Peye de tanzantan, Pou Ou Pa Dwe: Yon Gid pou Prelèvman, Estimasyon Enpo yo, ak Mwayen pou Evite Penalite Estimasyon Enpo yo

IRS la te wè yon ogmantasyon nan kantite kontribyab yo ki sijè a penalite enpo estime yo, ki aplike lè yon moun pa peye ase nan enpo yo. Montan penalite a varye men li ka plizyè santèn dola.

IRL la ankouraje kontribyab yo pou yo gade opsyon yo genyen pou yo ka evite penalite sa yo. Ajiste prelèvman sou chèk yo oswa montan pèman enpo estime yo a ka ede anpeche penalite yo. Sa a espesyalman enpòtan pou moun ki nan ekonomi ti travay la, moun ki gen plis pase yon travay ak moun ki gen gwo chanjman nan lavi yo, tankou yon maryaj ki sot pase oswa yon nouvo timoun.

Gen kèk konsèy senp pou ede kontribyab yo.

Fè prelèvman ase enpo oswa fè pèman enpo estime chak trimès pandan ane a ka ede w evite pwoblèm nan moman enpo.

Enpo yo se peye de tanzantan. Sa vle di ke ou bezwen peye pi fò enpo ou pandan ane a, lè'w ap resevwa revni, olye ke ou peye nan fen ane a.

Gen de fason pou peye enpo:

  • Prelèvman nan salè ou, Pansyon ou, oswa kek pèman gouvènmantal yo tankou Sekirite Sosyal.
  • Fè peman enpo estime chak trimès pandan ane a.

Sa ap ede ou evite yon bòdwo enpo sipriz lè ou soumèt deklarasyon ou. Ou ka evite tou enterè oswa yon penalite paske ou peye twò piti enpo pandan ane a. Òdinèman, ou ka evite penalite sa a lè w peye omwen 90 pousan nan enpo ou pandan ane a.

Poukisa ou ta dwe chanje prelèvman w lan oswa fè pèman enpo estime yo

Si ou vle evite yon gwo bòdwo enpo, ou ka bezwen chanje prelèvman ou. Chanjman nan lavi ou, tankou maryaj, divòs, travay nan yon dezyèm djòb, dirije yon biznis akote oswa resevwa nenpòt lòt revni san prelèvman yo kapab afekte montan enpo ou dwe. Epi si w ap travay kòm yon anplwaye, ou pa oblije fè pèman enpo estime yo si w gen plis prelèvman enpo nan salè w. Sa a ka yon opsyon ki pratik si ou gen yon travay akote oswa yon biznis a tan pasyèl tou.

Gen kèk revni ki pa sijè a prelèvman. Sa gen ladan'l kèk revni ki soti nan travay endepandan, ekonomi ti travay la oswa kèk aktivite lokasyon. Asire w ou fè pèman estimasyon enpo sou sous revni sa yo pandan tout ane a. Ou ka fè peman enpo estime yo tou si prelèvman sou salè w, pansyon w oswa lòt revni w yo pa kouvri enpo sou revni w pou ane a.

Ou fè peman estime ou yo selon revni ou espere touche yo ak tout kredi ou espere resevwa nan ane a. Ou ka itilize deklarasyon fiskal ane anvan ou an kòm yon gid epi Fòm 1040-ES, Estimasyon Enpo pou Patikilye yo kòm yon fèy travay ki pou ede w jwenn pèman ou yo.

Ou ka itilize peman enpo estime yo pou peye enpo sou revni ak enpo sou travay endepandan (Sekirite Sosyal ak Medicare).

Kilè ak kijan pou chanje prelèvman w lan oswa peye enpo estime yo

Tcheke prelèvman ou souvan epi ajiste li lè sitiyasyon ou chanje. Pou fè sa ranpli yon nouvo Fòm W-4 epi pote li bay patwon w lan. Estimatè Enpo sou Revni an se yon zouti ki itil.

Peryòd pèman enpo estime yo se:

  • 1 Janvye a 31 Mas - 15 Avril
  • 1 Avril a 31 Me - 15 Jen
  • 1 Jen a 31 Dawout - 15 Septanm
  • 1 Septanm a 31 Desanm - 15 Janvye ane ki vini apre a

Remak: Si dat limit sa yo tonbe nan yon samdi, dimanch oswa jou ferye legal, pèman yo dwe fèt pwochen jou ouvrab la.

Ou ka voye pèman enpo estime yo avèk Fòm 1040-ES. Pi bon ankò; ou ka peye anliy, pa telefòn oswa sou aparèy mobil ou lè l sèvi avèk aplikasyon IRS2Go. Vizite IRS.gov/payments pou w wè tout opsyon yo.

Lòt bagay ou ka twouve ki enpòtan tankou:

Piblikasyon Fiskal ak Fòm Konsènan Prelèvman ak Enpo Estime yo

Pwoblèm Enpo Estime pou Sitiyasyon oswa Kalite kontribyab Espesifik yo