Rapòte Peman bay Kontraktè Endepandan yo

Si w peye kontraktè endepandan yo, ou ka oblije ranpli Fòm 1099-NEC, Konpansasyon pou moun ki pa anplwaye, pou rapòte peman pou sèvis ou fè pou komès oswa biznis ou. Si yo ranpli kat kondisyon sa yo, ou dwe jeneralman rapte yon peman kòm konpansasyon moun ki pa anplwaye.

  1. Ou te fè peman an bay yon moun ki pa anplwaye w;
  2. Ou te fè peman pou sèvis komès ou oswa biznis ou (ki gen ladan l ajans gouvènman yo ak òganizasyon san bi likratif);
  3. Ou te fè peman an bay yon moun, patenarya, byen imobilye, oswa nan kèk ka, yon sosyete; epi
  4. Ou te peye benefisyè a omwen $600 pandan ane a.

Kòmanse ak peman yo te fè nan Ane Fiskal 2020, ou dwe itilize Fòm 1099-NEC, Konpansasyon Non Anplwaye (an anglè), pou rapòte peman konpansasyon pou moun ki pa Anplwaye (NEC) ki te deja rapòte nan bwat 7 sou Fòm 1099-MISC. Enstriksyon separe pou moun k ap ranpli/bay Fòm 1099-NEC yo disponib nan Enstriksyon pou Fòm 1099-MISC ak 1099-NEC (an anglè).

Si w ranpli Fòm 1099-NEC sou papye, ou dwe soumèt yo ak Fòm 1096, Anyèl Rezime ak Transmisyon Deklarasyon Enfòmasyon Etazini (an anglè). Si w ranpli plis pase yon kalite deklarasyon enfòmasyon sou papye -- pa egzanp, 1099-NEC, 1099-MISC, 1099-K, elatriye -- ou dwe prepare yon fòm 1096 apa pou chak kalite deklarasyon enfòmasyon. Fòm 1096 pa obligatwa pou ranpli elektwonikman.

Pou plis enfòmasyon, ale nan Enstriksyon pou Fòm 1099-MISC ak 1099-NEC (an anglè)PDF, Enstriksyon Jeneral pou Fòm 1099, 1098, 5498, ak W-2G (an anglè)PDF, ak Piblikasyon 1220, Espesifikasyon pou Depoze Fòm 1098, 1099, 5498 ak W-2G PDFMayetik oswa ElektwonikmanPDF (an anglè)PDF.

Yo rapòte konpansasyon yon rezidan etranje yo te peye e ki pa yon anplwaye sou Fòm 1042-S, Revni Sous Etazini pou Etranje ki Sijè a Prelèvman (an anglè). Yo ka egzije gen prelèvman ki fèt sou peman sa yo. Yo itilize yon Fòm 1042-T, Rezime Anyèl ak Transmisyon Fòm 1042-S (an anglè), pou transmèt Fòm 1042-S sou papye bay Internal Revenue Service.

Fòm 1042, Deklarasyon Anyèl Prelèvman Enpo sou Revni ki gen sous Ozetanini pou Moun Etranje (an anglè), dwe ranpli si Fòm 1042-S obligatwa. Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan prelèvman sou peman yo bay etranje ki pa rezidan yo, gade Piblikasyon 515, Prelèvman Enpo sou Etranje ki pa Rezidan ak Antite Etranje yo (an anglè) ak Piblikasyon 901, Trete Enpo Etazini (an anglè).

Kondisyon pou Ranpli Elektwonikman (E-File)

Yo te chanje règleman yo, yo bese limit la a 10 pou patwon yo gen obligasyon ranpli sèten deklarasyon enfòmasyon. Pa egzanp, pou seri Fòm 1099, yo oblije ranpli nan dat 1ye janvye 2024 oswa apre sa, règleman final yo – (an anglè).

  • Yo redui limit 250-deklarasyon ki te adopte nan règleman anvan yo, jeneralman yo mande pou deklaran 10 oswa plis deklarasyon nan yon ane sivil pou fè sa sou fòm elektwonik.
  • egzije deklaran yo pou yo rasanble prèske tout kalite deklarasyon enfòmasyon ki kouvri anba règleman an pou detèmine si yon deklaran satisfè limit 10-deklarasyon an epi yo oblije ranpli elektwonikman deklarasyon enfòmasyon yo.

Men fòmilè deklarasyon enfòmasyon yo dwe mete ansanm pou objektif sa a: Fòm 1042-S, seri Fòm 1094, Fòm 1095-B, Fòm 1095-C, Fòm 1097-BTC, Fòm 1098, Fòm 1098-C, Fòm 1098-E , Fòm 1098-Q, Fòm 1098-T, seri Fòm 1099, Fòm 3921, Fòm 3922, seri Fòm 5498, Fòm 8027, Fòm W-2G ak Fòm W-2.

Si w se yon anplwayè ki ranpli Fòm W-2 (an anglè), Deklarasyon Salè ak Enpo, nivo redui a (an anglè) aplike nan domèn sa tou. Anplwayè yo ta dwe ale nan Sèvis Biznis sou Entènèt (an anglè) Administrasyon Sekirite Sosyal la pou jwenn plis enfòmasyon sou depoze W-2 yo elektwonikman.

Ranpli Elektwonikman (E-File) Seri Fòm 1099 yo Bay IRIS

Sistèm Pòtay pou Resevwa Deklasyon Enfòmasyon Kontribyab (IRIS) (an anglè) se yon sistèm ki ofri yon metòd sou entènèt gratis pou kontribyab yo ranpli seri fòm 1099 yo elektwonikman. Sèvis depoze elektwonik gratis sa a sekirize, li egzat epi li pa mande okenn lojisyèl espesyal. Sa ka itil espesyalman pou nenpòt ti biznis ki, kounye a, voye fòm 1099 yo sou papye bay IRS. Atravè li yo ka soumèt ekstansyon otomatik yo, fè koreksyon epi redwi depans ki gen rapò ak ranpli sou papye. Portay Kontribyab la pèmèt ou antre done pou kreye Fòm 1099 swa lè w tape enfòmasyon an oswa lè w telechaje yon fichye .csv. Pou plis enfòmasyon gade Piblikasyon 5717, Gid Itilizatè Pòtay IRS (an anglè)PDF.  Kontribyab la ka kontinye itilize sistèm FIRE a (Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman) pou ranpli deklarasyon enfòmasyon w yo.

Ranpli Elektwonikman Avèk Sistèm FIRE

Yo fè sistèm Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman (FIRE) (an anglè) pou enstitisyon finansye yo ak lòt biznis pou depoze Deklarasyon Enfòmasyon Fòm 1042-S, 1098, 1099, 5498, 8027 oswa W-2G. Yo ka depoze Deklarasyon Enfòmasyon elektwonikman, sepandan, ou dwe gen lojisyèl ki ka pwodui fichye a nan fòma apwopriye a jan Piblikasyon 1220 egzije sa. FIRE pa bay yon opsyon pou ranpli enfòmasyon nan fòmilè elektwonik.

Èd ki Disponib pou Sistèm FIRE a

Èd pou ranpli elektwonikman disponib pou moun ki peye yo, ki soumèt yo, ak anplwayè yo, lè yo rele Operasyon Sèvis Teknik [Technical Sevices Operation] (TSO). Lè w rele, y ap ba w konsèy sou aspè teknik pou ranpli elektwonikman pa mwayen Sistèm Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman (FIRE), enfòmasyon jeneral sou rapòte deklarasyon enfòmasyon, ak referans pou resous oto-èd ak sijè lwa enpo sou IRS.gov.

Nòt: TSO pa bay asistans ak kalkil liy pa liy, oswa pou pwoblèm enpo ki trè konplike. TSO pa bay opinyon legal.
Pou jwenn èd ak deklarasyon enpo endividyèl ou a, al gade nan sou "Èd" nan paj akèy IRS.gov la. Pou demann ranbousman tanpri klike sou "Ranbousman" nan paj akèy IRS.gov la.

Ou ka kontakte TSO nan: