Kondisyon pou yon fabrikan kalifye pou kredi machin pwòp

Si w se yon fabrikan machin pwòp ki elijib, tankou machin elektrik (EVs), machin ibrid ploge (PHEV) ak machin elektrik selil gaz, pou machin sa yo kalifye pou kredi enpo pou machin pwòp, yo dwe antre nan yon akò alekri avèk IRS epi rapòte enfòmasyon pou chak machin pwòp elijib ou fabrike atravè pòtal IRS Kredi Enèji sou entènèt la.

Ki moun ki kalifye

Yon fabrikan, jan sa defini nan IRC 30D(d)(3), ki fabrike machin ki satisfè kondisyon ki nan seksyon lwa sa yo ka soumèt yon demann pou vin yon fabrikan ki kalifye:

  • Nouvo machin elektrik anba IRC 30D
  • Machin dezyèm men elektrik anba IRC 25E
  • Machin komèsyal pwòp anba IRC 45W

Enskri kòm yon fabrikan ki kalifye

Yon fabrikan ki elijib dwe soumèt demann li pou l vin yon fabrikan kalifye atravè pòtal IRS Kredi Enèji sou entènèt la. Amwenske fabrikan a resevwa yon rekonesans nan men IRS, fabrikan a pa yon fabrikan ki kalifye pou machin pwòp. IRS pral bay pwochen etap yo tou yon fwa yo rekonèt yon akò, sa enkli egzijans pou rapòte enfòmasyon sou machin ki elijib yo.

Si yon fabrikan pa satisfè egzijans rapòte ak lòt kondisyon nan akò fabrikan kalifye a, akò a ka anile.

Premye etap ou nan soumèt demann ou an pou w vin yon fabrikan ki kalifye sou pòtal la se enskri biznis ou a.

Ki sa w ap bezwen pou w enskri

IRS itilize ID.me, yon founisè teknoloji, pou bay sèvis verifikasyon idantite ak enskripsyon.

  • Si w gen yon kont ID.me, konekte avèk kont ou gen deja a.
  • Si w se yon nouvo itilizatè, gen foto idantifikasyon ou pare. Verifye idantite pèsonèl ou - pa enfòmasyon biznis ou a - avèk ID.me.

Enskripsyon biznis pou premye fwa

Ou dwe yon reprezantan otorize nan biznis la andanm avèk enfòmasyon sa yo:

  • Nimewo idantifikasyon anplwayè biznis ou a (EIN)
  • Non ak adrès biznis la

Anrejistre biznis ou (an anglè)

Yon fwa ou rive nan pòtal Kredi Enèji sou entènèt la, ou pral wè plizyè opsyon. Klike sou lyen Enskripsyon Fabrikan Machin Pwòp la.

Itilizatè ki retounen yo

Aksede enfòmasyon biznis ou anrejistre (an anglè)

Yon fwa ou rive nan pòtal Kredi Enèji sou Entènèt la, ou pral wè plizyè opsyon. Klike sou lyen Fabrikan Machin Pwòp la.

Fabrikan ki te deja anrejistre epi depoze akò alekri dapre pwosedi ki nan seksyon 6.01 Rev. Proc. 2022-42 dwe antre nan nouvo akò alekri atravè pòtal IRS Kedi Enèji sou Entènèt la.

Enskripsyon fabrikan ak enfòmasyon pou rapò sou machin ki kalifye yo

Pou enstriksyon sou pwosedi enskripsyon fabrikan ki kalifye yo ak enfòmasyon sou rapòte machin ki kalifye yo gade:

  • Rev. Proc. 2023-38 (an anglè), Pwodiktè ki kalifye pou machin pwòp, soumèt enfòmasyon yo bay IRS, machin pwòp Dezyèmmen, ak Machin Pwòp Komèsyal yo, ki te ranplase an pati Rev. Proc. 23-33.
  • Rev. Proc. 2023-33 (an anglè), Transfè Kredi anba Seksyon 30D ak 25E soti nan kontribyab rive nan yon antite ki elijib ak Egzijans Mizajou pou Fabrikan ak Vandè Kalifye, ki ranplase an pati Rev. 22-42.
  • Rev. Proc. 2022-42 (an anglè), Konpayi fabrikasyon ki kalifye pou machin pwòp, machin pwòp dezyèm men, ak machin pwòp komèsyal yo soumèt enfòmasyon bay IRS; Vandè Machin Pwòp ak Machin Dezyèm men soumèt enfòmasyon bay IRS, ki te ranplase an pa Rev. Proc. 23-33.

Deklarasyon presizyon

Jan sa prevwa nan enstriksyon sou pwosedi a, chak rapò ekri konsènan machin yo dwe gen ladann l yon deklarasyon, ki aplikab a sètifikasyon an, deklarasyon, ak nenpòt dokiman ki akonpaye yo, ki siyen pa yon moun ki kounye a otorize pou sekirize fabrikan ki kalifye a (oswa, nan ka yon fabrikan machin etranje, distribitè domestik li a) nan zafè sa yo.

Deklarasyon an dwe di: "Anba penalite pou fo temwayaj, mwen deklare mwen te egzamine rapò sa a, ki gen ladan l dokiman ki akonpaye l yo, e dapre sa mwen konnen ak kwayans mwen mwen sètifye rapò sa a se laverite, li kòrèk e li konplè."

Lè pou soumèt rapò yo

Jan sa prevwa nan konsèy pwosedi a, fabrikan ki kalifye yo dwe ranpli rapò yo anvan kenzyèm (15yèm) nan chak mwa. Ou ka ranpli rapò pi souvan. Ou dwe yon fabrikan ki kalifye pou soumèt rapò.

Ki jan yo soumèt rapò

Imèl irs.clean.vehicles.qm.reporting@irs.gov pou mande enstriksyon pou soumèt rapò chak mwa. Ou dwe yon fabrikan ki kalifye pou soumèt rapò.

Kredi Veyikil Komèsyal Pwòp

Ki gen rapò

Lwa