Kesyon yo Poze Souvan sou Fòmilè 1099-K: Definisyon

Yo te rann mizajou Kesyon yo Poze Souvan sa yo piblik nan Fich Teknik 2023-06PDF, 22 Mas 2023.

A. Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès (an anglè), se yon deklarasyon ransèyman ki rapòte montan brit tranzaksyon ki dwe deklare bay IRS la pou ane sivil la. Gade Konprann Fòmilè 1099-K Ou a pou plis enfòmasyon.

A. Tèm "kat pèman" an anglobe kat kredi, kat debi, ak kat a valè estoke yo (tankou kat kado yo), ansanm avèk tou pèman pa mwayen nenpòt bagay ki pwòp ak yon kat pèman (tankou yon nimewo kat kredi).

Yo livre yon kat pèman sou baz yon akò ki prevwa kondisyon sa yo: youn oswa plizyè emetè kat la yo; yon rezo moun ki pa gen rapò ni antre yo, ni ak emetè a, ki dakò pou aksepte kat yo kòm mwayen pèman; epi nòm ak mekanis pou finalize tranzaksyon yo ant yon bank ki jere kat kredi ak moun nan yo ki aksepte kat yo kòm mwayen pèman an.

A. Yon MCC se yon nimewo kat (4) chif mezon kat pèman an itilize pou klase antrepriz yo dapre pwodui oswa sèvis yo bay. Genyen apeprè 600 MCC ki reprezante plizyè kategori antrepriz. Men kèk ekzanp: 4411- Konpayi Kwazyè 5462 – Patisri yo; epi 5532 – Magazen Kawotchou Machin

Kòd Revni Entèn nan itilize tèm "òganis règleman tyès" la. Yon òganis règleman tyès se òganis santral ki gen obligasyon kontraktyèl pou peye benefisyè ki ap patisipe (jeneralman, yon komèsan oswa yon antrepriz) nan tranzaksyon rezo tyès yo. Yon egzanp ta ka enplike aplikasyon ke w sèvi pou w transfere lajan ant moun ki ap vann yo ak moun ki ap achte yo.

A. Karakteristik yon rezo pèman tyès gen ladan li:

  • Yon bon kantite founisè pwodui ak sèvis (ki pa gen okenn rapò ak òganis santral la) ki gen yon kont nan yon òganis santral,
  • Yon akò ant òganis santral la ak founisè yo pou regle tranzaksyon yo ant founisè yo ak pati k ap fè acha yo,
  • Mizanplas nòm ak mekanis pou regle tranzaksyon sa yo, epi
  • Garanti pèman an akò ak tranzaksyon sa yo.

Yon ekzanp òganis règleman tyès se yon fasilitatè pèman pou anchè anliy, tankou yon mache anliy, ki fonksyone antanke yon entèmedyè ant pati k ap achte a ak pati k ap vann nan pandan l ap transfere fon pati k ap achte a bay pati k ap vann nan, pou pwodui oswa sèvis yo epi yon lòt bò, ki reponn ak kritè ki detaye nan pwen ki anwo yo.

Dapre ekzijans deklarasyon yo, òganis règleman tyès sa yo dwe deklare tranzaksyon brit ki dwe deklare pou benefisyè ki ap patisipe, ke yo ap peye yo, depi benefisyè a gen tranzaksyon ki dwe deklare ki depase $600, kèlkeswa kantite tranzaksyon an.

A. Yon antite règleman pèman (PSE) se yon antite ki fè pèman dapre yon tranzaksyon ak kat pèman oswa yon tranzaksyon rezo tyès. PSE yo ka yon antite nasyonal oswa etranje e yo kapab pran youn nan 2 fòm yo:

  • Òganis Règleman Tyès: Òganis santral ki gen obligasyon kontraktyèl pou peye benefisyè tranzaksyon rezo tyès yo.
  • Antite Akeran Komèsan: Yon bank oswa lòt òganis ki gen obligasyon kontraktyèl pou peye benefisyè tranzaksyon kat pèman yo.

A. Non. Yon chanm konpansasyon otomatize trete pèman elektwonik ant pati k ap achte yo ak pati k ap vann yo pa mwayen virman, chèk elektwonik, ak depo dirèk. Anplis, pa gen relasyon kontraktyèl ant chanm konpansasyonn otomatize a ak benefisyè yo. Kidonk, yon chanm konpansasyon otomatize pa kalifye kòm yon òganis règleman tyès e pèman ki fèt atravè rezo li a pa ka deklare dapre IRC 6050W.

A. Yo souvan rele li yon bank akeran oswa bank komèsan, yon antite akeran komèsan se bank oswa lòt òganis ki gen obligasyon kontraktyèl pou peye benefisyè tranzaksyon kat pèman yo. Antite akeran komèsan yo gen responsabilite pou yo deklare tranzaksyon kat pèman ki pou deklare yo.

A. Yon benefisyè se:

  • Tout moun ki aksepte yon kat pèman kòm mwayen pèman, oswa
  • Tout moun ki aksepte pèman ki fèt pa mwayen yon òganis règleman tyès an akò ak yon tranzaksyon rezo tyès.

A. "Montan brit" la vle di montan dola total tranzaksyon pèman ki dwe deklare yo pou chak benefisyè kèlkeswa ajisteman ki ta genyen nan kredi, ekivalan kach, montan rabè, frè, montan ranbousman, oswa nenpòt lòt montan. Montan dola chak tranzaksyon detèmine nan dat tranzaksyon an.

A. Yon founisè sante ki ap jere yon rezo medikal pa koresponn a definisyon yon òganis règleman tyès paske yo pa jere yon rezo peman ki pèmèt moun ki ap achte yo transfere lajan bay moum ki ap founi byen ak sèvis yo. Olye de sa, Founisè sante yo aksepte lajan sou fòm prim nan men konsomatè yo (anplwayè yo oswa moun ki nan plan asirans founisè a) pou bay konsomatè sa yo aksè a yon rezo founisè sante; apre sa, founisè sante a peye apa, pwofesyonèl medikal ki nan rezo yo a yon salè ki te deja fikse. Kidonk rezo sante yo pa òganis règleman tyès.

A. Non. Depatman kont kredi entèn ou ka peye yo pa koresponn ak definisyon òganis règleman tyès yo paske yo se metòd pwosesis pèman entèn. Yo pa yon tyès.