Prepare ou pou taks yo: Byen make resous ak zouti anlin ki sou sit IRS.gov w ap gen pou tilize anvan, pandan ak apre deklarasyon enpo

IR-2022-12, 13 janvye 2022

WACHINTONN — Jodi a, Sèvis revni entèn ankouraje kontribyab yo pou yo sèvi ak zouti ak resous IRS ki anlin yo pou kapab jwenn enfòmasyon yo gen bezwen nan kad preparasyon pou deklarasyon taks federal yo pou ane 2021 an, sa gen ladan tou etap espesyal enpòtan ki gen rapò ak pèman enpak ekonomik ak avans pèman kredi taks pou timoun.

Nou ankouraje kontribyab yo, espesyalman sa ki pa gen abitid fè deklarasyon taks yo, pou yo fè deklarasyon taks 2021 yo pa vwa elektwonik apati 24 janvye 2022. Itilize lojisyèl preparasyon taks oswa fè yon pwofesyonèl ki nan domèn taks nou ka fè konfyans gide ou nan pwosesis la, konsa wa evite fè erè. Deklarasyon enkonplè oswa ki pa kòrèk gendwa retade pwosesis la, sa ki ka lakòz tou ranbousman taks pa fèt a tan.

Komisyonè IRS Chuck Rettig fè konnen "Gen kèk etap byen senp yon moun ka itilize pou evite reta epi resevwa ranbousman byen rapid," "Chak fwa sa posib, li enpòtan pou ou evite fè deklarasyon taks sou papye. Fè deklarasyon elektwonik ak depo dirèk pito. Men sa ki pi enpòtan pase tout bagay la se asire w deklarasyon taks ou fèt ak enfòmasyon ki kòrèk. IRS ankouraje nou pou revize kèk konsèy byen senp ki ka ede nou evite pwoblèm epi jwenn ranbousman taks yo byen vit."

Sa a se nimewo twa (3) nan yon seri rapèl pou ede kontribyab yo prepare yo pou sezon deklarasyon taks k ap vini an. Nou mete ajou yon paj espesyal , ki disponib sou sit IRS.gov la, nan li nou bay tout etap kontribyab yo ka suiv kounye a pou pemèt yo reyalize deklarasyon taks yo byen fasil.

Zouti IRS.gov yo fasil pou itilize epi yo disponib 24 sou 24. Plizyè milyon moun sèvi ak yo pou ka jwenn enfòmasyon sou kont yo, jwenn repons pou kesyon ki gen pou wè ak taks oswa deklarasyon taks ak pèman taks.

Kredi ranbousman rekiperasyon / Pèman enpak ekonomik

Moun ki pa t kalifye pou resevwa yon twazyèm pèman enpak ekonomik oswa ki te resevwa pi piti pase montan konplè a gendwa elijib pou reklame kredi ranbousman rekiperasyon an. Yo ap bezwen konnen kantite total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo te resevwa a pou kapab kalkile bon montan kredi ranbousman rekiperasyon 2021 an lè yo ranpli lè yo ap fè deklarasyon taks 2021 yo. Sèvi ak montan pèman kòrèk yo ap ede evite reta nan pwosesis la sa ki ka lakoz ranbousman yo pa rive fèt a tan. Apati fen mwa janvye, IRS pral voye Lèt 6475 ak montan total twazyèm pèman enpak ekonomik ou te resevwa a. Nou kapab verifye pèman enpak ekonomik nou lè nou sèvi ak Kont Anliy ou.

Avans pèman kredi taks pou timoun

N ap bezwen konnen montan total avans pèman nou te resevwa an 2021 an pou konpare yo ak montan total Kredi Enpo pou Timoun nan nou gendwa reklame kòmsadwa lè n ap fè deklarasyon taks 2021 nou. Moun ki te resevwa avans pèman yo kapab ale sou kont anlin yo pou tcheke montan total pèman yo. IRS ap voye Lèt 6419 tou pou bay montan total avans pèman kredi taks pou timoun ou te resevwa an 2021 an. Fanmi ki elijib ki pa t resevwa avans pèman chak mwa an 2021 ka toujou jwenn tout pèman yo yon sèl kou, yo ap gen pou reklame kredi taks pou timoun yo lè y ap fè deklarasyon taks federal 2021 ane sa a. Sa gen ladann fanmi ki nòmalman pa bezwen fè yon deklarasyon.

Asistan taks entèaktif

Asistan Taks Entèaktif (an anglè) la kapab reponn kesyon lwa taks jeneral yo, tankou ede detèmine si yon kalite revni taksab oswa si yon moun elijib pou reklame sèten kredi ak dediksyon. Avèk chanjman nan revni ak lòt evènman lavi yo (an anglè) pou anpil moun an 2021, kredi yo ak dediksyon yo (an anglè) taks kapab sinifi plis lajan nan pòch yon kontribyab. Refleksyon sou elijiblite kounye a kapab rann reyalizasyon deklarasyon taks vin pi fasil.

Kont sou entènèt

Kontribyab yo ka itilize Kont Anliy yo pou yo kapab tcheke, nan yon mannyè ki sekirize, enfòmasyon enpòtan lè y ap prepare pou fè deklarasyon taks yo oswa pou yo fè swivi sou balans yo oswa avi yo. Kontribyab yo ka tcheke kantite lajan yo dwe, fè epi swiv pèman yo ak tout detay sou plan pèman yo. Kounye a, kontribyab yo kapab jere preferans kominikasyon yo san okenn sipò papye pou sèten avi ki soti nan IRS, oswa pou yo resevwa notifikasyon sou imel yo lè IRS voye yon nouvo avi dijital ba yo. Yo kapab jwenn tou enfòmasyon sou Pèman Enpak Ekonomik yo ak avans pèman kredi taks pou timoun ki nesesè yo nan sa ki gen pou wè ak reyalizasyon konplè deklarasyon taks ak enfòmasyon ki egzat. Kreye kont ou kounye a menm.

Kote ranbousman mwen an?

Kontribyab yo ka tcheke estati ranbousman yo lè yo sèvi avèk zouti Kote Ranbousman Mwen an? an. Estati a ap disponib nan lespas 24 èdtan apre IRS aksepte deklarasyon taks ou te fè anlin nan, oswa jiska kat semèn apre ou fin voye yon deklarasyon ki fèt sou papye a ale pa lapòs. Mizajou zouti kote ranbousman mwen an? fèt yon fwa chak 24 èdtan, jeneralman se lannuit sa fèt, konsa, se yon sèl fwa pa jou sèlman kontribyab yo bezwen tcheke.

Pare w pou w itilize depo dirèk pou ranbousman taks

Depo dirèk bay kontribyab yo aksè a ranbousman yo pi vit pase yon chèk sou papye. Moun yo ka sèvi ak yon kont bankè, kat debi prepeye oswa yon aplikasyon mobil pou itilize depo dirèk epi y ap gen pou bay nimewo rout ak tout nimewo kont lan. Aprann kijan pou ouvri yon kont nan yon bank ki asire nan FDIC (an anglè) oswa nan yon Zouti Lokalizatè Koperativ Kredi (an anglè) nasyonal. Veteran yo ta dwe gade Pwogram Sèvis Bankè pou veteran yo (an anglè) pou jwenn aksè ak sèvis finansye yo nan bank k ap patisipe yo.

Dekalrasyon gratis IRS

Tout moun ka reyalize deklarasyon taks yo nan fòma elektronik gratis. Apati 14 janvye, pwogram Deklarasyon Gratis IRS la, ki disponib sèlman sou sit IRS.gov oswa aplikasyon IRS2Go a, ofri pakè lojisyèl preparasyon taks ki gen gwo renome. Moun ki te touche $73,000 oswa pi piti an 2021 yo gendwa kalifye pou resevwa gratis lojisyèl preparasyon deklarasyon taks la. Lojisyèl la fè tout travay yo pou jwenn dediksyon yo, kredi ak egzanpsyon yo. Kèk nan òf deklarasyon gratis yo ka genyen nan li yon deklarasyon taks leta gratis. Kontribyab yo alèz nan ranpli fòm taks yo, yo ka itilize Fòm pou Ranpli Deklarasyon Gratis yo (an anglè) , vèsyon fòm elektwonik taks federal ki sou papye yo pou ranpli fòm taks yo sou entènèt, sa pa gen anyen pou wè ak revni yo.

Militè yo ak veteran ki kalifye yo ka itilize MilTax (an anglè) , ki se yon pwogram depatman defans ki jeneralman ofri preparasyon taks sou entènèt gratis ak lojisyèl deklarasyon anlin pou reyalize deklarasyon enpo federal ak jiska twa deklarasyon eta.

Sit preparasyon pou deklarasyon taks gratis

Pwogram asistans taks sou revni volontè IRS (VITA) ak pwogram konsèy taks pou vye granmoun yo (TCE) ofri èd fiskal gratis ak deklarasyon anlin pou kontribyab ki kalifye yo.

Chwazi yon preparatè

IRS gen plizyè opsyon pou jwenn yon preparatè taks. IRS bay yon baz done sou entènèt pou ede kontribyab yo jwenn yon founisè deklarasyon elektwonik otorize (an anglè) nan zòn yo a ki ka reyalize deklarasyon taks pou yo nan fòma elektwonik. Chwazi yon Pwofesyonèl taks bay enfòmasyon sou sa ki gen pou wè ak chwa yon pwofesyonèl taks. Repètwa Moun ki konn Prepare Deklarasyon Taks Federal ki genyen Konpetans ak Kalifikasyon yo mande yo (an anglè) an ka ede kontribyab yo jwenn preparatè nan zòn pa yo ki gen sètifika IRS rekonèt, oswa ki gen yon papye ki sètifye yo reyalize avèk siksè yon pwogram sezon deklarasyon anyèl. Kontribyab yo dwe toujou sonje, depi yo fin sinye deklarasyon taks la, se yo menm ki responsab pou tout enfòmasyon ki nan li, se pa preparatè a.

IRS.gov/getready

Lyen ki mennen nan zouti sou entènèt, piblikasyon, ak lòt resous itil yo disponib sou paj Mete w Prè a. Pou plis enfòmasyon sou planifikasyon alavans, gade Piblikasyon 5348, Prepare Ou pou Deklare (an anglè)PDF and Piblikasyon 5349, Planifikasyon Fiskal sou Tout Ane a se pou tout Moun (an anglè)PDF .