Yon Rega Rapwoche sou Kredi Enpo sou Revni ou Antre

People holding the American flag

Pote yon rega rapwoche sou Kredi Enpo sou Revni ou Antre (EITC), ki se yon kredi enpo federal ki bay ouvriye ak fanmi ameriken yo èd finansye.

Enfòmasyon sou ranbousman kredi enpo sou revni ou antre (EITC) a disponib sou “Kote Ranbousman Mwen an” depi 19 fevriye; nou ka espere pifò ranbousman yo ap tonbe ozalantou de premye (1ye) mas

Aprann konnen IRS, pèsonèl li yo ak sousi kontribyab yo konn genyen


2D EITC block letters with candid images of people on top

Otè Gwen Garren
CL-22-04, 17 fevriye 2022

Majorite moun wè IRS tankou yon ajans ki la pou kolekte taks, san yo pa konnen, chak ane, ajans nou an distribiye plizyè bilyon dola sou fòm kredi taks bay moun, fanmi ak biznis ki kalifye yo. Nan ane ki sot pase a nou te okipe anpil epi mwatye nan kredi n ap bay yo, tankou pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak kredi nou bay biznis yo pou anplwaye ki toujou ap travay pandan pandemi an. Pou moman an, nou vle rasire nou tout moun konnen kisa Kredi Enpo sou Revni ou touche a oswa EITC a ye. Li se youn nan pi gwo kredi taks ranbousab gouvènman federal la, epi fanmi ki gen pa gen gwo revni yo ak sa ki gen revni mwayen yo kapab reklame li lè yo fè yon deklarasyon taks 2021. Pandan majorite moun ki kalifye yo ap reklame EITC a chak ane, youn sou senk (5) kontribyab ki kalifye pa reklame kredi a epi yo manke nan lajan yo kolekte yo gen dwa pou li a yo te ka gen nan men yo nan pandemi an. Lesansyèl la sèke sila yo ki kalifye pou EITC a dwe fè yon deklarasyon taks pou yo kapab reklame kredi a.

Ane sa a, akoz chanjman ki fèt nan ane fiskal 2021 an, EITC a vo $6,728 pou yon fanmi ki genyen twa (3) oswa plis timoun kalifye ki gen nimewo sekirite sosyal valid oswa jiska $1,502 pou kontribyab ki kalifye pou EITC otonòm nan. Pou sila yo ki kalifye pou reklame EITC a, si kredi a plis pase montan taks yo dwe a, y ap resevwa yon ranbousman pou diferans lan. Epitou, li enpòtan anpil pou remake se pa tout Pèman Enpak Ekonomik nou resevwa ki gen taks sou yo oswa ki konte kòm revni nan objektif pou reklane EITC a.

Nan jou ki sot pase yo, nou sot òganize Jounen Konsyantizasyon Anyèl nou sou EITC a nan objektif pou fè pwomosyon pou kredi enpo enpòtan sa a. Semèn sa a, mwen ta renmen fèw konprann EITC a ak tout dènye chanjman yo pi byen, yon fason pou m asire m tout moun konnen ki jan pou yo tcheke si yo kalifye pou kredi a ane sa a, kijan yo kapab jwenn li, ak ki lè yo ka espere resevwa li.

Kisa EITC a ye?

EITC a (Kredi Enpo sou Revni ki Antre) a se yon kredi taks federal ki ofri travayè ak fanmi ameriken yo yon èd finansye. Depi 46 lane, moun ki pa gen gwo revni yo ak sa ki gen revni modere yo ap benfisye EITC a. An plis de sa, gen anpil fanmi k ap travay ki resevwa plis lajan atravè EITC a pase lajan enpo federal sou revni yo peye. Malgre li te modifye plizyè fwa nan ane ki pase yo, se fanmi ki gen ti moun yo ki benefisye pi gwo pati nan pwogram sa a.

Men kondisyon kalifikasyon debaz yo pou reklamasyon EITC a nan yon deklarasyon taks 2021:

Pou 2021 an, pou ou kalifye pou EITC a, ou kapab itilize youn nan estati sa yo:

Vizite paj Kredi Enpo sou Revni ou Antre (an anglè) sou sit IRS.gov la pou ou ka jwenn plis enfòmasyon sou elijiblite, règleman pou timoun ki kalifye yo ak estati pou deklarasyon yo, sa gen ladann règleman kalifikasyon espesyal yo ak konsiderasyon pou moun ki marye ki pa fè deklarasyon konjwen akòz yo separe oswa yo pap viv menm kote.

Kijan yo reklame EITC a

Sèl fason ki egziste pou yon moun resevwa EITC a se lè li fè yon deklarasyon taks epi li reklame kredi a. Kidonk, menm si yon moun pa ta touche ase lajan kòm revni pou ta gen obligasyon pou li fè yon deklarasyon taks, si toutfwa li ta kalifye pou kredi enpo sou revni ki antre (EITC) a, li oblije fè yon deklarasyon pou kapab reklame kredi sa a. Bòn nouvèl la sèke preparasyon taks gratis ki gen ladann tou deklarasyon elektwonik yo disponib sou entènèt ak atravè òganizasyon volontè yo ki bay opsyon sa yo:

  • Deklarasyon Gratis sou IRS.gov. Lojisyèl preparasyon taks ki gen gwo renome disponib gratis pou tout moun ki ta touche $73,000 oswa pi piti nan ane 2021 an. Sa disponib sèlman sou sit IRS.gov la, lojisyèl chak patnè itilize yon fòma kesyon ak repons pou prepare deklarasyon taks la epi ede kontribyab yo reklame kredi yo ak dediksyon si yo si toutfwa yo ta kalifye. Deklarasyon gratis yo tou bay fòm IRS ki sou papye nan yon fòma elektwonik sou entènèt. Opsyon ki rele Fòm pou Ranpli pou Deklarasyon Gratis (an anglè), se kontribyab ki konfòtab pou prepare deklarasyon taks yo pou kont yo ki ap ka ilize li pi byen.
  • Sant pou preparasyon taks gratis (an anglè). Moun ki elijib pou EITC a gendwa benefisye preparasyon taks gratis ak deklarasyon taks elektwonik nan plizyè milye sant volontè pou asistans taks sou revni (VITA) ak konsèy taks pou granmoun (TCE). Pou jwenn lokal ki pi pre w la, sèvi ak zouti rechèch (an anglè) la ki sou IRS.gov la, aplikasyon IRS2Go ki sou telefòn entèlijan yo, oswa rele gratis nan nimewo 800-906-9887. Kontribyab yo sipoze mache ak tout dokiman ak enfòmasyon ki nesesè yo.

Anplis de sèvis gratis yo, kontribyab yo kapab anplwaye yon pwofesyonèl taks yo fè konfyans pou prepare deklarasyon taks yo pou yo epi ba yo an menm tan enfòmasyon ak konsèy ki ka itil yo. Konsèy sou chwa yon pwofesyonèl taks, sa ki gen ladan kontab piblik sètifye, ajan ki enskri, avoka ak anpil lòt moun ki pa gen yon kalifikasyon pwofesyonèl, ak detay sou gwoup pwofesyonèl taks nasyonal yo (an anglè) disponib sou sit IRS.gov la. Benefisyè EITC yo ta sipoze fè anpil atansyon pou preparatè taks ki pa gen eskripil ak etik pa twonpe vijilans yo.

Nouvo chanjman yo ap pemèt plis moun benefisye kredi a pou ane 2021 an.

Gen gwo chanjman ki fèt pou EITC a ki pral pemèt plis fanmi k ap travay di resevwa kredi a ane sa a. Men yon ti apèsi sou nouvote ki genyen pou sezon deklarasyon sa a:

EITC Otonòm nan elaji pou 2021 an. Pou 2021 an sèlman, gen plis travayè ki pa gen timoun ak koup ki kapab kalifye pou EITC a, epi tou kredi maksimòm nan prèske triple pou kontribyab sa yo. Pou 2021 an, kredi a disponib kounye a ni pou jèn travayè yo ni pou granmoun k ap travay yo.

Pou ane 2021 an, jeneralman, EITC a disponib pou kontribyab ki fè deklarasyon yo san yo pa gen timoun ki kalifye ki gen omwen 19 an epi touche yon revni ki pi piti pase $21,430, oswa $27,380 pou konjwen ki reyalize deklarasyon pou kont yo. Maksimòm EITC pou kontribyab k ap fè deklarasyon yo san yo pa gen timoun ki kalifye se $1,502, li te $538 an 2020. Gen eksepsyon espesyal tou pou moun ki gen 18 an epi ki te pase nan fanmi dakèy oswa ki te fè eksperyans ap viv nan lari. Jeneralman, etidyan aplentan ki poko gen 24 an yo pa kalifye. Pou 2021 an, depi kontribyab la te gen yon revni, pa gen okenn limit laj sou pi plis laj pou yon moun genyen pou reklame kredi sa a. Nan tan pase yo, EITC pou moun ki pa gen timoun ki kalifye te disponib sèlman pou moun ki gen 25 a 64 lane.

Revni ki antre nan 2019. Yon lòt chanjman pou 2021 an pèmèt kontribyab yo sèvi avèk revni 2019 yo si li te pi wo pase revni 2021 pou kapab kalkile EITC a. Nan sèten ka, opsyon sa a pral pemèt yo benefisye yon pi gwo kredi. Gade liy 27c enstriksyon pou Fòm 1040 (an anglè)PDF lan, li an.        

Eliminasyon progresif ak limit kredi yo. Pou 2021 an, montan kredi a ogmante epi eliminasyon pwogresif limit revni yo kote kontribyab yo te kapab reklame kredi a elaji. Pa egzanp, maksimòm EITC a pou yon koup ki marye ki fè deklarasyon konjwen epi ki gen twa oswa plis timoun ki kalifye se $6,728, epi nivo revni ki pi wo pou menm fanmi sa a se $57,414. An 2020, maksimòm EITC pou yon fanmi ki nan sitiyasyon sa a se te $6,660 ak nivo revni siperyè a te $56,844.

Revni Envestisman. Plis travayè ak fanmi k ap travay epi ki gen revni envestisman tou kapab benefisye kredi sa a. Apati de ane 2021, kantite lajan revni envestisman yo ka rantre epi pou yo rete elijib pou EITC a ogmante a $10,000. An 2020, se te $3,650 limit sa a te ye. Apre 2021, limit $10,000 a pral vin endis pou enflasyon.

Konjwen Marye ki Separe. Apati ane 2021 an, sèten kontribyab ki marye men ki separe kapab reklame EITC a san yo pa bezwen fè yon deklarasyon ansanm ak konjwen yo. Pou kalifye, konjwen ki reklame kredi a dwe ap viv ak yon timoun ki kalifye pou omwen mwatye nan ane a epi satisfè youn nan de kondisyon sa yo:

  • Pa t ap viv nan menm kay ak lòt konjwen an pandan sis (6) dènye mwa nan ane a, oswa
  • Gen yon paye ki separe yo legalman konfòmeman ak lalwa nan eta yo ye a oswa gen yon dekrè ki fè sa, epi yo pa t ap viv nan menm kay nan fen ane fiskal la.

Nan tan ki pase yo, anpil kontribyab ki marye te oblije fè deklarasyon ansanm ak konjwen yo pou te kapab reklame EITC a. Kèk lòt pwen kle:

  • Kontribyab yo ta dwe ranpli Anèks EIC a (Fòm 1040) (an anglè) epi tcheke kare a pou kapab sètifye yo ranpli kondisyon pou reklame EITC a nan yon deklarasyon apa.
  • Moun ki selibatè ak koup ki gen timoun ki gen nimewo sekirite sosyal ki valid kapab reklame kredi a, atò menm si pitit yo pa ta gen nimewo sekirite sosyal (SSNs). Nan ka sa a, y ap jwenn pi piti EITC otonòm ki disponib pou travayè ki pa gen timoun yo. Nan tan pase yo, kontribyab sa yo pa t kalifye pou kredi sa a.
  • Kontribyab yo ta dwe ranpli anèk kredi sou revni ou touche (EIC) (Fòm 1040) (an anglè) sizoka yo ta gen yon timoun ki kalifye. Si yo ta gen omwen yon timoun ki ranpli kondisyon yo pou yo konsidere li antanke timoun ki kalifye ki pemèt yo reklame EITC a, yo sipoze ranpli ak atache anèks EIC (Kredi Enpo sou Revni) a nan Fòm 1040 la oswa 1040-SR la menm si timoun sa a pa ta gen yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ki valid. Pou plis enfòmasyon, ki enkli kijan pou ranpli anèks EIC a si timoun ou genyen ki kalifye a pa ta gen yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ki valid, gade liy 27a enstriksyon pou Fòm 1040 (an anglè)PDF ki an, ak anèks EIC a.

Kilè pou espere resevwa pèman EITC a

Dapre lalwa, IRS pa kapab bay ranbousman anvan mitan mwa fevriye pou deklarasyon taks ki reklame EITC a oswa ACTC a (Kredi Enpo Siplemantè pou Timoun). IRS dwe kenbe tout ranbousman an okonplè - menm pòsyon ki pa asosye ak EITC a oswa ACTC a ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon si sa aplikab. Sa ede nou rasire nou kontribyab yo resevwa ranbousman yo merite a epi an menm tan sa bay ajans lan plis tan pou detekte ak anpeche erè ak fwod.

Pou ba ou yon pi bon lide sou ki lè ou ka atann ou ak pèman ou apre ou fin fè deklarasyon ou, nou pral mete ajou zouti 'Kote Ranbousman Mwen an?' sou sit IRS.gov la ak aplikasyon IRS2Go gratis la, k ap bay dat pwobab depo pou pifò moun ki reklame EITC/ACTC anvan dat 19 fevriye. Nou atann nou aske pifò ranbousman ki gen rapò ak EITC oswa ACTC pou moun ki fè deklarasyon yo byen bonè ap disponib sou kont labank yo oswa sou kat debi yo anvan premye (1ye) mas pou moun ki te chwazi depo dirèk yo epi ki pa t gen okenn pwoblèm ak nan deklarasyon taks yo. Moun ki fè deklarasyon yo pita nan sezon deklarasyon an ka tcheke zouti nou te site anvan yo pou kapab suiv peman yo.

Mwen vle ensiste tou sou sa, nenpòt moun ki ta gen kesyon sou EITC oswa lòt kesyon ki gen rapò ak kredi ta dwe ale sou sit IRS.gov la dabò pou kapab jwenn èd yo bezwen an. Ane sa a, n ap fè fas ak yon kantite apèl ki egzajere, menm jan sa te ye ane pase, kidonk yon apèl telefonik gendwa fèw pran plis tan pou ou jwenn enfòmasyon ou bezwen an ke si ou te al chèche li sou sit entènèt la oswa sou aplikasyon IRS2Go nou an.

Nou tout nan IRS nou fyè de travay nou fè pou fasilite ranbousman taks ak peman kredi bay kontribyab yo ak fanmi k ap travay yo. Li ban nou yon gwo santiman satisfaksyon pou nou aprann travay di nou reyalize yo bay rezilta, e sa pemèt kontribyab yo jwenn lajan yo kalifye pou resevwa a, epi nou angaje nou nan reyalize travay la pi vit ke posib, menm ak kontrent aktyèl yo ki gen rapò ak pandemi an.

Mwen ta renmen remèsye tou pwofesyonèl taks nou yo ak patnè deklarasyon yo ak volontè VITA/TCE nou yo ki nan tout peyi a k ap fè sezon taks sa a bay kontribyab yo mwens tèt chaje, konsa la vin sezon ki pi pwodiktif la. Nou tout la bay patisipasyon nou.

Gwen Garren
Direktè, Jesyon Pwogram Kredi Ranbousab

Gwen Garren Photo.jpg

Konsènan Otè a

Aktyèlman Gwen Garren ap travay antanke Direktè Jesyon Pwogram Kredi Ranbousab Depatman Salè ak Envestisman (W&I). Li responsab sipèvizyon politik ak pwogram pou kredi ranbousab, tankou EITC a, avèk yon apwòch pou ankouraje kontribyab ki elijib yo pou yo aplike pou kredi a epi redwi kantite erè nan reklamasyon yo.

 

Kredi Enpo sou Revni ki Antre — Videyo Youtube Byen Konnen EITC a

Yon Rega Pi Pre

Li tout piblikasyon nou yo (an anglè) apwopo yon varyete kesyon aktyalite ki enterese kontribyab yo ak kominote fiskal la

Abòne

IRS ofri plizyè abònman Bilten Elektwonik sou yon varyete sijè fiskal. Abòne (an anglè) pou jwenn alèt pa imèl lè gen nouvo piblikasyon.