Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo - Sijè F: Aktyalize Enfòmasyon sou Kredi Enpo pou Timoun ou an nan 2021 an

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A1. Premye pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te baze sou timoun ou te deklare pou Kredi Enpo pou Timoun nan deklarasyon enpo 2020 w lan (oswa deklarasyon enpo 2019 la, si deklarasyon enpo 2020 w lan pa t trete nan dat detèminasyon peman an pou tout peman mansyèl avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo).

Si ou pa t resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou yon timoun kalifye w ap deklare an 2021, ou kapab reklame montan total valab Kredi Enpo pou Timoun nan pou timoun sa lè ou fè deklarasyon enpo 2021 w lan.

A2. Apati jiyè 2021, IRS la te kòmanse fè peman avans mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo pou kontribyab yo. Pou anpil kontribyab, montan Kredi Enpo pou Timoun 2021 an te ogmante tou, konpare ak montan Kredi Enpo pou Timoun 2020 an. Sepandan, peman avans total yo ka pi gwo pase tout ogmantasyon ki fèt nan kredi 2021 an, toudepann de sikonstans kontribyab la. Pou kontribyab nan sitiyasyon sa a ki pa t ajiste prelèvman taks sou revni ki fèt nan peman yo nan 2021 an (epi ki pa t dezenskri nan peman avans mansyèl yo), montan ranbousman taks yo resevwa nan 2022 a ka diminye, konpare ak ranbousman yo resevwa nan 2021 an, oswa balans yo dwe nan 2022 a avèk deklarasyon taks sou revni 2021 yo a ka ogmante, konpare ak balans yo dwe nan 2021 an. Kèk kontribyab ka chanje pou yo jwenn yon ranbousman an 2021 nan plas dwe yon balans nan 2022.

Pa konsekan, kontribyab ki resevwa yon ti ranbousman oswa ki te gen yon balans lè yo te depoze deklarasyon taks yo pou 2020 an nan 2021 an te ka dezenskri nan peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, te aktyalize Fòm W-4 yo a pandan y ap rantre yon montan adisyonèl pou yo prelve chak peryòd peman nan etap 4c nan fòm nan, oswa te fè peman taks estime chak trimès pou rès ane 2021 an.

Pou plis enfòmasyon sou kòman yo kalkile ak vèse pèman avans Kredi Enpo pou Timoun ou yo, gade Sijè D: Kalkil Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo, ak Sijè E: Pwosesis Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun nan.