Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo - Sijè I: Rezidan sou Tèritwa Etazini ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A1. Non. Ou pa t kalifye pou resevwa yon peman avans Kredi Enpo pou Timoun nan, men ou ka kalifye pou reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pou timoun kalifye w yo sou Fòm 1040-PR 2021 (an anglè) w lan, Fòm 1040-SS (an anglè), oswa lòt fòm seri 1040 ki depoze nan IRS la. Pou enfòmasyon adisyonèl, tanpri vizite IRS.gov oswa gade enstriksyon pou Fòm 1040-PR oswa Fòm 1040-SS (an anglè)PDF oswa, si ou depoze yon lòt fòm seri 1040 nan IRS la, Anèks 8812 (Fòm 1040) (an anglè) ak Enstriksyon Anèks 8812 yo (an anglè).

A2. Montan maksimòm Kredi Enpo pou Timoun pou 2021 an te ogmante apati $2 000 pou rive nan $3 000 pou timoun ki nan 6 lane pou rive 17 lane yo oswa $3 600 pou timoun ki gen 5 lane ak mwens nan fen 2021 an. Ou ka rekame kredi ogmante sa menmsi ou pa gen revni oswa peye enpo sekirite sosyal Etazini yo. Yo te retire ekzijans pou genyen twa (3) timoun kalifye nan kòmansman 2021 an, e w ap bezwen sèlman yon timoun kalifye pou reklame Kredi Enpo pou Timoun nan sou

A3. Ou te ka kalifye pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk ajans taks teritwa Etazini w la. Tanpri kontakte ajans taks teritwa lokal ou a pou enfòmasyon adisyonèl sou tout peman avans ak lòt chanjman nan Kredi Enpo pou Timoun nan.

A4. Estati sitwayennte oswa rezidans nan Eta Asosye Lib yo, poukont li, pa ba ou dwa pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo oswa Kredi Enpo pou Timoun nan. Si kay prensipal ou a te nan 50 eta yo oswa Distrik Columbia a pandan plis pase mwatye ane a, ou ka kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan e ou ka kalifye pou yon peman avans kredi sa a ak IRS la.

Si ou se yon rezidan Pòtoriko, ou ka elijib pou Kredi Enpo pou Timoun nan ak IRS, men ou pa t kalifye pou peman avans kredi sa a.

Si ou se yon rezidan Samoa Amerikèn, Commonwealth Zile Maryana Nò yo, Guam oswa Etazini. Zile Vyèj yo, ou te ka kalifye pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk ajans taks teritwa Etazini w la. Tanpri kontakte ajans taks teritwa lokal ou a pou enfòmasyon adisyonèl sou tout peman avans ak lòt chanjman nan Kredi Enpo pou Timoun nan.