Yon pati enpòtan nan favorize pi gwo degre obeyisans volontè lakay kontribyab yo se ede yo konprann e akonpli responsablite taks yo, pandan nou fè yo aplike lalwa tou nan entegrite e san patipri pou tout moun. Atik sa a bay machasuiv jeneral ansanm ak kesyon kontribyab nan endistri kanabis/mariwana yo poze souvan.

I.R.C. § 280E ak Endistri Kanabis/Mariwana a

Biznis ki fè mariwana sikile an kontravansyon ak lwa federal oswa lwa leta yo soumèt a restriksyon Kòd Revni Entèn (IRC) seksyon 280E (an anglè). Kesyon ki Poze Souvan (FAQs) sou Endistri Kanabis la, nan lyen piba a, abòde egzijans ki an rapò ak deklarasyon taks federal ak rapò enfòmasyon ki espesifik pou kontribyab ki nan endistri sa a.

Deklarasyon Revni

Tout revni dwe takse e an jeneral li obligatwa pou kontribyab yo soumèt yon deklarasyon taks pou deklare revni sa a bay IRS. Anpil biznis nan endistri mariwana a resevwa lajan kach ke yo dwe deklare tankou nenpòt lòt fòm pèman. Konsilte Piblikasyon 334, Gid Taks pou Ti Antrepriz (an anglè), pou plis detay.

Opsyon pou Pèman Lajan Kach

Opsyon pou pèman lajan kach yo disponib pou kontribyab ki pa gen kont labank yo. IRS gen kèk Sant pou Ede Kontribyab ki asepte kach. Rele nan 844-545-5640 pou yon lokal tou pre w pou pran yon randevou. Piblikasyon 5435 (an anglè)PDF bay plis detay konsènan opsyon pou pèman an kach yo.

Gwo Sòm Lajan Kach

Tout moun nan yon komès oubyen yon biznis ki resevwa plis pase $10,000 kach (an anglè) nan yon sèl tranzaksyon ou byen nan lòt tanzaksyon ki mache ansanm, dwe soumèt  Fòm 8300, Rapò Pèman Kach ki Depase $10,000 yo Resevwa nan yon Komès oubyen yon Biznis (an anglè)PDF, nan 15 jou apre yo resevwa pèman an.

Estimasyon Pèman

Kontribyab ti biznis yo souvan bezwen fè estimasyon pèman taks yo chak trimès pou reponn ak obligasyon taks yo. Fòm 1040-ES, Estimasyon Taks pou Moun, se li yo itilize pou kalkile taks sa yo. Pèman Dirèk IRS ofri a se mwayen ki pi rapid e ki pi fasil pou fè pèman yo. Sistèm EFTPS Depatman Trezò a se yon lòt opsyon tou.

Achiv Dokiman

Bon dokimantasyon ede moun swiv pwogrè yon biznis, trase depans ak etabli evidans bagay ki rapòte nan deklarasyon taks yo. Yon bon sistèm dokimantasyon (an anglè) gen anndan l yon bilan tout tranzaksyon yon biznis. An jeneral, li pi bon pou anrejistre tranzaksyon yo chak jou.

Plis Enfòmasyon