Deklarasyon Gratis IRS ak lòt resous ki disponib jiska 17 oktòb pou deklarasyon taks 2021 yo

Konsèy Fiskal COVID 2022-86, 6 Jen 2022

IRS raple kontribyab ki poko ranpli deklarasyon taks 2021 yo, yo ta dwe ranpli yon deklarasyon konplè epi egzat elektwonikman lè yo pare olye yo rete tann jiska 17 oktòb 2022, dat limit ekstansyon an.

Kontribyab ki dwe taks – ansanm avèk sila yo ki pa t mande yon pwolongasyon – epi ki poko ranpli yon deklarasyon taks 2021 ka jeneralman evite penalite adisyonèl ak enterè lè yo ranpli deklarasyon an pi vit posib epi peye tout balans yo dwe. Menm si yon kontribyab pa gen mwayen pou peye taks li dwe imedyatman, li ka toujou ranpli yon deklarasyon taks pi vit posib pou redwi penalite ki genyen yo. Yon pwolongasyon tan pou deklare se pa yon pwolongasyon tan pou peye taks yo(an anglè).

Anjeneral, moun ki chwazi pa ranpli yon deklarasyon taks paske yo pa t touche ase lajan pou yo te oblije ranpli, p ap resevwa yon penalite si yo dwe yo yon ranbousman. Men, yo ka pèdi yon ranbousman si yo pa deklare. Li poko ta pou kontribyab yo jwenn tout kredi taks pou timoun yo oswa pou yo reklame yon Pèman Enpak Ekonomik ki manke. IRS konseye moun ki toujou bezwen depoze yon deklarasyon taks 2021 pou yo deklare elektwonikman epi, si yo dwe yo yon ranbousman, pou yo chwazi depo dirèk.

Men kèk nan zouti ki disponib sou IRS.gov pou ede moun yo ak koze taks yo:

Gen kèk moun ki ka gen yon dat limit diferan pou depo deklarasyon taks yo:

Plis enfòmasyon

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)