Pa Tann pou w Fè Deklarasyon Taks 2021 W lan

People holding the American flag

Don’t Wait to File Your 2021 Tax Return

Get to know the IRS, its people and the issues that affect taxpayers.


Image of laptop with the phrase "File electronically ASAP" on it and three calendars on the left.

Doug O’Donnell, Komisè Adjwen IRS, Sèvis ak Aplikasyon Lalwa
CL-22-12, 4 Dawout 2022

Chak ane, plizyè milyon moun bezwen plis tan pou yo deklare taks e anpil mete atansyon yo sou delè pwolongasyon pou deklarasyon mitan oktòb la. Ane sa a, genyen kèk faktè an patikilye ki fè li pi enpòtan toujou pou moun yo gen sètitid ke yo pa rete tann jiskala dènyè minit anvan delè 17 oktòb la epi, nan mezi sa posib, pou yo deklare pa vwa elektwonik.

Genyen plizyè avantaj pou moun ki toujou bezwen deklare pou yo fè sa pi bonè posib. Plis ke jamè ane sa a, nou ankouraje moun yo pou yo fè yon bon deklarasyon pa vwa elektwonik osito yo genyen enfòmasyon y ap bezwen yo.

Pou sila yo dwe yon ranbousman, deklarasyon elektwonik pa sèlman akselere pèman an, men li evite plizyè mwa reta pou sila yo ki deklare sou papye yo. Pou sila yo kid we, deklare pi bonè kapab ede yo evite penalite adisyonèl ak enterè. Nan nenpòt sitiyasyon an, deklare pa vwa elektwonik ap evite reta ki long ak lòt gwo pwoblèm pandan IRS la kontinye ap travay pou diminye envantè deklarasyon taks sou papye li yo.

Esansyèl la se sa a: Deklare bonè epi deklare pa vwa elektwonik ap ede moun yo evite gwo reta e lè yo fè say o kapab ede nou ede yo. Epi pou pwofesyonèl taks yo, yo kapab ede kliyan yo evite reta epi ak sètitid ke yo resevwa deklarasyon taks yo a epi y ap trete l.

Antanke Komisè Adjwen pou Sèvis ak Aplikasyon Lalwa, wòl mwen se asire ke n ap fè tout sa nou kapab pou ede moun yo konprann non sèlman règleman fiskal yo men tou, pi bon mwayen yo kapab fè deklarasyon taka yo. Sa fè pati gwo misyon nou pou fè tout moun san patipri respekte lwa fiskal peyi a ak pou asire ke tout moun peye bon montan an lè yo dwe peye l la.

Men kèk enfòmasyon adisyonèl pou ede moun ki poko deklare oswa ki genyen kèk sousi an rapò ak taks yo anvan delè pwolongasyon mwa oktòb la.
Majorite sitwayen ameriken (an anglè) ak rezidan pèmanan (an anglè) k ap travay Ozetazini gen ekzijans pou yo fè yon deklarasyon taks si yo rantre plis pase yon seri montan pou ane a (an anglè). Jeneralman, si ou rantre plis pase dediksyon estanda a pou kondisyon fiskal ou, w ap bezwen fè yon deklarasyon taks federal e ou ka genyen pou peye yon penalite si ou gen ekzijans pou w fè yon deklarasyon epi ou pa fè l.

Si ou rete ap tann pou w deklare paske ou bezwen asistans oswa plis enfòmasyon, ou genyen yon sitiyasyon fiskal ki pi konplike oswa ou dwe taks, IRS la genyen resous pou ede w jwenn repons ou bezwen pou w fè yon bon deklarasyon. Pa rete tann jiska la dènyè minit epi riske rate delè mwa oktòb la pandan ou ta dwe pwofite tan an pou w fè yon deklarasyon taks ki kòrèk.

Lè ou genyen tout enfòmasyon ou yo pare, nou ankouraje soumèt yon deklarasyon ki konplè epi ki kòrèk pa vwa elektwonik pi bonè posib, sitou si yo dwe ou yon ranbousman. E si yo dwe w yon ranbousman, chwazi depo dirèk sou kont epay oswa chèk ou pou w kapab jwenn li pi rapid. Si ou poko fè yon deklarasyon taks 2021, tanpri gade senaryo ki pi ba yo epi poze aksyon si ou bezwen deklare.

Moun k ap Deklare sou Pwolongasyon yo

Si ou te deklare sou yon pwolongasyon anvan delè mwa avril la, ou genyen jiska 17 oktòb 2022 pou w soumèt deklarasyon taks 2021 w lan. Yon pwolongasyon ba ou plis tan pou w deklare, li pa ba ou plis tan pou w peye. Apre ou fin deklare sou yon pwolongasyon, si ou dwe taks pandan w ap soumèt deklarasyon w lan, ou ka genyen pou w peye penalite ak enterè sou taks ou dwe yo tou. Lè ou soumèt yon deklarasyon taks ak peye tout monan ou dwe pi bonè posib – menm si lajan an difisil epi ou pa kapab peye tout taks ou kounyeya – sa kapab ede w evite plis penalite ak enterè.

Nenpòt moun ki dwe taks kapab gade tout opsyon pèman yo anliy. Sa gen ladan ale sou IRS.gov pou w konekte sou Kont Anliy ou epi peye avèk Pèman Dirèk IRS oswa avèk yon kat debi, kat kredi oswa bous nimerik. IRS la genyen opsyon pou moun ki pa kapab peye taks yo (an anglè), pami yo aplike pou yon plan pèman sou IRS.gov.

IRS te deplwaye tou mesajri vokal ak Tchat wobo yo nan lang anglè ak panyòl. Tchat wobo yo itilize entèraskyon alekri ki sou wèb la pou pèmèt kontribyab yo jwenn asistans poukont yo nan sa ki gen pou wè ak kesyon ki kouran sou opsyon pèman yo. Tchat wobo yo pèmèt moun ki rele a navige atravè yon sistèm repons vokal k ap entèraji avèk vwa pa li. Wobo vokal yo ede jwenn repons rapid ak demann kontribyab yo konsènan fè pèman, avi ki konsène deklarasyon taks ki pa fèt ak montan yo dwe.

Toudènyeman, IRS la te agrandi fonksyonalite sa pandan li te ofri yon vokal wobo ki otantik. Nouvèl opsyon sa disponib an anglè ak an panyòl e l ap pèmèt kontribyab yo (ki dwe 25 000 dola oswa pi piti) kreye ak jere plan vèsman yo atravè aplikasyon ki pèmèt yo jwenn sèvis poukont yo epi evite tann pandan anpil tan nan telefòn.

Ou te Rate Delè Avril la

Si ou poko fè deklarasyon taks 2021 w lan oswa ou fè demann yon pwolongasyon pou deklare, pa panike oswa pa kite sa anpeche ou deklare, sitou si ou dwe lajan. Deklare pa vwa elektwonik pi bonè posib kapab ede moun ki pat deklare sou pwolongasyon epi ki te rate delè mwa avril la evite penalite ak enterè si yo dwe taks.

Genyen ki ka panse paske ou pa dwe okenn taks ou pa gen nesesite fè yon deklarasyon, men sa ka fè yo pa jwenn yon seri kredi de valè. Dwe taks ak ekzijans deklarasyon pa menm bagay. Si ou pa sèten ou gen ekzijans pou w deklare, itilize Asistan Taks Entèraktif nou an Èske Mwen Bezwen Soumèt yon Deklarasyon Taks (an anglè)? pou w ka konnen. Zouti sa detèmine si ou gen ekzijans pou w soumèt yon deklarasyon dapre montan an ak kalite revni ou te resevwa a ak si revni w la depase dediksyon estanda ki aplikab ak kondisyon fiskal ou.

Jeneralman, moun ki chwazi pou yo pa fè yon deklarasyon taks paske yo pat rantre ase lajan pou yo oblije deklare p ap resevwa yon penalite (an anglè) si yo deklare epi ap jwennn yon ranbousman. Sa ka aplike si ou te genyen prelèvman taks sou revni federal ki fèt sou salè ou, te fè estimasyon pèman taks oswa kalifye pou reklame kredi taks tankou Kredi Taks sou Lajan ou Rantre.

Epitou, ou toujou gen tan pou w jwenn tout Kredi Taks pou Timoun nan oswa reklame yon Kredi Ranbousman Rekiperasyon pou yon pèman relans ki manke, men ou bezwen soumèt yon deklarasyon taks 2021 pou w resevwa yo. Konekte an tout sekirite sou Kont Anliy si w ap chèche enfòmasyon sou kont ou apati dènye deklarasyon taks ou te soumèt la, tankou revni brit ajiste ou, Pèman Enpak Ekonomik yo oswa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou w kapab fè yon bon deklarasyon. Si ou bezwen fè yon deklarasyon taks 2021 toujou, deklare pa vwa elektwonik epi, si yo dwe w yon ranbousman, chwazi depo dirèk.

Tanpri Deklare pa vwa Elektwonik

IRS la ap atann plizyè milyon deklarasyon taks 2021 pou fèt anvan delè 17 oktòb, ansanm avèk sila yo ki te mande yon pwolongasyon, kidonk nou rekòmande w pou deklare pa vwa elektwonik pi bonè posib.

Moun ki deklare pa vwa elektwonik evite reta nan tretman sila ki deklare sou papye yo ap rankontre yo. Yo trete deklarasyon ki fèt pa vwa elektwonik ki pa gen erè yo nan 21 jou oswa mwens. Pandan IRS la kontinye ap pwogrese ak deklarasyon taks 2021 ki pa trete yo (an anglè), deklarasyon taks sou papye trete alamen nan lòd yo resevwa yo a non sèlman pou yo pa pran plis tan, men tou yo pran plis tan pou yo trete.

Deklare pa vwa elektwonik pi bon pou ou sntsnke yon endividyèl, epi li pi bon tou pou sistèm fiskal peyi a. Lè ou deklare pa vwa elektwonik, ou redui fado sistèm tretman deklarasyon sou papye a e ou pèmèt sila yo ki bezwen deklare sou papye yo wè deklarasyon yo a trete pi bonè. Sila yo ki pa kapab deklare pa vwa elektwonik nan moman an se viktim vòl idantite an rapò ak taks, moun k ap chèche alèjman antanke yon konjwen ki blese oswa sitwayen ameriken oswa etranje rezidan k ap viv oswa travay deyò Ozetazini e yo dwe voye deklarasyon taks yo pa mwayen lapòs.

Pami opsyon deklarasyon elektwonik yo ki disponib jiska 17 oktòb yo se, itilize yon sit preparasyon deklarasyon taks gratis, yon lojisyèl komèsyal oswa yon founisè deklarasyon elektwonik otorize (an anglè). Kontribyab ki kalifye yo tou kapab prepare ak soumèt deklarasyon taks yo a pa vwa elektwonik gratis atravè Deklarasyon Gratis IRS.  Tout pwodui disponib nan lang panyòl tou. Genyen tou yon resous fiskal gratis ki disponib pou kominote militè a yo rele MilTax (an anglè), se Ministè Defans lan ki ofri li. Pa gen limit revni e kontribyab ki kalifye yo (an anglè) kapab itilize MilTax pou yo soumèt, pa vwa elektwonik, yon deklarasyon taks e jiska twa (3) deklarasyon leta gratis.

Ki Kote Nou Kapab Jwenn Èd

Pou jan kantite apèl yo kontinye ap ogmante, nou konprann eksperyans deklarasyon an difisil pou kontribyab ki bezwen entèraji avèk nou yo. Nou ankouraje nou pou nou ale nan resous anliy yo dabò. IRS la mete anpil atansyon sou chan sa a, e gen zouti ki enpòtan anpil ki disponib moun yo ka neglije. Zouti ak resous anliy yo soti nan kont fiskal ak zouti pou trase ranbousman yo pou ale nan zouti rechèch lwa fiskal yo tankou Asistan Taks Entèraktif (an anglè) ak repons pou Kesyon yo Poze Souvan yo (an anglè) sou plizyè sijè. Itilize zouti anliy Kote Ranbousman Mwen an ak zouti otomatik yo ki disponib sou Kont Anliy lan sou IRS.gov.

Pwogram Asistan Taks Volontè sou Revni (VITA) IRS la toujou ofri asistans fas-a-fas pou preparasyon taks nan kèk zòn nan peyi a. Li ofri preparasyon taks bazik gratis pou moun ki rantre jeneralman 58 000 dola oswa mwens ak moun ki gen andikap oswa kontribyab ki pa pale anglè twò byen. Lokalizatè Sant VITA/TCE a kapab ede w jwenn sant kominotè ki pi pre a ki gen yon pèsonèl IRS fòme ak volontè ki sètifye.

Anpil moun itilize yon pwofesyonèl taks yo fè konfyans pou ede yo kòm gid nan pwosesis reyalizasyon taks yo ak evite erè. Genyen plizyè kalite pwofesyonèl pou deklarasyon taks, tankou kontab piblik, Ajan Anwole, avoka ak anpil lòt ki pa gen yon sètifikasyon pwofesyonèl. Pliske pwofesyonèl taks yo gen aksè nan enfòmasyon pèsonèl ak finansyè yon endividi, li enpòtan pou nou byen chwazi yon pwofesyonèl taks (an anglè), kidonk, itilize repètwa anliy (an anglè) sa a pou w jwenn yon pwofesyonèl taks ki nan zòn ou an.

Mwen vle remèsye tout moun ki fè deklare deja, e mwen apresye dilijans sila yo ki ap travay aktyèlman pou yo deklarasyon pa yo a fèt. Lè ou depoze taks ou, ou se yon eleman vital k ape de gouvènman nou an ak gran nasyon nou an. Chak ane, 4 milya dola nan taks IRS ranmase yo sèvi pou finanse travay nan domèn ki vital tankou defans nasyonal la ak edikasyon – ak anpil lòt ankò. Nou nan menm bato a e nou konprann pwofesyonèl taks nou yo ap rankontre anpil nan menm difikilte n ap rankontre nan IRS la, avèk anpil demann ak nesesite pou plis pèsonèl. Nou pran angajman pou nou kontinye amelyore sèvis nou yo pou nou asire nou pwosesis fiskal la fasil epi aksesib epi travay avèk kominote fiskal la pou ran eksperyans lan vin pi bèl. Epi pa bliye, mendèv devwa nou an, volontè kominotè y oak pwofesyonèl taks yo disponib pou bay asistans an pèsonn ak sou entènèt.

Doug O’Donnell
Komisè Adjwen IRS, Sèvis ak Aplikasyon Lalwa

Photo of Doug O'Donnell

Apwopo Otè a

Doug O’Donnell se Komisè Adjwen, Sèvis ak Aplikasyon Lalwa. Li gen rapò dirèk avèk Komisè IRS la e li sipèvize kat (4) divizyon operasyon prime yo ak Envestigasyon Kriminèl la ansanm avèk lòt fonksyònman sèvis ak aplikasyon lalwa yo tankou Biwo Pwofesyonèl Deklarasyon an, Biwo Responsabilite Pwofesyonèl la, Biwo Sèvis Anliy ak Dijitalizasyon Antrepriz ak Jesyon Dosye.

Yon Rega Pi Pre

Li tout piblikasyon nou yo (an anglè) apwopo yon varyete kesyon aktyalite ki enterese kontribyab yo ak kominote fiskal la

Abòne

IRS ofri plizyè abònman Bilten Elektwonik sou yon varyete sijè fiskal. Abòne (an anglè) pou jwenn alèt pa imèl lè gen nouvo piblikasyon.