon epi tou kay ki achte. IRS rekòmande tout moun ki te chanje prelèvman yo nan ane a osinon ki te resevwa yon bòdwo pou taks aprè yo fin soumèt deklarasyon 2019 yo a pou yo pran tan egzamine chèk yo touche.

Estimasyon Taks

Kontribyab taks yo ki gen yon bon valè pòsyon nan revni yo antre ki pa gen prelèvman ki ka fèt sou yo - tankou travayè endepandan, envestisè, retrete, sila yo ki gen byen, dividann, gen kapital, pansyon alimantè oubyen revni ki fèt nan lwaye - bezwen peye chak twa mwa plan pèman estimasyon taks.

IRS fè kontribyab taks yo sonje genyen anpil tranzaksyon lajan, sitou lè sa rive byen ta nan ane a, ki ka genyen retonbe ekonomik moun pat espere. Egzanp tankou bonis konje ak fendane, dividann sou gwoup Aksyon, gen kapital moun retire nan fon komen, fon plasman, deviz vityèl, byen pwopriyete ak lòt pwopriyete moun vann pou fè lajan.

Fòmilè 1040-ES, Estimasyon Taks Endividyèl (an anglè), gen landan li enstriksyon ki ka ede kontribyab taks yo kalkile estimasyon taks yo. Yo kapab ale tou sou IRS.gov/payments pou yo peye sou entènèt. IRS ofri de opsyon gratis pou fè pèman sou entènèt kote kontribyab yo kapab pwograme pèman pou estimasyon taks federal yo menm 30 jou alavans si se Pèman Dirèk oswa menm 365 jou alavans si se Sistèm Elektwonik pou Peye Taks Federal (EFTPS).

Pou plis enfòmasyon, gade: