Aplikasyon Mobil IRS2Go

IRS2Go se aplikasyon mobil ofisyèl IRS

Verifye sitiyasyon ranbousman pa ou, peye yon vèsman, resevwa èd pou preparasyon taks gratis, enskri pou ka jwenn konsèy taks ki itil, elatriye!

IRS2Go disponib an anglè ak Espayòl.

Telechaje IRS2Go sou aparèy pòtab ou

GET IT ON Google Play button

Download on the App Store button

Available at amazon button

IRS2Go ofri anpil karakteristik

Sitiyasyon Ranbousman

Sèvi ak IRS2Go pou verifye sitiyasyon ranbousman taks sou revni federal ou. Ou kapab verifye sitiyasyon ranbousman pa w la nan espas 24 rè aprè nou resevwa deklarasyon ou voye atravè e-file la, oubyen anviwon (4) semèn aprè ou poste deklarasyon taks sou papye ou te fè a.

Fè yon Pèman

Resevwa aksè fasil a opsyon pèman ki fasil sou pòtab tankou Pèman Dirèk IRS, ki ap ofri ou yon fason gratis, sekirize pou peye dirèkteman apati de kont bankè ou. Ou kapab peye sou kat kredi oubyen debi atravè yon sistèm tretman pou pèman otorize.

Èd nan Taks Gratis

Fè Deklarasyon Taks ou epi depoze li. Ou kapab jwenn aksè dirèk a lojisyèl taks GRATIS apati de telefòn pòtab ou pou kapab prepare epi deklare taks ou rapidman epi resevwa ranbousman ou. Oubyen, si ou prefere resevwa èd fas a fas, ou kapab jwenn yon lokal Volontè pou Asistans nan Taks sou Revni oswa Konsèy sou Taks pou Moun Laj Avanse ki pa lwen ou epi resevwa èd nan taks gratis. Pwogram sa yo disponib pou kontribyab ki ranpli deseri kondisyon.

Rete Branche

Suiv nou sou Twitter, LinkedIn ak Instagram, gade videyo itil sou YouTube, abòne pou resevwa Konsèy Taks IRS, ak plis toujou.