Skip to main content

Jwenn yon nimewo idantifikasyon Anplwayè

Sèvi ak zouti sa a pou jwenn yon EIN gratis, dirèkteman nan IRS nan kèk minit. Reponn kesyon yo epi soumèt aplikasyon an. Si li apwouve, nou pral bay EIN ou an touswit sou Entènèt.

Pran prekosyon nou ak sit entènèt ki fè w peye pou yon EIN. Ou pa dwe janm oblije peye yon frè pou yon EIN.

Ki jan sa fèt

  • Ranpli aplikasyon an nan yon sèl sesyon. Ou pa ka sere li pou pita.
  • Li ekspire apre 15 minit inaktivite, epi w ap bezwen rekòmanse.
  • Enprime lèt konfimasyon EIN ou an pou dosye w yo.

Ki moun ki ka sèvi ak zouti sa a

Sèvi ak zouti sa a si tout sa yo kòrèk:

  • Ou se yon òganizasyon domestik ki te fòme oswa kreye Ozetazini oswa nan teritwa Etazini yo.
  • Kote prensipal biznis ou a se Ozetazini oswa nan teritwa Etazini yo.
  • Ou se pati responsab (an anglè) ki kontwole antite a oswa reprezantan otorize li (an anglè).
  • Ou gen nimewo Sekirite Sosyal (SSN) pati responsab la oswa nimewo idantite kontribyab endividyèl (ITIN) li.

Ou pa kapab sèvi ak zouti sa a si youn nan sa yo aplike:

  • Si lokal prensipal biznis ou an andeyò peyi Etazini. Si se konsa, Aplike pa telefòn, faks oswa lapòs.
  • Ou ap aplike avèk yon EIN (sof si ou se yon antite gouvènman).

Sa ou bezwen

Jwenn yon EIN

Jwenn EIN ou dirèkteman nan IRS la nan kèk minit.

Aplike pou yon EIN (an angè)

Disponibilite

Zouti sa a disponib pandan lè sa yo (lè lès):

  • Lendi–Vandredi: 6:00 a.m. – 1:00 a.m. (jou kap vini an)
  • Samdi: 6:00 a.m. – 9:00 p.m.
  • Dimanch: 6:00 p.m. – 12:00 a.m.

Limit chak jou

Ou ka aplike pou sèlman 1 EIN pou chak pati responsab pa jou.

Lè pou jwenn yon EIN

Biznis, òganizasyon ak kèk fidisi (trust) retrèt bezwen yon EIN pou jere enpo yo.

Anjeneral, ou bezwen yon EIN pou:

  • Anboche anplwaye
  • Opere yon patenarya oswa yon sosyete
  • Peye enpo lavant ak enpo dwa dasiz
  • Chanje estrikti biznis oswa pwopriyetè
  • Administre sèten fidisi (trusts), plan retrèt ak byen imobilye yo

Si w ap kreye yon sosyete (corporation) oswa yon LLC, anrejistre antite w la nan biwovè sekretè deta a (an anglè) anvan ou aplike pou yon EIN. Si ou pa anrejistre antite w la nan eta a anvan, demann ou fè pou EIN nan ka pran reta.

Ranpli deklarasyon enpo (an anglè) ak rapò infòmasyon (an anglè) obligatwa yo avèk EIN ou a.

Si w genyen yon EIN ki egziste deja, gade ki lè pou w jwenn yon nouvo EIN (an anglè).

Lòt fason pou aplike

Si ou pa kapab aplike sou entènèt, chèche konnen kijan pou aplike pa telefòn, faks oswa lapòs.

Rapòte pwopriyetè benefisyè yo bay FinCEN lè sa nesesè

Gen kèk kòporasyon, konpayi ki gen responsablite limite, ak lòt antite ki ka oblije rapòte enfòmasyon sou pwopriyetè benefisyè yo (moun ki finalman posede oswa kontwole konpayi an) bay Depatman Trezò Finansye Rezo Ranfòsman Krim Finansye Etazini an (FinCEN). Chèche konnen si ou dwe rapòte pwopriyetè benefisyè yo (an anglè).

Rapòte Enfòmasyon sou Pwopriyetè Benefisyèl | FinCEN.gov (an anglè)