Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo - Sijè J: Anile Enskripsyon nan Pèman Avans yo

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A1. Moun yo ka chwazi dezenskri pou sispann resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou plizyè rezon, Pa ekzanp, moun yo chwazi dezenskri paske yo te atann montan enpo yo t ap dwe a t ap pi plis pase ranbousman yo t ap tann nan lè yo fè deklarasyon enpo 2021 yo a.

Peman moun yo te resevwa yo se te yon avans Kredi Enpo pou Timoun nan yo t ap jwenn nòmalman lè yo fè deklarasyon enpo 2021 yo a. Paske yo te peye kredi sa yo davans, chak dola ki soti nan men yon moun ap redui montan Kredi Enpo pou Timoun moun nan pral reklame nan deklarasyon enpo 2021 li an. Sa vle di lè li aksepte peman avans kredi enpo pou timoun yo, montan ranbousman moun nan ka redui oswa montan enpo li dwe a ka ogmante.

Moun yo ka evite dwe IRS la enpo pandan y ap dezenskri nan pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo epi reklame kredi a lè yo fè deklarasyon enpo 2021 an.​​​​​