Kesyon yo Souvan Poze sou Fòmilè 1099-K a: Jeneral

Yo te rann mizajou Kesyon yo Poze Souvan sa yo piblik nan Fich Teknik 2023-06PDF, 22 Mas 2023.

Kisa ki Nouvo

Nan dat 23 desanm 2022 a, IRS la te anonse ke yo pral trete ane sivil 2022 a kòm yon ane tranzisyon pou deklarasyon ki te redwi de plis pase $600 ki te prale an vigè pou deklarasyon ransèyman ki te la pou 2023. Gade Avi 2023-10 (an anglè). Dapre Avi 2023-10 la, pou ane sivil 2022 a, òganizasyon tyès ki bay Fòm 1099-K yo, Tranzaksyon Kat Peman ak rezo tyès-pati yo, gen obligasyon pou rapòte sèlman tranzaksyon kote pèman brit lan depase $20,000 epi gen plis pase 200 tranzaksyon.

A. Lalwa egzije pou pati tyès yo fè deklarasyon enfòmasyon sèten revni. Yo montre ke deklarasyon enfòmasyon pati tyès yo ogmante konfòmite enpo volontè, amelyore koleksyon ak evalyasyon enpo yo anndan IRS la, epi kidonk diminye diferans enpo a.

A. Jan sa endike nan Avi 2023-10 (an anglè), IRS la ap retade entegrasyon nan egzijans pou biznis pati tyès rapòte depasmam plis pase $600 limit lan pou ane sivil 2022 a.

Plis espesifikman, IRS la ap retade aplikasyon dispozisyon Lwa 2021 sou Plan Sekou Ameriken an ki:

  • Diminye limit pou rapòte tranzaksyon rezo pati tyès yo pou total peman ki depase $20,000 a yon total peman ki depase $600 pandan ane sivil la.
  • Elimine limit 200 tranzaksyon an pou rapòte tout tranzaksyon rezo pati tyès yo nèt.

A. Jeneralman benefis oswa pèt sou vant yon atik pèsonèl se diferans ki genyen ant montan ou te peye pou atik la (pri ou achte l la) ak montan w resevwa lè ou vann li (pri lavant lan).

Pa egzanp, si ou te achte yon frijidè pou $1,000 (pri w achte l la) epi vann li pou $600 (pri lavant lan), ou gen yon pèt $400. $600 pri lavant - $1,000 pri w achte l la = ($400) montan pèt la.

Pakont, si ou te achte tikè pou konsè pou $500 (pri w achte l la) epi vann yo pou $900 (pri lavant lan), ou gen yon benefis $400. $900 pri lavant - $500 pri w achte l la = $400 montan benefis la.

Benefefis lan ki fèt sou lavant yon atik pèsonèl ka takse. Ou dwe rapòte tranzaksyon an (benefis sou lavant) sou Fòm 8949, Lavant ak Lòt Dispozisyon Kapital Aktif (an anglè)PDF, ak Fòm 1040, Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Etazini, Anèks D, Benefis ak Pèt Kapital (an anglè)PDF. Gade Piblikasyon 551, Baz Aktif yo (an anglè)PDF, pou resevwa konsèy pou detèmine baz ou.

Yo ka rapòte benefis sou vant yon atik pèsonèl sou yon Fòm 1099-K.

Pa gen dediksyon sou pèt sou lavant yon atik pèsonèl. Pou deklarasyon fiskal ane sivil 2022 a, si ou resevwa yon Fòm 1099-K (an anglè), pou lavant yon atik pèsonèl ki te fè yon pèt, ou ta dwe pase ekriti pou konpanse sou Fòm 1040, Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Etazini, Anèks 1, Lòt Revni ak Ajisteman nan Revni, nan fason sa a:

Rapòte kòb ou (montan Fòm 1099-K a) nan Pati I – Liy 8z – Lòt Revni, lè'w sèvi avèk deskripsyon "Fòm 1099-K lavant yon Atik Pèsonèl ki fè Pèt."
Rapòte depans ou yo, jiska men pa plis pase montan lajan an (montan Fòm 1099-K a), nan Pati II – Liy 24z – Lòt Ajisteman yo, lè'w sèvi avèk deskripsyon "Fòm 1099-K lavant yon Atik Pèsonèl ki fè Pèt."

Nan egzanp lavant frijidè ki pi wo a, si ou te resevwa yon Fòm 1099-K (an anglè) pou $600 pou frijidè ke ou te peye $1,000 okòmansman an, ou ta dwe rapòte pèt sou tranzaksyon sa a, nan fason sa a:

Fòm 1040, Anèks 1, Pati I – Liy 8z, Lòt Revni. Montre kalite ak montan: "Fòm 1099-K lavant Atik Pèsonèl ki fè Pèt .... $600" pou montre lajan ki sòti nan lavant yo rapòte sou Fòm 1099-K.

epi,

Fòm 1040, Anèks 1, Pati II – Liy 24z, Lòt Ajisteman yo. Montre kalite ak montan: "Fòm 1099-K lavant Atik Pèsonèl ki fè Pèt... $600" pou montre pri acha a ki konpanse lajan yo rapòte a. Pa rapòte $1,000 ou te peye pou frijidè a paske pa gen dediksyon sou pèt nan lavant yon atik pèsonèl.

Ou ka itilize Fòm 8949 ak Anèks D pou rapòte lavant yon atik pèsonèl ki fè yon pèt olye de Anèks 1 si ou vle, pa egzanp, paske ou gen lòt tranzaksyon ki mande pou w soumèt Fòm 8949 ak Anèks D de tout fason. Paske pèt la pa dediktib, mete yon ajisteman lè w ap rapòte lajan ak baz atik pèsonèl la sou Fòm 8949 nan fason sa a. Antre "L" nan kolòn (f) paske se kòd ki eksplike pèt la pa dediktib. Apre sa, antre montan pèt ki pa dediktib la kòm yon chif pozitif nan kolòn (g). Nan egzanp lavant frijidè ki pi wo a, antre $600 nan kolòn (d) pou lajan an, $1,000 nan kolòn (e) pou depans oswa lòt baz, "L" nan kolòn (f), ak $400 nan kolòn (g) kòm montan ajisteman an. Rezilta pral $0 kòm benefis oswa pèt nan kolòn (h).

A. Anjeneral, si ou kenbe yon atik pèsonèl pou plis pase yon lane anvan w vann li, benefis kapital ou se alontèm. Si ou kenbe li pou yon ane oswa mwens anvan w vann li, benefis kapital ou a se pou yon ti tan. Pou plis konsèy, gade Piblikasyon 544, Lavant ak Lòt Dispozisyon Byen yo (an anglè)PDF.

A. Ou ta dwe mete tout frè yo (pa egzanp, frè lavant, frè pou tretman peman, elatriye) ki asosye ak lavant atik pèsonèl ou yo nan baz ou lè w ap kalkile benefis oswa pèt ou sou lavant lan. Gade Piblikasyon 551 (an anglè) pou plis enfòmasyon. An jeneral, ou ta dwe ajiste benefis oswa pèt ou sou lavant byen w lan nan kantite depans ak frè ki peye pou fasilite lavant lan. Si w reyalize yon benefis sou lavant yon byen w, rapòte depans pou lavant yo kòm yon ajisteman montan ki soti nan benefis ou ap rapòte sou Fòm 8949 oswa Anèks D.

Bwat 1a nan Fòm 1099-K (an anglè)PDF rapòte montan brit tranzaksyon kat peman/rezo pati tyès yo. Yo pa ajiste montan sa pou kontwòl frè yo, ranbousman yo, rechaj yo, oswa lòt depans ki enkli nan montan tranzaksyon peman dola ki pa ajiste yo. Si Fòm 1099-K rapòte montan total tranzaksyon peman dola ki pa ajiste yo epi ou te peye depans pou lavant yo apa, ou ka bezwen fè yon ajisteman apa pou benefis oswa pèt ki te genyen an. Ou ta dwe kenbe epi konsilte pwòp dosye w yo pou w ka detèmine montan sa yo.

A. Anjeneral, ou ta dwe kenbe dosye egzat pou atik pèsonèl ou ka vann. Si dosye ou yo pèdi, detwi, oswa yo pa disponib akòz sikonstans ke'w pat ka kontwole epi yo verifye deklarasyon w lan, egzaminatè yo ka pèmèt ou prezante yon dosye ki rekonstwi. Anplis de sa, egzaminatè yo ka aksepte temwayaj aloral lè dosye w la pa egziste.

Nan egzanp sa a, ou gen yon pèt pèsonèl ki pa ka dedwi. $800 pri lavant - $3,000 pri w te achte a = ($2,200) montan pèt lan. Ou ka konpanse lajan yo rapòte sou Fòm 1099-K lè w sèvi ak kèk nan pri w te achte a, jan yo montre w la a:

Fòm 1040, Anèks 1, Pati I – Liy 8z, Lòt Revni. Montre kalite ak montan: "Fòm 1099-K lavant Atik Pèsonèl ki fè Pèt... $800" pou w montre lajan ki sòti nan lavant ke yo rapòte sou Fòm 1099-K la.

epi

Fòm 1040, Anèks 1, Pati II – Liy 24z, Lòt Ajisteman yo. Montre kalite ak montan: "Fòm 1099-K lavant Atik Pèsonèl ki fè Pèt... $800" pou w montre kantite pri w te achte a ki konpanse lajan yo rapòte a. Pa rapòte $3,000 a ou te peye a pou w achte a paske yo pa dedwi yon pèt pèsonèl.

A. Ou dwe rapòte benefis ak pèt la apa paske pèt ki fèt nan dezyèm seri tikè a pa ka konpanse benefis ki fèt sou premye seri tikè a.

Yo dwe deklare $550 benefis ki fèt nan lavant yon nan seri tikè a ($800 pri lavant - $250 pri'w te achte l la = $550 benefis), kòm yon benefis a kout tèm sou Fòm 8949 (an anglè)PDF ak Anèks D a (an anglè)PDF.

Pèt $50 ki fèt sou lòt seri tikè a ($200 pri lavant - $250 pri'w te achte l la = ($50) pèt) ta dwe deklare fason sa a:

Fòm 1040, Anèks 1:

Pati I – Liy 8z, Lòt Revni. Montre kalite ak montan: "Fòm 1099-K lavant Atik Pèsonèl ki fè Pèt... $200" pou montre lajan ki te fèt nan lavant ki deklare sou Fòm 1099-K a.

epi

Pati II – Liy 24z, Lòt Ajisteman yo. Montre kalite ak montan: "Fòm 1099-K lavant Atik Pèsonèl ki fè Pèt... $200" pou montre montan pri acha a ki te konpanse lajan yo deklare a.

A. Paske lajan an pa peman pou lavant yon machandiz oswa yon sèvis ki te bay, jeneralman yo pa ta dwe ka takse w pou ranbousman an.

Si w kwè ke enfòmasyon ki sou Fòm 1099-K (an anglè) lan pa kòrèk, yo te bay fòm nan pa erè, oswa ou gen yon kesyon ki gen rapò ak fòm nan, kontakte moun ki te soumèt li a, ki gen non ak enfòmasyon kontak li yo ki parèt nan kwen anwo agòch sou fòm lan. Ou ka kontakte tou antite pou regleman peman an ki gen non ak nimewo telefòn li ki parèt pa anba nan bò gòch fòm lan.

Si w pa ka fè korije fòm nan, ou ta dwe deklare erè a sou Fòm 1040, Anèks 1, Pati I, Revni Adisyonèl, Liy 8z, Lòt Revni, ak yon ekriti ki konpanse nan Pati II, Ajisteman soy Revni yo, Liy 24z, Lòt Ajisteman yo.

Pa egzanp, si w te resevwa $800 nan men yon zanmi w ki te remèt ou tikè yon konsè epi ou te resevwa yon Fòm 1099-K ki deklare sa kòm lajan brit, Anèks 1 ou an ta dwe montre bagay sa yo:

Fòm 1040, Anèks 1

Pati I – Liy 8z, Lòt Revni. Montre kalite ak montan: "Fòm 1099-K ke w te Resevwa pa Erè…. $800" pou montre lajan yo deklare sou Fòm 1099-K a.

Pati II – Liy 24z, Lòt Ajisteman yo. Montre kalite ak montan: "Fòm 1099-K ke w te resevwa pa erè... $800" pou konpanse kòb la yo te deklare w ba w pa erè. Si w pa deklare ajisteman sa a, sa ka lakòz ou mal deklare benefis sou ranbousman an.

A. IRS la ap retade egzijans pou òganizasyon règleman pati tyès yo rapòte revni limit yo plis pase $600 pou ane sivil 2022 a (sezon deklarasyon fiskal 2023). Sepandan, egzijans legal pou deklare revni w lan pa chanje, kèlkeswa limit deklarasyon lan lè w ap soumèt yon Fòm 1099-K.

Deklarasyon an pa afekte responsablite yon kontribyab pou deklare avèk presizyon TOUT revni, kit yo resevwa yon Fòm 1099-K oswa yon lòt deklarasyon ransèyman (egzanp, Fòm 1099-MISC, Enfòmasyon divès; Fòm 1099-NEC, Konpansasyon pou moun ki pa anplwaye; elatriye).

Eksepte pou sa ki kontrè ak sa ki endike nan Kòd Revni Entèn nan, revni brit gen ladan revni ki soti nan kèlkeswa sous la. Yon kontribyab ka resevwa revni sou fòm lajan, byen oswa sèvis. Piblikasyon 525, Revni ki gen enpo sou yo ak sa ki pa gen enpo (an anglè)PDF, diskite sou plizyè kalite revni epi eksplike si yo ka takse oswa si yo pa kapab.

A. Kontribyab ki gen kesyon konsènan enfòmasyon ki sou yon Fòm 1099-K (an anglè) yo te resevwa ta dwe kontakte moun ki te soumèt li a. Enfòmasyon kontak yo nan kwen anlè agoch fòm nan. Si yon kontribiyab pa rekonèt moun ki soumèt fòm lan ki patèt nan kwen anlè agoch fòm nan, li ta dwe kontakte entité pou regleman peman an ki gen non ak nimewo telefòn li ki parèt nan kwen anba goch fòm nan ki sou tèt nimewo kont yo.

Si w gen kèk kesyon jeneral konsènan Fòm 1099-K a, tanpri konsilte Enstriksyon pou Fòm 1099-K a yo. Si w gen kèk kesyon jeneral sou deklarasyon ransèyman yo, tanpri konsilte Enstriksyon Jeneral pou Kèk Deklarasyon Ransèyman yo (an anglè).