Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo — Sijè A: Enfòmasyon Jeneral

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A1. Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo se premye peman 50 pousan estimasyon montan Kredi Enpo pou Timoun nan, IRS la fè, ke ou ka reklame kòmsadwa, nan deklarasyon enpo 2021 w lan. Si IRS la te trete deklarasyon enpo 2020 w lan oswa deklarasyon enpo 2019 ou a anvan fen mwa jen 2021 an, peman mansyèl sa yo te kòmanse fèt apati Jiyè epi yo te kontinye rive nan Desanm 2021, dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon sa.

Nòt: Montan peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo pat depann de Kredi pou Lòt Depandan yo, ki pa ranbousab. Pou plis enfòmasyon konsènan Kredi pou Lòt Depandan yo, gade Anèks 8812 IRS la (Fòm 1040), Kredi pou Timoun Kalifye y oak Lòt Depandan yo (an anglè).

A2. Jeneralman, anyen. Si ou te kalifye pou resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo dapre deklarasyon enpo 2020 w lan oswa deklarasyon enpo 2019 la (k ap gen ladan enfòmasyon ou te mete nan zouti Non-Deklaran an pou Peman Enpak Ekonomik yo sou IRS.gov an 2020 an, oswa nan Zouti Enskripsyon Non Deklaran Krdi Enpo pou Timoun nan an 2021), jeneralman ou te resevwa pèman sa yo otomatikman san ou pa t bezwen antreprann okenn aksyon adisyonèl.

Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te kòmanse an jiyè e yo te kontinye chak mwa rive desanm 2021; jeneralman dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon taks sou revni federal 2019 oswa 2020 w lan. Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan, men ou pa t resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, w ap kapab reklame tout montan kredi a lè ou depoze deklarasyon taks 2021 w lan.

Pou plis enfòmasyon konsènan kalifikasyon ak kòman yo vèse peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, gade Sijè B: Kalifikasyon pou Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun 2021 an epi Sijè E: Pwosesis Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun nan.

A3. Non. Menmsi ou te genyen $0 revni, ou te ka resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo si ou te kalifye.

Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te kòmanse an jiyè e yo te kontinye chak mwa rive an desanm 2021, jeneralman dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon taks sou revni federal. Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan, men ou pa t resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, w ap kapab reklame tout montan kredi a lè ou depoze deklarasyon taks 2021 w lan.

Pou enfòmasyon konsènan kalifikasyon an, gade Sijè B: Kalifikasyon pou Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun 2021 an.

A4. Si ou pa t kapab oswa pa t chwazi itilize Deklarasyon Gratis IRS la, oswa Fòmilè Deklarasyon Gratis pou Ranpli yo, pou w fè deklarasyon enpo 2021 w lan, genyen plizyè kalite preparatè deklarasyon enpo, ki gen ladan yo, ekspè kontab agreye, ajan ki enskri, avoka, ak lòt ankò ki kapab asiste ou pou fè deklarasyon w lan. Pou plis enfòmasyon konsènan sa yo ak lòt preparatè deklarasyon ki ka bon pou ou, vizite Ou bezwen yon moun pou prepare deklarasyon enpo w la?

Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun nan te kòmanse an jiyè e yo te kontinye chak mwa rive desanm 2021, jeneralman dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon taks sou revni federal 2019 oswa 2020 w lan. Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan, men ou pa t resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, w ap kapab reklame tout montan kredi a lè ou depoze deklarasyon taks 2021 w lan.

A5. Si ou te prefere pa resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun mansyèl yo paske ou t ap prefere reklame tout kredi a lè ou fè deklarasyon enpo 2021 an, oswa ou te konnen ou pa t kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun pou ane fiskal 2021 w lan, IRS la te bay yon opsyon pou dezenskri nan pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo atravè Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan (Child Tax Credit Update Portal, CTC UP).

A6. IRS la te kòmanse vèse pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo 15 Jiyè. Apre sa, pèman yo ap vèse pa mwa jis nan fen Desanm 2021.

Pou plis enfòmasyon konsènan kòman yo te vèse peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, gade Sijè E: Pwosesis Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun nan.

A7. Wi. An jen 2021, IRS la te voye ba ou yon Lèt 6417. Lèt sa ap enfòme ou sou montan estimasyon peman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo. Lèt sa ap endike tou, ki kote ou ka jwenn enfòmasyon adisyonèl konsènan pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo.

A8. Ou te kalifye pou pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo si ou te genyen yon timoun kalifye. Epi tou, oumenm — oswa konjwen w lan, si ou marye epi ou fè yon deklarasyon konjwen — dwe genyen kay prensipal ou nan youn nan 50 Eta yo oswa Distrik Columbia pandan plis pase mwatye nan ane a. Kay prensipal ou a kapab nenpòt kote ou rete regilyèman. Kay prensipal ou a kapab kay ou, apatman, kay mobil, refij, lojman tanporè, oswa lòt kote e li pa bezwen menm plasman fizik la nan ane fiskal la. Ou pa bezwen gen yon adrès pèmanan pou ou jwenn peman sa yo. Si ou pa nan kay prensipal ou a tanporèman akoz maladi, edikasyon, biznis, vakans, oswa sèvis militè, jeneralman yo trete ou tankou ou t ap viv nan kay prensipal ou a.

Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te kòmanse an jiyè e yo te kontinye chak mwa rive desanm 2021, jeneralman dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon taks sou revni federal 2019 oswa 2020 w lan. Si ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan men ou pa t resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, w ap kapab reklame tout montan kredi a lè ou depoze deklarasyon taks 2021 w lan.

Pou plis enfòmasyon konsènan kalifikasyon pou pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, ak Kredi Enpo pou Timoun nan jeneralman, gade Sijè B: Kalifikasyon pou Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun 2021 an.

Pou enfòmasyon sou kòman yo te ka redui Kredi Enpo pou Timoun ou an parapò ak montan revni w lan, gade Sijè C: Kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 an.

A9. Non. Sepandan, si ou pa byen rekonsilye pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk montan Kredi Enpo pou Timoun ou kalifye pou li a nan deklarasyon taks sou revni federal 2021 w lan, tretman deklarasyon w lan ap pran reta nan IRS la.

Pou plis enfòmasyon konsènan kòman pou rekonsilye pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk Kredi Enpo pou Timoun nan deklarasyon taks 2021 w lan, gade Sijè H: Rekonsilye Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun Ou yo nan Deklarasyon Taks 2021 W lan.

A10. Non. Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo pa revni e yo p ap deklare antanke revni nan deklarasyon enpo 2021 w lan. Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo se pèman avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 ane fiskal ou a.

Sepandan, montan total peman avans Kredi enpo pou Timoun yo ou te resevwa nan 2021 an se te sou estimasyon IRS sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 w lan. Si total pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo plis pase montan Kredi Enpo pou Timoun nan ke yo pèmèt ou reklame nan deklarasyon enpo 2021 w lan, ou ka genyen pou ranbouse montan aleksè sou deklarasyon enpo 2021 w lan. Parekzanp, si ou te resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou de (2) timoun kalifye ki deklare kòmsadwa sou deklarasyon enpo 2020 w lan, men ou pa genyen timoun kalifye ankò nan 2021 an, peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou te resevwa sou timoun sa yo ajoute nan enpo sou revni 2021 w la sof si ou kalifye pou pwoteksyon kont repeman. Pou plis enfòmasyon konsènan kalifikasyon pou pwoteksyon kont repeman an, ak kòman pou rekonsilye peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk Kredi Enpo pou Timoun ou an sou deklarasyon enpo 2021 w lan, gade Sijè H: Rekonsilyasyon Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo sou Deklarasyon Enpo 2021 w lan.

A11. Wi. An Janvye 2022, IRS la te voye Lèt 6419 pou ba ou montan total peman avans Kredi Enpo pou Timoun ki te vèse ba ou nan 2021 an. Tanpri konsève lèt sa konsènan peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk dosye fiskal ou yo. Ou ka bezwen refere ou ak lèt sa lè w ap fè deklarasyon enpo 2021 w lan.

Pou plis enfòmasyon konsènan lèt sa ak kòman pou rekonsilye peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk Kredi Enpo pou Timoun ou an nan deklarasyon 2021 w lan, gade Sijè H: Rekonsilyasyon Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo sou Deklarasyon Enpo 2021 w lan.

A12. Non. Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo pa kapab konte kòm revni lè y ap detèminen si oumenm oswa nenpòt lòt moun kalifye pou avantaj yo oswa asistans, oswa konbyen oumenm oswa nenpòt lòt moun ka resevwa, apati nenpòt pwogram federal oswa apati nenpòt pwogram lokal oswa Eta ki finanse an antye oswa an pati avèk fon federal yo. Pwogram sa yo pa kapab konte peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo kòm yon resous nan objektif pou detèminen kalifikasyon pandan 12 mwa pou pi piti apre ou fin resevwa l.

A13. IRS te bay sou IRS.gov yon Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun (CTC UP), ki te pèmèt ou mete enfòmasyon ajou avèk IRS la. Pòtal la pa disponib ankò, e IRS la te fin debouse pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo.

Si ou te depoze yon deklarasyon 2021, IRS la ap sèvi avèk enfòmasyon kont labank ou mete nan deklarasyon enpo w la pou l voye ranbousman w lan, si w genyen.

A14. IRS la te ankouraje tout moun pou yo veye anakè k ap eseye itilize peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo oswa Kredi Enpo pou Timoun nan kòm kouvèti pou vòlè enfòmasyon pèsonèl ak lajan. IRS la pa kontakte pa mwayen imèl, mesaj tèks, oswa medya sosyal yo pou mande enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè – menm enfòmasyon ki gen pou wè ak peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Epi tou, veye imèl ki genyen atachman oswa lyen ki di yo genyenn enfòmasyon espesyal konsènan peman avans Kredi enpo pou Timoun yo oswa ranbousman Kredi Enpo pou Timoun yo.

Si ou resevwa yon imèl sispèk ki sanble soti nan IRS, gade Sinyale Eskwokri ak Anak Anliy yo pou enfòmasyon adisyonèl.

A15. IRS la ap kominike materyèl adisyonèl ak enfòmasyon ki ka pataje fasilman atravè medya sosyal, imèl, ak lòt metòd. IRS ankouraje anplwayè yo, gwoup kominotè yo, benevòl yo, asosyasyon yo, gwoup edikasyon yo, ak tout lòt moun ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun, pou pataje enfòmasyon apwopo ekspansyon Kredi Enpo pou Timoun yo pou ane fiskal 2021 an. Ou kapab jwenn materyèl pou ou pataje nan Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo: Resous ak Gid (an anglè)

IRS la ap kontinye bay materyèl sou kòman pou reklame Kredi Enpo pou Timoun 2021, ansanm avèk tou, kòman pou rekonsilye pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk montan Kredi Enpo pou Timoun 2021 ou kalifye pou li a.

Pou plis enfòmasyon sou kòman pou rekonsilye pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk Kredi Enpo pou Timoun ou an nan deklarasyon taks 2021 w lan, gade Sijè H: Rekonsilyasyon Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo sou Deklarasyon Enpo 2021 w lan.

Debousman pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te kòmanse an jiyè e yo te kontinye chak mwa rive desanm 2021, jeneralman dapre enfòmasyon ki nan deklarasyon taks sou revni federal 2019 oswa 2020. Si ou pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan men ou pa t resevwa pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, w ap kapab reklame tout montan kredi a lè ou depoze deklarasyon taks 2021 w lan.

A16. Mizajou ki te fèt anvan 11 è 59 nan aswè, Lè Oryan, nan dat 29 novanm yo te reflete nan pèman mansyèl ki te debouse an desanm nan. Mizajou nan kantite timoun kalifye oswa kondisyon fiskal ta dwe fèt lè ou fè deklarasyon taks 2021 w lan.

*Dat ou ka fè chanjman yo Kisa w ka fè
 21 jen 2021
  • Gade si w kalifye
  • Anile enskripsyon nan peman yo
  • Gade yon lis ki gen peman w yo
30 jen 2021
  • Chanje enfòmasyon bank ou a pou yo ka kòmanse ak peman w yo nan mwa out la
20 out 2021
  • Chanje adrès ou
1ye novanm 2021
  • Fè chanjman nan revni ou
29 novanm 2021
  • Dènye dat pou aktyalize enfòmasyon yo nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou fè enpak sou pèman avans Kredi Enpo pou Timon nan ki debouse an desanm
  • Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan disponib an panyòl
(Pòtal Ajou a pa disponib ankò.)